Raoul Gérard : AYITI KOUPE FACHE #17

0
629

Raoul Gérard : AYITI KOUPE FACHE #17

 Jounen jodiya gen yon nouvo pwojè lokipasyon. Chak gout san moun gang pouvwa PHTK ak boujwazi a fè koule ap sèvi pou jistifye plan makab sa. 

Nou menm nan Koupe Fache n ap denonse ak tout fòs nou gwo represyon, masak gang atoufè ap fè sou pèp la nan Kafoufèy, Kwadèboukè, Kanaran, ak Tabar nan moman an. Vagabon asasen sa yo pa ezite itilize gwo zam fannfwa sou yon pèp san defans. Malgre anpil moun ap fè demann pou lapolis bay yo pwoteksyon, leta souflantchou rejim PHTK a pa fè anyen pou pwoteje popilasyon an.

Depi kèk tan, pwemye minis de facto Aryel Henry ap mache toupatou mande yon entèvansyon militè etranje. Pou Aryel Henry, se sèl yon entèvansyon militè etranje ki ka regle pwoblèm li.

Moun ki wè se sèl entèvansyon militè enpeyalis yo ki ka rezoud pwoblèm laterè gang yo ann Ayiti bliye ki kalite konsekans entèvansyon militè etranje fè deja sou peyi a. Si nou pran ekzanp Minustha, yon gwoup militè LONI anba direksyon emperyalis meriken. Minustha te enstale lan peyi a pou swadizan pwoteje popilasyon an. Rezilta: apre trèz lane okipasyon, non sèlman Minustha pa bay okenn pwoteksyon, men li te ogmante ensekirite a ki te sèvi pou pretèks pou renouvle manda li chak lane, epi li te kite deyè li plis pase di mil mò, moun ki mouri anba kolera. Li te kite gang ak kidnapin nan peyi a tou. Solda Minustha yo tou fè masak lan katye popilè yo ak anpil vyol.

Lè nou gade lan listwa nou, nou ka wè ki kalite deblozay, dezas, katastwòf, volim ensekirite ak mizè lokipasyon militè etranje pote lan peyi a. Si nou gade ak analize premye gwo okipasyon militè peyi Dayiti te sibi anba bòt meriken, yon okipasyon ki dire diznèf lane, ki te koumanse an 1915 pou li te fini an 1934. Okipasyon sa a te touye plizyè milye ayisyen, li te ekspwopriye plizyè milye peyizan, voye yo al bourike lan peyi Kiba ak Dominikani. Meriken te pwofite volò rezèv lò peyi a. Yo te fè dappiyanp sou ekonomi Ayiti. Depi lè sa a, Ayiti anba grif meriken, dirijan ayisyen se pope twèl anbasad meriken.

Lè nou voye je nou gade lan lane 1994, lè prezidan Aristide tounen lan peyi a apre li fin pran lekzil. Li tounen ak plis pase 24 000 solda meriken. Li te swadizan tounen kòm prezidan, men 2 men li, ak 2 pye li te mare, anfèt se meriken ki t ap dirije tout bon. Yo pwofite ak  konivans gouvènman Lavalas la, likide sak te rete lan endistri leta yo. Enperyalis yo louvvri vant peyi a bay pwodui etranje, yo kase ren leta Ayisyen an, rezilta se yon peyi an fayit.

Jounen jodi a, men Aryel twouve ap mande yon lòt okipasyon militè ankò. Kounye a se Kenya, yon peyi afrik santral, yo mande vin fè okipasyon militè pou swadizan konbat gang. Nou tout konnen gang yo ak rejim PHTK se pwason kraze lan bouyon. Se gouvènman Aryel Henry an ki tolere gang yo, ki ame yo e gen moun lan oligachi a ki finanse yo. Anplis, meriken pa janm fè yon jefò pou bloke trafik zam yo ki soti dirèkteman lakay yo. Kouman fè meriken ka detekte nenpòt ti bwa fouye k ap rantre lan lanmè lakay yo, e yo pa fouti jwenn ni bloke trafik zam k ap sòti lakay yo?

Kidonk, lè Aryel ap repete, apre meriken fin ba li lòd, se sèl entèvansyion militè ki pou rezoud pwoblèm ensekirite a, se pa pwoblèm gang ki lan tèt li. Se bezwen li bezwen fòs militè debake pou kontinye toupizi pèp lan, kontinye kase ren mobilizasyon Pèp la pou li pa janm gen kapasite defann enterè otonòm li yo.

Se pou tèt sa n ap di jounen jodi a : aba tout okipasyon, tout entèvansyon militè. Okipasyon militè, ke li fèt avèk solda Loni, avèk solda OEA, ou menm si li fèt ak solda afriken, se menm objektif li vize. Objektif okipasyon militè jounen jodi a, kankou tout okipasyon militè ki fèt deja sou peyi nou se kontinye dominasyon oligachi a, kenbe rejim Phtk a, louvri vant peyi a pi plis pou peyi enperyalis yo vin piye.

Jounen jodi a, li klè, ni rejim PHTK a, ni oligachi a,  sètadi boujwazi a ak grandon yo, ni politisyen yo, ni tiboujwazi a, ni enperyalis yo pa gen okenn solisyon a sitiyasyon peyi a. Malè nou si nou mete espwa nou sou politisyen, boujwa, grandon, kolon enperyalis entènasyonal la. Entèvansyon militè se kouri pou lapli, tonbe nan gran rivyè.

Ouvriye, peyizan, travayè tout kalite, ak tout moun ki konsyan, konstriksyon lavni peyi a, konstriksyon Byennèt kolektif nou, se lan men nou li dwe ye. Jounen jodi a pa gen solisyon fasil, entèvansyon etranje se yon fo solisyon. 

Jounen jodi a, sèl fason pou nou tout k ap batay pou nou fè fas a sitiyasyon malouk sa a, se òganize pou nou òganize nou pou ranvèse Leta gang lan ak boujwazi restavèk k ap sipote l. Se premye faz nan konstriksyon yon Leta ki chita sou defans enterè moun k ap pwodui richès yo. Si Leta ak boujwazi a ap sèvi ak gang pou fè n pè, se yon prèv dezespwa pou kenbe sistèm peze souse.  

Se yon batay ki gen 2 kan. Nan kan lenmi a, gen klas reyaksyoné ayisyen yo, enperyalis yo, ak gang yo, yo mete sou pye pou toupizi epi espwate nou. Nan kan mas pèp la gen tout ouvriye ak travyè espwate yo, tout moun konsyan. Se pou nou rantre nan batay manch long liberasyon mas popilè oprime espwate yo ann Ayiti, nan travay konstriksyon lit otonòm ak Òganizasyon otonòm Kan Pèp la ak tout Travayè nan peyi a kòm Potomitan pou rive transfòme sosyete a radikalman toutbon.

VIV LIT OTONÒM AK ÒGANIZASYON OTONÒM KAN PÈP LA

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.