Kloti mwa kreyòl : Rektè Inivèsite Leta Ayiti a, pwofesè Fritz Deshommes, mande pou lang kreyòl la antre pi fon nan Lajistis
Nan « Marriott Hotel », jedi 26 oktòb 2023 a, Akademi Kreyòl Ayisyen selebre davans 40èm Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl epi klotire seri aktivite Mwa kreyòl li te tanmen depi 6 oktòb. Nan mitan anbyans kote plizyè atis ak gwoup t ap deplòtonnen fwi talan ak kreyativite yo, diskou rektè Inivèsite Leta Ayiti a, pwofesè