Danje ! Eleksyon 2021 avèk Jovenel Moise : « Yon katastròf anonse ke Ayiti dwe evite », dapre konsiderasyon teknik yon ansyen Konsiltan nan KEP

0
892

Le psychologue haitien Jean Samieux St Fleur, ancien consultant au Conseil Électoral Provisoire, tire la sonnette d’alarme et répète à qui veut l’entendre et comprendre que les élections générales de 2021, avec le dictateur Jovenel Moise : c’est « la chronique d’une catastrophe annoncée », et il voudrait à partir d’une longue réflexion et analyse, prier les haitiens de ne pas renoncer aux moindres efforts d’empêcher les conzés [Jovenel Moise, Michel Martelly, Claude Joseph, Mathias Pierre, Léon Charles, Bocchit Edmond, « le 4e PM de facto à venir », UNOPS, Ti rès Sena-a, CEP-Dermalog, Joseph Lambert, Dieuseul Desras Simon…] accomplir leur forfait.

Jean Samieux St Fleur, Sikològ, Ansyen Konsiltan nan Konsèy Elektoral Provizwa (KEP). Pale Eleksyon nan Peyi dAyiti nesesite yon Istorisite tankou : Tout Eleksyon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) rive fè depi 1987-2016, wòl Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI), wòl Regis Elektoral la (RE) jwe nan Eleksyon, Kantite moun ki te vote nan kat (4) dènye Eleksyon yo, Kantite moun ki ta dwe vote nan Elekson 2021 yo, Katografi Elektoral la, Sitiyasyon sant vòt yo, Anvironman sant Vòt yo ak Lojistik pou Eleksyon yo.

Apre nou fin gade tout paramèt sa yo nap wè si li pa tap pi enpotan pou Ayiti ta evite katastròf Elektoral 19 Septanm kap vini la?

Mercredi 12 mai 2021 ((rezonodwes.com))–

Ayiti se yon Peyi ki konnen anpil moman ki boulvèsel nan Istwa Politik li tankou : Nominasyon, Koudeta, Proklamasyon, Eleksyon elatriye. Soti 1957 rive 1986 se Oganis Jesyon Elektoral Gouvenmantal (OJE) ki te sou lobedyans Ministè Enteryè ki te konn òganize Eleksyon nan Peyi a. Apre depa Ansyen Diktaktè Jean Claude Duvalier, Konstitiyan yo te antann fòk gen yon Enstans Endepandan ki pou fè Eleksyon yo.

Nan konstitisyon 1987 la yo te prevwa yap kreye yon Konsèy Elektoral Provizwa ki te dwe la sèlman pou te òganize premye Eleksyon Demokratik yo ki te dwe kite plas li pou yon Konsèy Elektoral Pèmanan malerezman li poko janm rive tabli.Konsèy National Gouvenman (KNG) te piliye yon arete 21 Me 1987 se premye fwa Ayiti te pral gen yon Enstans endepandan pou òganize Eleksyon lib ak demokratik nan peyi a.

Depi Endepandans nou an 1804, Ayiti pral konnen premye Eleksyon Demokratik li an Novanm 1987 ki te pral avòte ak yon masak nan Riyèl Vayan. Depi lè sa nou rantre nan yon Tranzisyon ki pa janm fini pliske nou toujou ap fè Eleksyon pike kole, poun repete Claude MOISE. Poutan, objektif la daprè konstitisyon 1987 la se poun te ka gen yon lòt Leta.

Depi 1987, pou anpil rezon, Klas Politik la, tout tandans ki ladanl yo ak tout Aktè isit kou lotbò dlo pa rive fè dekole Nouvo Rejim Politik la nan Operasyon Elektoral ki reyisi vre.Dezyèm Eleksyon yo pral fèt 17 Janvye 1988 kote pral genyen yon koudeta an Jen 1988 ki pral efase ak yon lòt koudeta nan menm ane a. Pral gen yon Protokòl Akò ki siyen ak Asanble Konsètasyon an, yon Rasanbleman pou Sikonstans lan ki tap batay kont Koudeta a ki fome ak yon Ansanm Oganizason Politik tankou KONAKOM, ANDP, PDCH, PUCH ak yon goup Onè ak Respè Konstitisyon an ki te anime ak Pè Antoine Adrien, yon moun ki te trè aktif nan Mouvman Demokratik yo ki pral jwenn demisyon Jeneral Avril 10 mas 1990 kote yo pral fòme yon Gouvènman Provizwa ki pral dirije ak Jij Ertha Pascale Trouillot, 13 Mas 1990.

Pral gen yon Twazyèm Eleksyon 16 Desanm 1990; Eleksyon jeneral sa ki pral reyisi avèk Patisipasyon yon Ansanm Pati Politik men ki pat fini. – Malgre sa, nou pral gen yon lòt koudeta 30 septanm 1991 kont Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide.Katriyèm Eleksyon yo pral fèt nan lane 1995 pou renouvle Chanm Depite, 2/3 Sena, Kolektivite Teritoryal ak Prezidan. Eleksyon sa fèt sou tout lane 1995 lan men san patisipasyon Opozisyon an nan 2e tou akoz dezakò yo te genyen ak Lavalas.

Senkyèm Eleksyon yo pral fèt Me 2000 kote Opozisyon an rasanble nan Konvèjans Demokratik ak Kominote Entènasyonal la pat dakò ak rezilta Eleksyon sa yo. Konsekans Eleksyon sa yo pral peze anpil sou Prezidans Aristid la kap chèche Lejitimite kote plizyè misyon OEA pral vini, prèske yon ventèn sòti 2001 pou rive 2004, 29 fevriye 2004 Jean Bertrand Aristide kite peyi a anvan fen manda l la.

Sizyèm Elekyson yo pral fèt an 2006 kote Konsèy Elektoral Provizwa (KEP) pral eli Rene Preval san pa gen 2e tou poutan pou anpil moun 2e tou a te dwe fèt ant Preval ak Manigat. Men, preval reyisi fè manda a konplè menmsi li rive fè yon Eleksyon ki se Setyèm Eleksyon an 2010 ak anpil difikilte ki te pral paralize peyi a pandan yon pil tan avan USA vin di se Michel Martelly ki prezidan. Uityèm Eleksyon yo pral fèt 2015 kote gen yon eskandal koripsyon, vòt zonbi sou Gouvènman Martelly a nan sousi pou te met Jovenel Moise Prezidan. Opozisyon an pral kanpe pou di non, kote yo kreye G8 (8 Ansyen Kandida ki te vini apre Jovenel yo).

Mobilizasyon sa pral pèmèt Eleksyon sa pa fini kote te pral gen yon lòt Prezidan Provizwa ki pral eli nan yon Eleksyon 2em degre ki fèt nan Sena.Apre yon Akò ak tout Aktè yo, Prezidan Provizwa pral nome yon Konsèy Elektoral epi kreye yon Komisyon Verite ki pral mande pou anile tout Eleksyon ki te fèt yo.Sou Sis (6) kenkena (1987-2016) yon sèl Eleksyon, 2e manda Preval la (2006-2011) kote tibilans politik yo te epaye, malgre te gen gwo mobilizasyon kont grangou kloròks. Poutan nou konnen pou piti 21 Konsèy Elektoral Provizwa soti 1987 pou rive 2021 ki rive fè 8 Eleksyon ki akseptab. Sepandan, aktè Politik yo ak sosyete Sivil la souvan kolabore nan deziyasyon manm yo.Konsèy Elektoral Pwovizwa Jiyè 2020 an se sèl KEP ki moute san okenn konsansis ant aktè politik yo ak Sosyete sivil la kote tout moun ki ladanl yo reprezante pròch pouvwa a.

Dayè menm sèman Lakou Kasasyon pat pèmèt yo prete pliske li estime yo mal nome. Anplis, Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif pa dakò siyen kontra ak yo pliske yo estime dosye yo pa konplè. Pou anpil moun se kondisyon materyel egsistans yo yal Chanje men se pa sosyete a yo al itil vre pliske chak konseye Elektoral koute leta yon fòtin, swa 1 milyon 630 mil goud ak 500 dola meriken chak mwa ki repati konsa:Salè mansyèl: 240 000 goud Pèdièm anndan peyi a: 15 000 goud Pèdièm lotbò: 500 dola merikenFrè divè: 80 000 goudFrè kabinè 600 000 goud si konseye a pa nan biwoKat telefòn: 25 000 goudGaz: 25 000 goudPrim ris: 45 000 goudFrè mansyèl :600 000 goudMalgre sa, yo kwè yo ka avanse nan projè yo a.Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) se yon projè ki te rive reyalize an 2005.

Gouvènman enterimè a te deside mete sou pye yon sistèm Jesyon Idantifikasyon Nasyonal. Kat Idantifikasyon Nasyonal lan te gen plizyè Aplikasyon : li te yon kat idantifikasyon, yo te itilize l pou vote, li te vin pran plas kat idantifikasyon fiskal DGI te konn bay la. DGI bay konnyea matrikil fiskal.Selon IHSI, chak ane peyi a konnen pou pi piti 240 mil nouvo Sitwayen, Sa vle di moun ki gen laj pou vote. ONI la poul fè kat ki pèmèt moun vote.

Men koman prosesis la ye :Konsèy Elektoral la ekri ONI li mande l poul voye Regis Elekoral la pou li. Regis Elektoral la fèt ak yon ansanm done yo retire nan Regis Idantifikasyon ONI an epi yo voye l bay KEP a. Regis sa fèt ak non, siyati , nimewo idantifikasyon, kote moun lan fèt ak kote l rete.Tout Elektè KEP a ap enskri sou lis Elektoral la dwe fèt pou pi ta 90e jou avan Eleksyon yo.

Sa vle di si ap gen Eleksyon 19 Septanm 2021 moun yo dwe fin enskri 19 Jen, pase delè sa, Regis la femen, KEP a paka enskri okenn moun ankò.

Tout sitwayen, pou yon rezon oubyen yon lòt ki deside chanje kote yo konn vote gen pou devwa ale nan biwo Regis Elektoral la poul bay kotel vle vote a pou yo fè sa pou li.Konnyea depi KEP a fin gen Regis Elektoral sa li prepare yon lis Elektoral Jeneral (LEG) ki gen Non ak siyati moun kap vote yo ak lis Elektoral chak komin (LEK), chak Seksyon Kominal (LESK) Sant Vòt (LEKV) ak Biwo Vòt (LEBV).

Nan Eleksyon 2000 yo te gen 3 959 571 moun ki te sou lis Regis Elektoral la, pou lane 2010 te genyen 4,5 milyon Elektè, pou 2015 nou te gentan nan 6 milyon Elektè epi sin kondidere chak ane nou gen 240 mil nouvo sitoyen selon IHSI pou jodya nou ta dwe genyen ant 7 à 7,5 milyon moun ki gen laj pou vote.Men kantite kat Idantifikasyon Nasyonal ONI bay deja pou tout Peyi a jiska 30 Avril 2021 :Sid : 238 881, Sidès : 169 715, Lwès 1 419 65, Nodwès : 198 945, Nò : 300 587, Nodès : 158 099, Grandans : 140 087, Nip : 95 248, Sant : 210 070, Amerik : 143 ki bay yon total 3 226 289 kat idantifikasyon inik.

Nan yon Konsèy Minis nan mwa Avril 2017 projè lwa pou fè kat sa yo te adopte. 4 lane apre ONI poko livre mwatye nan kantite kat yo ta dwe bay la. Sa vle di gen mwens moun ki gen kat pou vote nan Eleksyon 2021 yo ke Eleksyon 1990 yo. Kisa katografi Elektoral la ye ? Se mwayen KEP a itilize poul fè dekoupaj Elektoral, fason yo dekoupe teritwa an Sikonskripsyon Elektoral ki yo menm etabli sou yon espas ki kouvri :

a) Ansanm Teritwa Nasyonal la pou Eleksyon Prezidan yo.
b) Depatman pou Senatè yo.
c) Kolektivite Minisipal pou Depite yo.
d) Komin pou Majistra.
e) Sant vil pou Delege vil.
f) Seksyon kominal pou Kazek ak Azek.

Nan koze Eleksyon gen 42 Awondisman ki repati an 119 Sikonkripsyon Elektoral. Lwès gen pou kont li 5 Arondisman Elektoral:

Akaye, Lagonav, Lewogàn, Kwadèboukè ak Pòtoprens ki yo menm gen 21 sikonskripsyon Elektoral.1è Sikonskripsyon – zòn nò Pòtoprens gen :

La Salin, Wout Delma (kote Sid jiska Delma 2) kote Wès Kriswa, Miso, Boudon, kote Nò Avni John Brown, Lali (kote nò); Plas Maron Enkoni, Ri dè Kazèn.

2èm Sikonskripsyon – zòn Ès Potoprens gen : Boudon (kote sid), Kanapevè, Bwa patat, Pako, Kafou Fèy, Lali (kote sid), Ri Monseyè Giyou (kote mòn lopital).

3èm Sikonkripsyon – zòn sid gen : zòn ri Dèkazèn, (kote Sid Monseyè Giyou (kote pòtay Lewogàn), Bòlòs, Breya, Matissan, Soudal jiska fontamara 43.1e, 2em ak 3em Sikonskripsyon Elekoral Pòtoprens gen pou piti 60 Sant Vòt.Petyon vil gen 25 Sant Vòt.Taba gen 11 Sant Vòt.

Delma gen 38 Sant Vòt. Kwadèboukè gen 27 Sant Vòt. Site Solèy gen 8 Sant Vòt. Kafou gen 43 Sant Vòt.Gantye gen 12 Sant Vòt.Tomazo gen 10 Sant Vòt.

Nou pran kèk komin ki parèt a klè ki dirije pa yon ansanm Gwoup Ame epi kap teworize Popilasyon a tankou : G9 dirije 1e,2e,3e sikonskripson. 400 marozo dirije Gantye, Tomazo, Kwadeboukè. Isca dirije Site Solèy, ISSA dirije Taba, Ti Grèg dirije Petyon vil elatriye. Depatman lwès la gen 384 Sant Vòt (CV) egal 2 560 Biwo Vòt (BV) ki reprezante 30 % Elektora Nasyonal la ki vo 6 Depatman Elektoral tankou : Nip, Grandans, Nodès, Nodwès, Sant ak Sidès pliske Lwès se Depatman moun toujou plis vote depi nan Eleksyon demokratik 1990 yo .

Depi nan Eleksyon 2000 yo Konsèy Elektoral Provizwa a (K.E.P) te gen yon ansanm Sikonskripsyon Elektoral yo te konsidere tankou zòn wouj paske te kòmanse gen gwo problèm ki rive kote sa yo. Chak Eleksyon ki rive li vin pi grav. Nan Eleksyon 2010 yo problèm yo te pi grav tankou boule BEK, boule CV kote gen kèk zòn ki pat menm gen reprezantan tankou Sikonskripsyon Elektoral Abriko/Bonbon nan lane 2010. Gen lòt Sikonskripsyon Eleksyon yo te oblije refèt, genyen ki te oblije tann rapo CIEV la tankou :

Monben Kwochi, Pilat, OBòy, Tèrye Wouj, Kanperen/Manich, elatriye.

Lè n konsidere Lojistik Eleksyon yo se sou kont UNOPS yo te ye ak sipò MINUSTA ki te bay anpil problèm akoz jesyon bilten yo ki pat fèt byen. Leta te oblije bay Polis Nasyonal la responsablite sa malgre li tap viv moman difisil nan feblès ak enpwisans li fas ak bandi poutan jodia sa pi mal.

Lè n konsidere enstans ki la pou deside sou tout konfli ki genyen nan Eleksyon yo depann Biwo Kontansye Elekroal Kominal (BKEK), Biwo Kontansye Elektoral Depatmantal (BKED) ak Biwo Elektoral Nasyonal (BKN) sa vle di nan tout kontestasyon yo ap gen pou piti yon manm swa BEK, BED ou KEP kap sieje pou tranche sou kontestasyon yo. Poutan, tout Klas politik la ak sosyete sivil la konteste tout manm BEK, BED ak KEP.

Lè n konsidere gagòt ki te fèt nan Eleksyon Preval la nan deloje Sant Vòt Site Solèy pou te metel sou pis nan Building 2004 la pliske espas sa pat ka pran tout 36 Biwo Vòt yo epi moun yo tap soti lwen. Nou rann kont delokalize Sant Vòt yo pap pèmèt problèm lan rezoud okontrè li se yon lòt sous problèm. Mete sou sa, ONI pap gentan bay menm 60 % nan Kat Elektoral yo nan lantè li genyen pliske depi 4 an li pat fè mwatye kat sa vle di se pa nan 2 mwa lap ka bay rès yo.

Lè n kondidere gen pou pi piti 10 komin nan Lwès la kote kandida pap ka fè kanpay akoz gang ki achte zòn sa yo lajan kontan. Anplis, rekritman pou pèsonel vakatè yo fèt nan fènwa total poutan se moun sa yo ki premye may nan chèn Eleksyon an. Nou kwè menm bagay yo pral repete tankou : moun vote plizyè fwa, anpil moun pral vote sou pwosè vèbal ki pral bay yon vag protestasyon.

Lè n konsidere Swa nap gen yon Peyi ki pral dirije ak anpil prezime gang ki pral vin legal epi ki pral benefisye iminite pòs la bali epi li plis posib pou Eleksyon yo kraze ki pral debouche sou yon lòt kriz kote menm sitiyasyon sa yo pral kontinye. A mwens ke Eleksyon yo ta fèt san depatman Lwès menmsi nou konn anpil Depatman ki gen menm problem yo tankou; Latibonit, Nò elatriye. Poutan, nou konnen anpil Sektè nan Opozisyon an pap mache nan lojik Eleksyon jan peyi a ye la dayè yo pa rekonèt KEP sa ki pral debouche sou menm kriz 2000,2015 yo.

Pou tout rezon sa yo Nou kwè Ayiti dwe kanpe tankou yon sèl moun pou evite katastròf sa ki anonse 19 Septanm kap vini la.

Bibliografi :
1) Un pas en avant, Deux pas de côté. Chronique des années 2004-2008, Claude MOISE.
2) Baz done Regis Elektoral.
3) Alter presse, publié 1er Feb 2006.
4) HL/Haïti Libre5) Contribution aux réflexions portant sur l’institutionnalisation du Conseil Électoral Permanent en Haïti.

Sous la direction de Me Woldson Bertrand.

Jean Samieux St Fleur, Otè
Téléphone : 34 77 78 56

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.