Sen Michel latalaye, 29 septanm 2023
Nòt pou laprès
Solidarite fanm ayisyen (SOFA) ak kontra MENNANMEN gras ak sipò Regwoupman Edikasyon Pou Tout (REPT) òganize nan mwa Septanm sa yon atelye sou sitiyasyon fanm nan domèn edikasyon nan komin Sen Michel Latalaye.
Se te okazyon pou fanm ki ap patisipe nan atelye sila atire atansyon ansanm defi, fanm genyen nan ledikasyon. Nan komin nan gen anpil ti fi ki ale lekòl nan matènèl ak premye dezyèm sik fondamental poutan lè w gade nan klas filo yo ak nan inivèsite ou jwenn mwens fi. Nan zafè ale lekòl, yo priyorize ti gason sou ti fi yo. Pafwa paran yo evoke lajan yo pa gen yen pou voye timoun lekòl. Nou konsyan sitiyasyon ekonomik difisil paran yo ap viv men jeneralman se tifi ki rete chita lakay. Se yon pratik ki la lontan ki kontinye ap rapouswiv. Nan lekòl yo, lè tifi yo gen règ, yo sibi mepri ak entimidasyon sitou lè I vini nan klas la. Mete sousa, direktè ak pwofesè konn abize yo seksyèlman swa pou ba yo not oubyen ede yo peye lekòl la. Tifi ki rive ansent pandan yo lekòl oblije kanpe ; yo pa ale lekòl ankò. Sitiyasyon sa yo bann gwo tèt chaje nan SOFA ak kontra MENNANMEN.
Edikasyon se baz tout sosyete ki vle devlope. Se pousa SOFA ak kontra MENNANMEN mande pou otorite ki konsène yo mete estrikti epi pran dispozisyon pou pèmèt tifi yo kontinye ale lekòl aprè yo fin fè pitit. Mete lekòl pwofesyonel pou tifi yo aprann. Fè bonjan enspeksyon sou jan lekòl yo ap fonksyone nan komin nan.
Mergina fleurima,
Mergina Fleurima kodonatris SOFA
Moun ki siyen nòt sa se :
Caricia Joseph
Carica Joseph Kontra MENNANMEN
Esther Saliosaint
Esther JOLISSAINT.
Kodonatris kominal REPT nan Sen Michel Latalaye Scanné avec CamScanner