Vandredi 27 oktòb 2023 ((rezonodwes.com))–« Daprè lwa imigrasyon Ameriken, an reyalite pifò etranje ki vini sou fwontyè nou an pa kalifye pou rete Ozetazini« , se mesaj sa ke ajans ameriken kap kontwole antre ak sòti nan peyi Etazini ki pote ti non jwèt li CBP fè pas nan anpil lang e kreyòl ladan tou.
Li kontinye pou’di ke « Lwa sou azil pa prevwa èd sèlman pou rezon ekonomi oswa vyolans jeneral », pandan li envite tout moun ki enterese al sou paj DHS pou « aprann plis ».
Klike sou lyen san pou jwenn plis detay an kreyòl : Eksplikasyon sou sistèm Imigrasyon Ameriken An | Homeland Security (dhs.gov)