Dat : dechaj pawòl pwetik Jean Baptiste Anivince

0
652

Langaj pèmèt lòm fiske tan an ak fikse li nan tan an, anpi tanmen yon kominikasyon jwisif ak tèt li, pandan l ap pale ak tout moun. E sa li pa rive nomen, konprann ak pale yo pa monn pou li oubyen pa gen egzistans pou li. San bliye li pale ak eleman yo oubyen fè yo pale, mete yo annimasyon nan mezi konsyans langaj li kapab rive. 

Konsa, mòd langajyè a vin alafwa yon fòm dechaj pilsyonèl, yon fason pou lòm nomen, pou li bay direktif oubyen pou li transmèt siy yo oubyen sans yo. Lè lòm vin powèt, se menm demach la li rapousuiv sou yon nivo ki pi sansib. Powèt Jean Baptiste Anivince pa depaman ak lojik sa a. Nan powèm larivyè sa a, powèt la depale. Li pale tout kalite koze, nan tout kalite enonsyasyon pou li konstui yon sistèm bèltiz, kote youn nan lòt ak youn rantre nan lòt.

Nan rekèy Dat, Jean Baptiste Anivince pran lemonn daso. Li transfere, modifye eleman yo pou l fè powèm nan kreyatè pwòp ansanm li, nan yon lojik ensiswatil li anvi viv. S on powèm ki pa bay yon tan istorik regle anyen pou li. Menm si konsyans powèt la, nan moman l ap viv la pote enfliyans bèltizay epòk li. Pou powèt la sa jwenn matyè pwetik li, li tanmen mete tan istorik yo nan yon sèl ansanm, fè yo kwaze, dekwaze, marande yo, mete yo an dyalòg pou l kapab konstrui panse pwezi a. Yon panse pwetik ki pa lòt pase pwovèb popilè sa a ki trennen dèyè li yon vizyon katasis : « Si m pa pale m ap toufe ». Anivince pwopoze n yon powèm SMPPMT! 

Se pou sa n reyalize, se yon powèm k ap mime tout sa lavi a gen ladan l. Tout sa mo yo kapab trennen kòm eleman aanndan yo, anpi ba yo yon konsyans vi ak nanm pou li kreye yon monn kote tout sa k sanble ak sa ki pa sanble, ransanble. Se pou sa, lide yo oubyen enonsyasyon powèm nan fèt tankou yon ti bebe k ap babiye, k ap aprann pale, k ap rakonte tout listwa, mele tout listwa anpi koyerans lan tradui nan ak langajyè a piske sa l ap pale yo se ak lang lan l ap pale yo, se ak mo l ap pale yo, se ak maryaj mo l ap pale yo. Sitou se anndan tan reyèl la li pran yo men ki vin gen pwòp egzistans yo apa, anndan powèm nan pou li jwi ekilib pwòp li. 

« depi m piti m jwenn/ 17 oktòb ap senyen/ powèt yo anonse siklòn andan mo yo/ kote kouvèti tan an/ Manno! ekri n ap ekri/ jouk lanmò konn valè n/ letènite n jèn toujou/ revolisyon an ap bouyi lontan/ peyi a prèske bon/ mòtèl!/ sonje powèm nan souvren »

Dat se pa yon powèm klasik k ap trennen yon lide progresif, tankou monn reyèl la te ka fè li. Se pa yon disètasyon l ap fè, nan monn l ap kreye a, li òganize pwòp mèkaba li pou li sa kenbe pwòp ekilib li nan labirent li kreye a. Se sa ki fè, rantre nan powèm nan se youn. Konn kilè sòti a ap fèt se de. Konn ki kote sòti a ap fèt se twa, anpi ki kote powèt la vle rive se kat. Paske vè yo pa pote lide ki fini. Toujou gen yon anvi konnen ki tache anndan vèsè yo ki pou kenbe fil lekti eskande powèt la pwopoze lektè a. Se yon powèm ki twouve sans li anndan sistèm operasyonèl mantal lòm k ap vomi lapanse sou tout fòm. Kote chak panse kapab trennen yon lòt panse menm si n ta pretann yo pa gen koyerans. Panse pwetik sa a vini san enfliyans mòd operatwa eksteryè yo, li sèlman sibi griy kritik òganik mantal powèt la pou powèm nan pa pèdi esans endepandans li parapò ak reyalite a.

Rekèy la  pa yon powèm espiral non plis tou, menm si li pote anndan l yon estetik/ bèltiz kawo ladan. Paske, lide ki pa fini yo, pa rekomanse nan pwolonjman powèm nan. Okontrè, se lòt ki ajoute, oubyen tou pa gen mouvman woulawoup oswa grafik sikilè k ap taye banda. Jan nou te di l pi wo a, s on powèm k ap mime pwòp tan li nan tan an, k ap mime fòm bouch linivè k ap ouvè, fèmen pou kreye mèvilis. Piske l abite tout bagay, tout bagay sa yo kapab pale anmenmtan pou karyonnen diferan yo se menm sanblab yo, paske yo gen menm esans ak sibstans ; yo se rezilta matyè ak lespri. 

Nan rekèy sila, lanmou pase pran malsite, peyi, lanmò, ensekirite, lamizè, idantite, kriz anviwonman, elatriye. Anpi li kreye yon tablo senfonik pou li pale. Se yon mantal ki plen, ki anvi dechaje li, anpi li jwenn bouch powèt la ki sèvi li pasaj, ki sèvi li kanal. Anivince Jean Baptiste, pa kapab ankò, se yon kri li pa kapab kenbe ankò devan reyalite yo k ap bwase bil mantal li anpi ki pran fòm yon powèm k ap kouri kite zòn li abite a, paske viv nan reyalite sa yo se pran gaj mò sibit. 

Dat se yon demonstrasyon powetik k ap bere legzistans lan nan fason pa li. Yon pwopozisyon literè ki fèt ak tout kalte langaj, jwèt mo, jwèt son, sitasyon, men ki pa sèlman enskri li nan yon demach fòmalis. Men pito yon maryaj reyalis ak fòmalis pou powèt la ponn yon konsyans monn, yon jewometri sibstansyèl pou ede lòm nan konba li, nan dezi egzistansyèl li, pou li sa kreye yon bèlte kalman trankilizan pwetik pou ede lòm rezilye anba reyalite ki depase li yo, pou pèmèt li espere demen kapab pi bèl nan tout konpatiman li.   

Orso Antonio Dorélus

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.