20 mai 2025
Ki aksyon ijan aktè sektè Telekom yo ta dwe pran pou fè fas ak menas gang ame kriminèl yo ann Ayiti ?
Actualités Kreyòl Société

Ki aksyon ijan aktè sektè Telekom yo ta dwe pran pou fè fas ak menas gang ame kriminèl yo ann Ayiti ?

Nan kèlke jou se 17 me, se jou mondyal Telekominikasyon ak Teknoloji Enfòmasyon an, ki gen tèm pou a ne 2025 ** »Egalite ant gason ak fanm nan transfòmasyon dijital la« **. 

Men, nan peyi nou, sitou pou jèn ki gen lavni yo menase ak aktivite gang ame kriminèl ki okipe anpil nan zòn Pòtoprens ak wout nasyonal yo, tèm sa a pa sanble two konsène yo.  

Pou fanmi ki gen chwa ant « kite peyi a » oswa viv anba menas touye, kidnapin, ak tòti, « Inovasyon dijital pou devlopman dirab » sonje byen lwen.  

Se poutèt sa, nou pwopoze yon tèm ki pi adapte ak sitiyasyon jodi an :  

Kijan aktè sektè Telekominikasyon ak Teknoloji Enfòmasyon ann Ayiti kapab kontribye nan batay peyi a kont menas gang ame kriminèl yo?

Nan moman n ap eseye yon nouvo fòm pouvwa (prezidans kolejyal), nou idantifye **10 aksyon ijan** pou sektè piblik ak prive :  

1. **Ranfòse sekirite enfrastrikti** : Mete gad, kamera, ak sistèm ala pou pwoteje antèn, sant done, ak lòt enstalasyon.  

2. **Kowòdinasyon ak otorite lokal** : Travay ansanm ak lapolis ak lòt otorite pou pataje enfòmasyon sou menas.  

3. **Fòmasyon pou anplwaye** : Aprann pèsonèl yo kijan pou reyaji nan ka atak.  

4. **Devlope pwotokòl ijan** : Kreye plan sekirite ak evakyasyon pou pèsonèl ak enstalasyon.  

5. **Siveyans ak pwoteksyon rezo** : Detekte entwizyon ak anpeche gang yo deranje sèvis telekominikasyon.  

6. **Kolaborasyon ak kominote lokal** : Idantifye zòn ki gen plis risk epi elabore estrateji sekirite.  

7. **Relasyon ak otorite sekirite** : Travay dirèkteman ak lapolis ak lame pou reponn pi vit.  

8. **Sansibilizasyon piblik** : Fè moun konnen risk gang yo epi ankouraje patisipasyon kominotè.  

9. **Envestisman nan teknoloji sekirite** : Achte kamera entelijan, sistèm deteksyon, ak lòt ekipman pou pwoteje sit kritik.  

10. **Patisipasyon nan inisyativ sekirite sektè a** : Pataje bon pratik ak lòt aktè sektè Telecom.  

Marcelin Montaigne

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.