Nòt sou sitiyasyon k ap deplòtonnen nan fwontyè Wanament la

0
1449

                                                                                    19 sektanm 2023

Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) ap suiv ak anpil atansyon sitiyasyon tansyon k ap deplòtonnen nan fwontyè Wanament ak Dominikani an akoz peyizan nan zòn nan pran desizyon pou yo kontinye konstriksyon yon kanal pou wouze tè yo yon manyè pou yo kapab pwodui manje. N ap raple se depi nan lane 2013, plizyè òganizasyon peyizan nan Wanament te mobilize epi kontakte otorite yo pou mande leta ba yo kanal sa a pou wouze tè yo pou yo kapab pwodui manje pou peyi a. Apre demach peyizan yo, leta ayisyen te siyen yon kontra ak agritrans pou konstui kanal la. Men, travay la te kanpe nan wout san agritrans, konpayi Jovenel moise t ap dirije a pat bay okenn esplikasyon. Pandan prezidans Jovevel Moise la, travay la te rekoumanse, men li pat rive fini. Eske se lajan travay kontriksyon kanal la ki te gagote ? Eske se presyon kapitalis dominiken ak lòt kapitalis ki envesti an dominikani ki te fè travay la kanpe ? Jouk jounen jodi a, kesyon sa yo rete san repons, paske enpinite ak kòripsyon se mak fabrik leta restavèk k ap jere bak peyi a. 

Kòm leta restavèk la te kanpe travay la san esplikasyon, peyizan yo pran dispozisyon pou yo relanse konstriksyon kanal la. Poutèt sa, leta ak kapitalis rasis dominiken yo tire pye. Prezidan dominiken an tanmen fè chantaj, pran sanksyon epi fèmen fwontyè a poutèt yon sèl kanal peyizan yo deside konstui pou wouze tè yo epi pwodui manje. Alòske, dominiken yo deja konstui 11 kanal nan rivyè masak la.

 Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) ap fè tout moun konnen, dapre sèten ekonomis, Dominikani ap voye vann plis pase 1 milya dola machandiz chak lane nan peyi a. Yo voye vann anviwon 56 milyon ze nan peyi a chak mwa. Yon bon pati nan machandiz ki vin vann yo se pwodui agrikòl. Ayiti se youn nan mache ki pi enpòtan pou kapitalis dominiken ak lòt kapitalis ki soti nan peyi rich yo ki envesti an dominikani. Kidonk, travay konstriksyon kanal la ap fè kapitalis sa yo jwenn mwens mendèv travayè ayisyen yo epi vann mwens machandiz nan peyi d Ayiti. Gen yon atik Ayibo Post ki fè konnen tou ta gen yon koze eksplwatasyon min lò tou k ap regle sou fwontyè a. Kidonk, gen koze ki pa di. 

Pou tout rezon sa yo :

  1. FRAKKA bat yon gwo bravo pou peyizan Wanament yo ki deside konstui yon premye kanal sou rivyè masak la epi pa pran nan chantaj kapitalis rasis dominiken yo 
  2. FRAKKA mande pou tout Ayisyen nan peyi a kou nan dyaspora a pote kole pou ede peyizan yo fini ak konstriksyon kanal sa a epi konstui lòt kanal sou rivyè a yon manyè pou redui depandans peyi a nan zafè lamanjay
  3. FRAKKA  mande pou Leta Dominiken respekte akò 1929 ant 2 peyi a ki bay toude peyi yo dwa pou yo eksplwate rivyè a nan bon kondisyon 
  4. Pou Leta Ayisyen defann enterè peyizan yo ak peyi a nan dosye sa a epi pran dispozisyon pou bay peyizan yo akonpayman teknik ak finansye pou peyizan yo kontinye travay la nan bon kondisyon
  5. Pou tout pèp Ayisyen an pran mezi pou pwodui manje lokal epi konsome manje lokal pou nou sispann manje move kalite ak fatra ki soti Dominikani 

Pou FRAKKA

Tina Daniel / 37764763                                   Jimmy Michel / 47779187

Philippe François / 48275885

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.