Deklarasyon piblik òganizasyon politik ak sosyal nan Nòdwès

0
791

Pòdpè, Ayiti, madi 10 oktòb 2023

Nou menm òganizasyon politik ak òganizasyon sosyal ki nan Depatman Nòdwès, nou leve vwa nou pou n kondane konplo gouvènman defakto Ariel Henry ak kominote entènasyonal fè pou mete peyi a sou okipasyon militè. Alòske depi plis pase 2 lane popilasyon Ayisyèn nan mete yo dakò sou kouman pou peyi a dwe soti nan kriz li ye a, pi espesyalman atravè akò Montana a ki parèt pi laj epi ki ranmase revandikasyon tout kouch nan sosyete a, pandan li rete ouvri pou kolabore ak lòt gwoup nan sosyete a.

Li enpòtan pou n sonje tout zak malonèt fòs okipasyon militè fè nan peyi a tankou: vyòl sou fanm tankou gason, anpwazonman, pandezon, asasina, piyaj resous natirèl peyi a epi nou pap janm bliye anviwon 10 000 Ayisyen ki mouri anba Kolera Minista. Nou pa dwe pran nan pyèj okipasyon militè pwal vin rezoud pwoblèm ensekirite pwograme PHTK a. Li klè, tout moun ka konstate se moun ki nan tèt leta ki kreye gang yo epi sèvi avèk yo kòm rezo kriminèl pou teyorize popilasyon an nan tout peyi a, pou kenbe pouvwa Leta pi lontan, pandan y ap kwape tout pitit peyi a pou ale migre nan tout move kondisyon nan lòt peyi. 

Li pa yon sekrè pou pèsòn, sa gen plis pase 10 ane depi Etazini te nome gouvènman kriminèl PHTK a ki lage peyi a nan twou byen fon sa a, soti sou Joseph M. Mately pou rive sou pouvwa defakto Ariel Henry, monte nivo kriminalite, endesans peyi a avèk iresponsabilite gouvènman PHTK a ki gen mak fabrik yo nan tout peryòd la: Kòripsyon, Masak, Maspinen dwa moun, Vòl, Destabilizasyon enstitisyon epi konplote kont pèp Ayisyen an. Menm gouvènman sa a ki fin kraze peyi nan kreye gang pa kapab ap plenyen ensekirite olye yo rekonèt enkonpetans yo. Yon gouvènman enkonpetan, ilegal ak ilejitim tankou Ariel Henry ki pran peyi a an otaj pa gen oken kalite pou mande entèvansyon militè nan peyi a. Lè Ariel Henry ansanm ak alye li yo, nan oktòb 2022, yo mande pou mete peyi sou okipasyon militè, se yon zak trayizon! Pèsòn Ayisyen konsekan pa dwe janm aksepte sa. 

Nou menm òganizasyon sosyal ak politik nan Depatman Nòdwès lan ki siyen deklarasyon sa a, nou denonse ak tout fòs nou konpòtman sinik pouvwa defakto Ariel Henry ak alye l yo, lè yo donnen lamizè, gangou nan mitan mas popilè yo san konte yon vag ensekirite jeralize pou mete popilasyon an nan kouri pou kriminèl yo ka pyafe sou pouvwa a jan yo vle. Men nap di yo: Bat chen an, tann mèt li! Jou fèy tonbe nan dlo se pa jou a li koule!

Nap pwofite felisite angajman solidarite, tèt ansanm ak rezistans òganizasyon sinyatè Akò 30 dawou 2021 an, Akò Montana ansanm ak tout lòt gwoup Ayisyen konsekan k ap goumen pou mete kanpe yon tranzisyon ripti avèk fòs sosyal yo. Li enpòtan pou nou toujou sonje se mobilizasyon ak rezistans epi solidarite ki sèl fòs nou, pou n kanpe anfas pwojè enperyalis la, pou n rive konstwi byenèt kolektif ak jistis sosyal. Rezistans ak detèminasyon popilasyon Ayisyèn nan pran pou konstwi kanal sou rivyè Masak pou al wouze tè agrikòl nan plèn Maribawo nan Wanment, sa montre kapasite nou pou n reziste kont plan enperyalis lan.

Nan kafou danjere pouvwa kriminèl PHTK defakto Ariel Henry ak alye l yo lage sosyete a jounen jodia, pa gen wout pa bwa, fòk peyi a debarase de Ariel Henry ak tout gouvènman PHTK a san kondisyon. Nou mande demisyon pouvwa Defakto Ariel Henry an san pèdi tan, pou tabli yon tranzisyon koupe fache nan lespri konstitisyon 1987 lan, k ap gen pou rekanpe Leta a ak rezoud kriz ensekirite pwograme a nan peyi a epi pote asistans bay popilasyon an pou reprann konfyans nan Leta Ayisyen. 

Nou denonse ak tout fòs nou vòt lawont Konsèy Sekirite Nasyon Zini an fè sou prezantasyon rapò Etazini prezante sou eta katastrosfik sosyete Ayisyèn lan twouvel lan. Alòske se Etazini ki te nome pouvwa PHTK a depi nan nesans yo jouk rive nan Nome Ariel Henry avèk yon senp twit. Nou konprann pwisans enperyalis yo k ap krache sou dwa grandèt majè pèp Ayisyen an pandan y ap bare pwojè sosyete Ayisyèn nan k ap goumen pou tabli yon pouvwa tranzisyon koupe fache nan peyi a, ki dwe jete baz pou yon lòt mòd gouvènans ki priyorize mas pèp la.

Nou mande tout konpatriyòt Ayisyen ki konprann konplo pouvwa kriminèl Ariel Henry ap mare ansanm ak lènmi pèp la, pou mete pèp Ayisyen an anba bòt okipasyon nan moman difisil sa a, pa rete bwa kwaze. Jan zansèt nou yo te aprann nous a: Se swa nou lib oubyen nou mouri! Grenadye Alaso, Sa ki mouri nap vanje yo ! Mobilize toupatou, fè solidarite yonn ak lòt pou nou ka ogmante nivo vijilans nou nan tout ti kwen. Pou sa nou sot pase anba kolera Minista, nou pa dwe kite Ebola vin ravaje nou fwa sa a ak lòt maladi sou konplo Ariel ak Etazini.  

Pèp kap goumen, pap janm pèdi batay ! Se konsyans klas, rezistans ak mobilizasyon popilè epi entèlijans politik k ap mennen n nan chanjman radikal sosyete gwo kraze piti a. 

Aba Gouvènman kriminèl PHTK ak defakto Ariel Henry !  

Aba okipayson militè sou kèlkeswa fòm !

Viv yon solisyon Ayisyèn ak pitit peyi a !

Viv solidarite entènasyonal ant pèp yo !

Viv yon Ayiti Granmoun !

Lis Òganizasyon ki siyen deklarasyon an:

Rezo Òganizasyon Nòdwès                                               :       Kerby JOSEPH

Altènativ Sosyalis                                                             :       Exantus EXANTÉ

Kòdinasyon Òganizasyon Peyizan Basenble                 :         Ismène CALIXTE

Asosiyasyon Vodouyizan Peyizan pou sove pitit Lakay  :       Ervilus MONMUS 

Asosiyasyon Plantè Pechè ak Elvè Ansaofolè                :       Dipa CALIXTE

Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen (Nòdwès)               :       Pierre JOSEPH

Asosiyasyon Kiltirèl SOKIJA                                        :       Samuel NESNER

Inyon Peyizan Tèk Kole Mawotyè                                :        Dirogène MONMUS 

Abitan Ayisyen pou Devlopman Agrikòl                     :       Apoléon TROMPÉ

Pou Otantifikasyon:

Kerby JOSEPH                           +509 41595939/39316902

Pierre JOSEPH                           +509 35663573

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.