Ti batbouch ak Frérot Pierre, Gran pri woman Emile Célestin Mégie nan Akademi Kreyòl Ayisyen
Fréro Pierre fèt Marigo, komin nan sidès peyi Ayiti. Li se desinatè, atispent, gitaris, powèt, ekriven, senaris ak reyalizatè fim. An 2023, li soti loreya Gran Pri woman Emile Celestin Megie nan Akademi Kreyòl Ayisyen avèk maniskri « Lakou delivrans ». Rezo Nòdwès pote pou ou yon echanj fètefouni ak Fréro k ap viv nan peyi Senegal