Ministè Agrikilti demanti rimè ki di li mande kanpe travay sou kanal Rivyè Masak la

0
9

Not pou Laprès

Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak DevlopmanRiral (MARNDR) sezi aprann nan laprès MinisAgrikilti a ta pataje ak Dominiken yon dokimansekrè ki ta bay Prezidan Dominiken an rezon sou pozisyon li pran nan dosye konstriksyon RivyèMasak la.

Ministè ap pote yon demanti a rimè sa ki pa chita sou pyès fondman.

Ministè a pwofite fè opinyon piblik la konnen li toujou defann pozisyon ki ale nan enterè peyizan ak agrikiltè nan Plèn Maribawou. Se pou rezon sa, nan tout reyinyon ministè a toujou defann dwa pou peyi Dayiti benefisye egal a egal resous peyi a pataje ak vwazen dominiken.

Nan sousi sa, ministè Agrikilti gentan prandispozisyon a travè Direksyon Depatmantal Nòdèspou li akonpaye chantye konstriksyon Kanal la, menm jan Gouvènman an te mande l nan Deklarasyon jou ki te 13 sektanm lan.

Ministè a deside pou akonpaye travay konstriksyon Kanal la yon fason pou li reponn ak nòm teknik yoepi tou pou li pa gen okenn enpak sou lavi moun akplantasyon nan Ba Maribawou.

Ministè a toujou rete disponib pou li chita ak tout sektè kikonsène nan konstriksyon Kanal pou yon pibonplanifikasyon chantye yo. San nou pa bliye mobilizasyon se ekspresyon solidarité ak patriyotis yon popilasyon ki montre lemondantye Ayiti se yon Nanchon granmoun, nap di :

WI FÒK KANAL LA FÈT

WI FÒK GEN JEFÒ KI FÈT POU DLO RIVE KÒM SA DWA NAN KANAL YO

WI SE NAN SOLIDARITE AK TÈT ANSANM POU TÈ MARIBAWOU RIVE WOUZE.

SE TE YON MESAJ MINISTE AGRIKILTI RESOUS NATIREL AK DEVLOPMAN RIRAL

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.