Mezanmi ki kote Desalin moun e ki lè l fèt?

1
1465

yon tèks Dr Jerry Gilles

Jedi 23 septanm 2021 ((rezonodwes.com))– An n pa bay Lanperè fo dat fèt. Lè leta lonje 20 septanm kòm fèt bòlèt bay Lanperè se manke l dega, e se ranse ak istwa peyi a. Mwen menm, mwen pa p pran l nan men leta. Sòf si li ta prezante evidans. Kanta prezan, nanpwen sa.

Mesye Dàm lasosyete, onore Papa Desalin chak jou, men pa konprann nou konn dat fèt li. Men si nou vle fete Papa Desalin, san kreye fo dat, nou ka fete nan dat Krèt-a-Pyewo, nan dat Vètyè, nan dat Pwoklamasyon Endepandans lan, nan dat fèt Endepandans lan, san konte nan dat yon pil lòt evenman enpòtan nan lavi Lanperè. Men nou pa dwe kreye fo dat fèt paske gen moun k ap pran dat la pou tout bon. Deja anpil sous modèn, tankou Wikipedia ranmase l kòm dat fèt Lanperè tout bon.

Lè nou lese konprann nou konn dat fèt Mèt Jan Jak, Gason Lagè Ogou Desalin, se lave nou lave figi Lafrans ki te trete Eritye Ginen kòm bèt ki pa t merite dat fèt nan achiv. Se pou mòd move tretman kon sa Desalin te revòlte. Lè nou kreye yon dat kareman, se manje nou manje nan rezon Revolisyon an. Kounye a atò, ki dat fèt nou pral bay Kapwa Lamò? Ki dat fèt nou pral bay Makaya, San Sousi,  Lamou Derans, Goman ak 150 mil Eritye Ginen ki te mouri pou n te leve lib ak tout dwa n pou konn dat fèt nou? An nou pa lave krim Lafrans ki te trete moun kòm bèt pou n manje rezon Revolisyon an, pou se nou k ap kreye dat bòlèt pou fèt Lanperè.

Gen bon rezon istorik ki fè nou pa konnen byen kote Desalin moun. Alepòk pifò moun sou zile a te fèt ann Afrik e se pou sa anpil gran lidè Revolisyon an pa t fè bri ak nasyonalite pa yo. Yo pa t vle soutni baryè etnik ki te ka kontrarye moun diferan nanchon suiv lòd yo. Kifè sa nou gen sou orijin Desalin se plis rapò jounalis ak rapò diplomat, rapò prizonye, rapò pè Katolik.

Regretan, Lanperè mouri anvan li te ka ba n testaman l. Nou pa gen rapò okenn mèt bitasyon kolon, ni rapò zanmi l, ni rapò okenn fanmi l sou orijin ni. Levasè ak Devo (Levasseur ak Devaux) kòm 2 prisonye Desalin te kenbe pou asire depa Wochambo, yo ekri di Desalin fèt ann Afrik. Edwa Kòbe (Edward Corbet) fè n konnen Anri Kristòf fèt Lagrenad epi Desalin fèt ann Afrik. Annapre, yon diksyonè Fransè pibliye nan lavil Lepzig (Leipzig) an 1806 pou l di Desalin fèt sou Kòt Lò Afrik la. An 1803 Lemonye Delafòs (Lemonnier Delafosse) ekri pou l fè n konnen Desalin te gen sikatris nasyonalite Afriken l kòm mak sou figi l. Nan menm epòk la, Evèk Moryèl (Mauriel) dekri visaj Desalin menm jan an. 

Plizyè moun, Desalin te bay entèvyou, di Desalin te fèt nan Ginen. Sa fè sans sitou paske pifò moun sou zile a te fèt nan Ginen. Sa ka esplike rezon Tousen Louvèti te chwazi l kòm bra dwat li. Petèt sa te fèt pou Tousen te ka gen pi bon rapò ak konbatan Afriken nan Revolisyon an e se yo ki te an majorite e se yo ki te gen eksperyans lagè tou. Se yo ki te plis konn manyen zàm. 

Nou pa okouran de okenn kolon ki te pote non Desalin (Des Salines). Men an 1791, Dapre rapò Asanble Kolonyal la, apre Bwa Kayiman te gen yon bitasyon ki te fè sèl, epi Revolisyonè yo te pran kontwòl bitasyon sa a. Sanble se Jan-Jak ki te chèf gwoup Revolisyonè sa yo. Bitasyon sa a te vin sèvi kòm Katye Jeneral li epi misye vin adopte non an kòm siyati l. Se jis nan ane 1881 konsa, Lasèlv (La Selve) vin met Desalin fèt lan Komye sou Bitasyon Diklo. Sanble Lasèlv te deklare sa paske Madyou te sèvi ak mo Komye a e ak Diklo sou menm paj lan liv li a, san Madyou pa t janm di Desalin fèt la menm, e Madyou pa t janm di Desalin te esklav Diklo non plis. Lasèlv te ka gen konplèks li kont Afriken tou e pou respè li te genyen pou Desalin, li te prefere prezante l kòm Kreyòl. M di sa, paske Lasèlv te felisite e li te dedye liv li a bay Wa Leyopòl II, yon Bèj ki reskonsab plis pase 2 milyon Mò lan peyi Kongo.

Kifè, moun pa ka di kareman Desalin te fèt Ayiti sitou paske alepòk pifò moun sou zile a te fèt nan Ginen. Non plis, nou pa ka di Des Salines se non yon ansyen kolon. Kanmèm, gen yon lòt rapò ki pale de Desalin ki t al chèche papye batiste l lè Tousen te mande tout gran chèf lame l la pou yo marye, pou yo pa viv nan plasaj. Alepòk se Legliz sèl ki te fè maryaj. Desalin t al devan otorite legliz pou papye batistè l dekwa pou l te ka marye nan legliz. Kòm batistè te konn menm bagay ak ak-nesans, sa vin fè kèlke ekriven pran sa kòm evidans Desalin te fèt sou zile a. Lè yo fè sa, yo neglije rekonèt anpil  moun ki te rantre sot nan Ginen te konn al batize tou granmoun. Eritye Ginen sou zile a te rele sa batèm-kanpe. 

Men mwen pa kwè lè Desalin di nan Pwoklamasyon Endependans la ke peyi sa a wè nesans nou, se deklare li deklare se Ayiti li fèt. Tèks Pwoklamasyon Endepandans la reklame Ayiti ni pou Kreyòl, ni pou Afriken. Se yon tèks ki ekri pou  jistifye reklame n ap reklame zile Ayiti a pou nou.

Nan koze fèt Desalin lan, nou pa konn ni jou, ni mwa, ni ane. Pou efè dramatik an 1881 Ega La Sèlv (Edgar La Selve) deklare san evidans lè kolon yo te touye Makandal an 1758 yon lòt towo gason te fèt. Men pawòl sa a te di tou senpleman pou montre Makandal mouri men li kite regle. Men sanble koze 1758 la te deja pran nan peyi a depi menm anvan Ega La Sèlv. Gen chante Vodou ki prezante Makandal kòm mèt tèt Desalin. Yo di Makandal te di Desalin pou l pa fè ale vini sou Pon Wouj, Desalin pa koute.

Mwen pa pretann mwen konn tout sa ki te janm ekri sou Desalin nan epòk li. Men, tout li mwen li sou Desalin, mwen poko janm kontre yo ekriven ki prezante evidans pou okenn dat fèt Lanperè e mwen sispèk ou pa gen okenn evidans non plis. Si w gen evidans pou dat fèt Desalin ki date nan epòk Desalin, tanpri prezante l. Si w pa gen sa, tanpri pa bay Lanperè okenn fo dat fèt bòlèt.

Lè nou chwazi yon dat, men dat nou chwazi a konsekan. Pa egzanp, moun Nago te fè seremoni pou chwazi non tibebe sou 9 jou apre yo fèt. La a menm, si Lanperè pa t fete 29 septanm, sa di kichòy. Sa lese konprann Lanperè pa t Eritye Nago oubyen li te rejete Eritaj Nago l. Koze kon sa konsekan sou istwa sosyal peyi a e sou atitid Lanperè devan diferan aspè Eritaj Ginen an. Tout sa se rezon pou n pa bay Lanperè kenbe fo dat fèt.

M ap kanpe la pou fè yon lòt pòs sou ki mòd rechèch nou ka fè pou n ta konn ki kote Desalin fèt ak nan ki epòk li fèt tout bon.

Dr Jerry Gilles 

1 COMMENT

  1. Lan tout liv blan ak Britanika, Dessalines fet en Afrik de l’Ouest. Les assassins ne se soucient pas de leurs victimes, donc, c’est clair qu’ils ne savaient pas sa date de naissance, quand bien meme il venait de liberer des bossales de l’esclavage. Aujourd’hui nous avons un ignorant docteur raté qui vient nous raconter qu’il est ne le 29 septembre. Ces affairistes ne rendent pas compte que quand on passe une vie a voler, a piller dans la corruption, le cerveau aussi devient corrompu. J’espere qu’on ne tiendra pas compte des demarches de cet imbecile et ignorant d’Ariel Henry

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.