15 juin 2025
« Drapo m nan – Bélo » : Yon chante pou repanse lavi ann Ayiti
Actualités Culture Kreyòl Société

« Drapo m nan – Bélo » : Yon chante pou repanse lavi ann Ayiti

Mizik la byen rantre nan san nou. Li fè lavi nou koule bèl lè n ap tande l. Se transpòtasyon yon emosyon grandyoz, yon seri pawòl tounèf ki plen lavi. Se te nan lane 2017 plizyè chantè te rasanble sou direksyon atis Bélo pou yo pote chedèv sa a ki fè rapèl sou plas drapo ayisyen an nan tout listwa limanite.

Se tout nanm nou ki vibre lè nou tande chak vwa, chak atis, nan yon refren k ap fè nou viv tout rèv yon peyi, tout yon senbòl, yon idantite, yon mak fabrik dantèl ki kole lavi nou pyès pa pyès tankou yon katedral limyè. Chante sila a, malgre dousè ki nan vwa atis yo, charye tout mak vyolans ak doulè nou trennen pandan anpil lane nan listwa nou. Pawòl ki nan chante sa a raple nou koneksyon nou genyen ak drapo ble e wouj la, ki se yon fòs, yon enèji, yon rasin ki tache idantite sa a byen fon anba po chak grenn Ayisyen k ap viv :

« Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle, vrè koulè l p ap chanje
Ble e wouj la se fyète mwen
Mèt fè sa w vle, l ap rete kole anba po mwen »

Avèk anpil klas, anpil elegans, atis yo pote pawòl la pou fè nou sonje ble e wouj la se yon tras idantite, yon fyète ki tanpe anba po nou jis nan dènye bout lorizon.
Si jounen jodi nou ta vle bliye degre lanmou nou dwe genyen pou drapo a, atis Bélo, nan premye kouplè chante a, raple nou :

« Drapo m nan se koulè san n ki te koule pou libète
Koulè pa m yo pat vle wè kòmkwa mwen te yon moun dane »

Si nou fè yon ti pwomnad kè kontan nan kouplè sa a, n ap konprann nou dwe vin pi serye fas ak responsabilite nou genyen devan listwa, devan eritaj libète sa a ki se yon patrimwàn, yon souvni san bout nou pa dwe janm bliye.

Avèk pawòl ki gen anpil fòs, atis Shishie limenm, nan pati pa l la, fè n sonje lit zansèt yo se te pou pwopoze lemonn yon lòt fòm byennèt, yon lòt fason pou repanse lavi chak grenn moun sou latè. Se te pou redefini lavi ki pa chita sou klas, ni mèt, ni esklav :

« Drapo m nan reprezante chanjman listwa limanite
S on bagay dwòl, ou ka wè l senp poutan l èkstrèman konplike »

Pèp djougan, pèp Ayisyen, lè nou wè yon drapo Ayisyen nan peyi Lafrik, ann Ewòp, ann Azi, e jis lòt bò Loseyani, konnen li pa yon senp drapo dèyè manman. Li se chanjman listwa limanite ak lavi yon klas moun Loksidan te kondane pou viv nan lapenn ak chagren chak jou ki jou.

Nan moman Ayiti ap travèse anpil move enpas, nan moman peyi a ap rekòlte kriz sou tout fòm, pawòl sa yo ki nan chante « Drapo m nan » te ka ede n sove lonè peyi n nan priz konsyans ak diyite, pandan n ap pran kòm modèl paj listwa zansèt yo te ekri pou tout limanite.

{Darline Desca}
« Drapo m se pa t fasil si w wè jodi a l egziste
Se gran paran n ki te kanpe fas alepòk pi gwo lame »

{Fatima}
« Drapo m nan se li raple Lamerik ak monn antye
Ayisyen yo pat asepte pou moun esklav okenn kote »

{Geraldo}
« Drapo m nan soti de pi bèl istwa ki janm egziste
Istwa zansèt nou yo k te sakrifye yo pou n ka libere »

{Shishie}
« Se pa yon fab, se p on woman non plis, se pa yon kont de fe »

{Fatima}
« Se premye fwa sa te rive, se monn lan ki ta pral chanje »

Si batay zansèt yo te chanje istwa tout yon monn, nou menm jenerasyon ki vini apre yo, nou dwe ranmase rèv sa a avèk anpil rekonesans. Se pou nou grandi nan panse nou, pou nou mete akote divizyon ak prejije ki vle fè n bliye dimansyon responsabilite nou genyen pou bati ak konsève patrimwàn istorik zansèt yo te ban nou ansanm ak fyète a :

{Mandela}
« Drapo m nan p ap ka konprann ke jodi a nou divize »

{Wanito}
« Deviz nou, Union fait la force, men malgre sa n gen prejije »

{B.I.C}
« Plizyè tribi ini fòs yo pou yo libere tout yon ras
Poutan nou menm kòm desandan, nou separe tèt nou an klas »

{Jean Jean Roosevelt}
« Drapo sa ta dwe chanje si se eta sa n ap rete »

{J. Perry}
« Li pa gen sans pou nou ankò tèlman nou wè ke l pa sanble »

{Mika}
« Drapo m nan, li lè pou reprann plas ou te genyen an
Menm jan l te ye nan tan lontan pou Dahome ak nèg Ginen »

{Misty}
« Drapo m nan tankou solèy yo panse k pa t ap janm briye
Li raple ke monn jodi a se Vètyè  li te kòmanse »

{Medy}
« Drapo m nan, pa enkyete w, menm si w ta wè dèfwa w blaze
Yon jou kanmenm fòk yo kanpe pou ba w valè w merite »

{Quenn B}
« Yon jou gen pou rive, y ap sispann pase w anba pye »

Listwa drapo ayisyen an se yon istwa konplike. Loksidan, ki panse li se mèt latè, pa t janm dakò nou libere.
Se pa pou san rezon, nan anpil kote sou latè, yo pa swete nou byenvini. Se poutèt sa, nou menm Ayisyen, nan moman selebrasyon drapo nou an, nou dwe sonje wòl nou dwe jwe sou latè a, nan egzanp nou dwe bay sou nosyon libète, egalite, fratènite, tout kote jou leve, tout kote gen lavi, paske drapo nou an se senbòl lespwa ak lavi tout yon monn ki pa sispann fè pwomosyon pou enjistis ak inegalite sosyal. Nou dwe sispann degringole pou nou repanse lavi tout Ayisyen, pou moun ki toupatou sou latè, pandan n ap sèvi ak drapo a kòm yon senbòl pou yon demen miyò.

Jonathan Thermidor

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.