25 septembre 2025
Ayiti koupe fache | Kwonik #28 : Ranson – Dèt Lendepandans
Actualités Kreyòl Société

Ayiti koupe fache | Kwonik #28 : Ranson – Dèt Lendepandans

AYITI KOUPE FACHE – KWONIK #28: RANSON-DÈT LENDEPANDANS

Nan kad deba nasyonal ak entènasyonal ki rekoumanse soulve otou de kesyon ranson-dèt lendepandans kont peyi enperyalis Lafrans lan, Ayiti Koupe Fache nan Kwonik sa a ap soulve kèk pwen pou konsiderasyon tout kanmarad nan batay la. Nap kontinye soulve dòt pwen nan w pwochen Kwonik Ayiti Koupe Fache. 

Dirijan Leta yo, plizyè fraksyon nan boujwazi ak politisyen nan tiboujwazi ayisyen an fin livre gouvènay peyi a bay gang ame, asasen, kriminèl, dilè dwòg-nakotrafikan, machann ògàn, ak machann zam ak minisyon, depi omwen 10 zan. Yo pa janm sispann masakre moun nan katye popilè yo lajounen kou lannuit, mete pèp la nan kouri kite kay yo nan  katye popilè  yo, boule enfrastrikti ak enstitisyon piblik ak prive. 

Nan kontèks sa a, li enpòtan pou nou raple 17 avril 2025 la ap fè 200 lane depi Lafrans te enpoze pèp ayisyen yon GWO Ranson, sa yo rele “Dèt Lendepandans” la. Malgre n ap neye nan san konpatriyòt nou yo nan Pòtoprens ak Latibonit, li enpòtan pou raple kouman Lafrans te kase ponyèt pèp ayisyen ak ranson 1825 lan. 

 Aprè viktwa lame endijèn sou lame Napoleyon nan lane 1803, pèp ayisyen te fonde yon peyi ki voye jete lòd mondyal esklavajis ak kolonizasyon ki t ap taye banda nan epòk la. 1804 se te premye pa yon sivilizasyon ki te chita sou solidarite ak tout moun ki te anba lesklavaj ak kolonizayon nan peryòd la. 

Se nan sans sa a, Ayiti te pote tout sipò l bay Bolivar, Miranda, revolisyonè Sendomeng yo e revolisyonè Grèk yo, elatriye. Epi non Ayiti a te raple gwo jenosid endyen yo te sibi anba men kolon loksidan yo.

Pandan klas kiltivatè a tap goumen pou fòje pwojè byennèt kolektif pou tout moun lan, nouvo dirijan ak klas dominan Ayisyen yo t ap manniganse pou kenbe sosyete miwomiba a kote yon tigwoup te ka volè fwi travay majorite an jan anpil politik t ap eseye fè sa, jan nou te ka wè nan kaporalism agrè a, kòd riral yo, elatriye. 

Nan objektif pou konsolide demach antipopilè sa a, zotobre nan pouvwa Petion ak Boyer te aksepte negosye anbachal pou Lafrans te rekonèt endepandans peyi Ayiti. Apre 21 lane batay pou lendepandans la, pèp ayisyen limenm te toujou rete soude nan konviksyon l pou defann libete l, defann peyi a ak bayonèt. 

Klas dominan ak gouvènman an alepòk te chwazi mete ajenou nan pye wa Lafrans lan, Charles 10, pou aksepte peye Lafrans 150 milyon fran lò pou Lafrans swadizan rekonèt endepandans Ayiti. 

Pou defann enterè klas sosyal pa yo, klas boujwa a ak grandon yo, Boyer ak akolit li yo te deside krache sou sivilizasyon mas kiltivatè yo t ap goumen pou mete kanpe an. Se te yon mannyè pou yo kapab kase ren rezistans popilè a ki tap egzije pataj ren pou ren  byen-richès nasyon an. 

Nan aksepte peye ranson an, Boyer ak zakolit li yo te enpoze pwojè yon modèl ekonomik ak politik ki chita sou eksplwatasyon, dominasyon, opresyon, represyon, koripsyon, enpinite ak vòl sistematik fwi travay peyizan-travayè yo pou te peye gwo kokenn chenn ranson sa a. 

Sa te pèmèt boujwa ayisyen akimile lajan ak richès pa yo tou. Sa vle di tout pwa ranson an ak akimilasyon richès klas dominan reyaksyonè yo te chita sou do peyizan-travayè yo. Se konsa klas dominan reyaksyonè ayisyen yo te asosye ak enperyalis franse yo, antanke konplis,  kont peyizan-travayè yo nan ranson lendepandans lan.

Pami eleman nou jwenn nan modèl sa a se kòd riral la, gwo taks sou agrikilti, eksklizyon kiltivatè yo, elatriye. Modèl sa a kote fwi travay kilvatè pataje nan peye ranson ak pou ranpli pòch grandon-boujwa ayisyen rete dominan pandan plis pase yon syèk. Sa se orijin istorik sosyete miwomiba, sosyete peze souse, sosyete mal pataje a ki tonbe an dekonpozisyon konplè, pourisman total, ak nan twou nou ladann la a, jounen jodi a.

17 Avril 1825 – 17 Avril 2025, se 200 lane kote Lafrans, ak konplisite boujwa e grandon ayisyen te deside bay batay pou byennèt pèp ayisyen an panzou ak so kabrit. Li enposib pou fè bilan kantite lavi moun evenmam ranson sa a detwi, timoun ki rete analfabèt tout vi yo, kantite dega anviwonman ayiti sibi kote jodi a, n ap pale de katastwòf ekolojik, katastwòf sosyal, katastwòf ekonomik, katastwòf politik, katastwòf kiltirèl, katastwòf mantal, elatriye. 

Pandan jounen jodi a, klas dominan yo, politisyen yo, nan konplisite ak enperyalis yo, livre peyi a bay gang, dilè dwòg-nakotrafikan, machann ògàn, ak machann zam ak minisyon, li enpòtan pou nou komemore 200 lane ranson lendepandans la pou nou tire leson istorik nesesè yo. 

Se yon fason pou nou montre kouman batay pou kenbe ideyal 1804 la egzije pou klas travayè yo, ouvriye, peyizan ak tout klas oprime yo konprann ke lavi yo, desten yo, lavni yo se nan batay san pran souf pou ranvèse Leta boujwa-grandon-politisyen granmanjè kowonpi tyoul enperyalis la pou bati yon sosyete ki chita sou byennèt kolektif la nan enterè fondamantal mas popilè yo. 

Jan nou di pi wo a, sa yo se kèk pwen refleksyon Ayiti Koupe Fache pote nan deba nasyonal kou entènasyonal kap fèt sou kesyon restitisyon ak reparasyon lajan ranson-dèt lendepandans la.

VIV RESTITISYON AK REPARASYON LAJAN RANSON AN NAN MEN PEYI ENPERYALIS LAFRANS NAN ENTERÈ PÈP AYISYEN!

VIV LIT OTONÒM AK ÒGANIZASYON OTONÒM KAN PÈP LA AK KLAS TRAVAYÈ YO KÒM POTOMITAN POU METE KANPE YON LETA DEMOKRATIK POPILÈ TOU NÈF!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.