Kloti mwa kreyòl : Rektè Inivèsite Leta Ayiti a, pwofesè Fritz Deshommes, mande pou lang kreyòl la antre pi fon nan Lajistis

0
887

Nan « Marriott Hotel », jedi 26 oktòb 2023 a, Akademi Kreyòl Ayisyen selebre davans 40èm Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl epi klotire seri aktivite Mwa kreyòl li te tanmen depi 6 oktòb. Nan mitan anbyans kote plizyè atis ak gwoup t ap deplòtonnen fwi talan ak kreyativite yo, diskou rektè Inivèsite Leta Ayiti a, pwofesè Fritz Deshommes, rezonnen tankou yon kout klòch sètase pou fè konprann gen nesesite pou lang kreyòl okipe plis plas nan lajistis. 

Pou li antre nan nannan diskou li a, pwofesè Fritz Deshommes dabò « lonje dwèt sou yon reyalite n ap viv chak jou, k ap vegle jou nou, san nou pa pran tan ni gade, ni reflechi sou li ». E se konsa, otè « Ce pays qui s’ignore / Yon peyi ki pa konnen valè tèt li », tonbe dewoule yon ansanm kesyònman ak konsta : « Èske nou konsyan nou kontinye ap jije moun nan yon lang yo pa konprann? San yo pa konnen ki sa y ap di sou yo ? Pou ki sa tribinal kondane yo oswa pou ki sa tribinal libere yo ? Ki sa lalwa repwoche yo ? San yo pa konnen ki sa yo dwe oubyen ki sa yo pa dwe fè pou Leta ak lasosyete konsidere yo kòm moun ki respekte lalwa ?

Paske :Lwa yo, regleman yo, kòd yo pa an kreyòl; Pledwari yo pa fèt an kreyòl; Jijman yo pa ekri an kreyòl; Pi fò dokiman lajistis, tankou somasyon, sitasyon, elatriye, pa an kreyòl. Epi, menmsi gen kèk dokiman ki gen vèsyon kreyòl se pa tout tan mo ak konsèp yo n ap itilize yo korèk. Pa egzanp, pou yo tradwi « mandat d’amener », yo konndi « manda ralemennenvini ». Sa k pi rèd la, menm lwa yo konn depaman ak reyalite sosyojiridik peyi a. Lwa ki ekri an franse yo pa toujou menm ak regleman, ak prensip kominote yo aplike an kreyòl. Dwa enfòmèl la, dwa 

koutimye a, ki pèmèt rezoud anpil anpil konfli nan mitan moun ki pale kreyòl yo, pa toujou menm ak lwa, kòd, dokiman jiridik sistèm ofisyèl la rekonèt. 

Kèk pwopozisyon pou chavire sitiyasyon tètchaje sila a ki pa respekte dwa lenguistik pèp ayisyen an

Apre li fin soulve kèk kesyon ak konsta, pwofesè Fritz Deshommes fè konprann « se tout enstitisyon lajistis, se tout profesyonèl domèn nan, ki pou mete men ». pou reyalite a chanje bò. Pi devan, li fè konprann : « N ap bezwen patisipasyon jij, komisè, sibtiti, avoka, grefye, isye, notè, apantè, fonde pou vwa ak tout lòt aktè sistèm jistis lan. Men toudabò, se Ministè Jistis ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) ki dwe pran lidèchip kesyon an. Se yo ki pou ba l oryantasyon. Se yo ki pou mete resous ak bon jan estrateji pou kòz la vanse kòmsadwa. Akademi Kreyòl Ayisyen ak tou Inivèsite Leta a ka bay yon gwo koutmen. Nan konbit sa a, anpil lòt enstitisyon Leta ak Sosyete Sivil la dwe pote kole, tankou : Lekòl Majistrati (EMA); Biwo Pwotektè Sitwayen; Federasyon Bawo Avoka Peyi d Ayiti; Lekòl Bawo Avoka yo; Òganizasyon Dwa Moun; Oganizasyon Dwa Fanm; Asosyasyon Majistra; Asosyasyon Paketye; Asosyasyon Grefye; Asosyasyon Isye; Asosyasyon Notè; ONG k ap travay nan domèn lajistis; Òganzasyon k ap travay pou lang kreyòl yo, elatriye. N ap bezwen tou kontribisyon lengwis, sosyològ, antwopològ, sikològ, tout save ki maton nan plizyè domèn lasyans, kit se syans sosyal, kit se syans moun, kit se syans aplike. Se pou sa Inivèsite yo, Lekòl siperyè yo, pa dwe rete dèyè ». 

Rektè a di Inivèsite Leta a gentan anbake, li envite Ministè jistis antre nan won an

« Deja mwen ka ban nou garanti Inivèsite Leta gentan anbake nan demach sa a. Ak tout Fakilte Lengwistik Aplike, Lekòl ak Fakilte Dwa yo ak tout lòt Fakilte nou yo nan Pòtoprens tankou pwovens, nou pare pou nou pote kole. Mwen ka di tou, ak pèmisyon Prezidan AKA a, Akademi Kreyòl la pare tou. Pou konnye a, annatandan Ministè Jistis ak CSPJ ranmase kòz la – sou pwen sa a, nou jwe sou Minis Kilti a ki se yonn nan pèsonaliteki te ede chwazi premye Akademisyen yo pou l pale nan zorèy Minis Jistis la pou nou -, annatandan tout lòt aktè nou site yo pran dispozisyon pou bay lang kreyòl la pasaj ak ouvèti nan domèn lajistis », nou t ap site pwofesè Fritz Deshommes. 

Anivince Anervé Jean Baptiste

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.