25 septembre 2025
Piblikasyon FELmag : Mo powèt Anivince Jean Baptiste, prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl
Actualités Kreyòl Société

Piblikasyon FELmag : Mo powèt Anivince Jean Baptiste, prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl

« Association FEL Caraïbes » ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl anonse piblikasyon FELmag, yon magazin pou pwomosyon pwodiksyon syantifik ak pwodiksyon literè lang kreyòl ki mobilize plis pase trant (30) pèsonalite nan milye kreyolofòn nan. Daprè responsab yo, piblikasyon sila a antre nan kad yon pwojè ki pi laj yo batize « Karavàn kreyolofoni » kote yo vize koule 10 000 egzanplè magazin nan nan inivèsite ak nan lekòl peyi Ayiti disi fen mwa jen 2025 lan. « FELmag, yon piblikasyon istorik pou yon kreyolofoni syantifik ak yon kreyolofoni literè fètefouni ». Nou envite w li « Mo powèt Anivince Jean Baptiste », prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl », ekri pou prezante magazin nan.   

Nou p ap janm bouke di sa. Klèwonnen sa tout lasent jounen menm, si se sa ki pri pou yo tande nou, pou yo konprann nou epi aji. Li trè enkonsevab, inimajinab, pou Ayiti, pi gwo kominote kreyolofòn nan lemond pa rive enplante tout yon flonn aktivite ak inisyativ nan enterè devlòpman kreyolofoni. Li enkonsevab pou pa genyen yon latriye espas pou fasilite plis echanj kiltirèl ak entèlèktyèl nan mitan nou menm pèp kreyolopal ki nan Karayib la ak nan Oseyan endyen ki tèlman gen kichòy pou n boukante, pou n pataje, pou nou rakonte yonn lòt. Se pou desann fe anomali sa yo menm nou te kreye Festival Entènasyonal Literati Kreyòl an 2019. 

FELmag, kòm prensipal ògàn piblikasyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl vini nan menm dinamik « pou yon kreyolofoni solid e solidè » a an menm tan, ap travay darachpye « pou yon kreyolofoni syantifik ak yon kreyolofoni literè fètefouni ».

FELmag se yon nouvèl espas Association FEL Caraïbes louvri debatan pou tout kalite pwodiksyon syantifik ak pwodiksyon literè ki fèt nan lang kreyòl la bay kalinda. Se yon kafou rankont tou kote kreyòl divès kominote kreyolofòn Karayib la ak Oseyan endyen ap layite nan menm espas la. Se vre, jewografi elwànye nou, men lang nou, istwa nou, pase nou rapwoche nou. Se pale pou n kontinye pale, nou chak nan varyete kreyòl pa nou, pou nou yonn konprann lòt litlit epi konsa kreye plis posibilite pou demen rich ak lespwa pou lang an nou. Solidarite pèp kreyolofòn yo pou pouse kreyòl pi douvan se yonn nan pi bèl omaj nou ta kapab rann zansèt nou yo ki te rive fòje lang sa a nan mitan kalamite kolonizasyon. Se okazyon pou n di chapoba pou inisyatè Bannzil kreyòl yo ki kite pou nou, depi 1983, 28 oktòb kòm Jounen selebrasyon entènasyonal lang ak kilti kreyòl. 

N ap remèsye chak kontribitè, chak enstitisyon ki pote kole pou n ateri ak pwojè sa a. Yon remèsiman apa pou patenè istorik Festival Entènasyonal Literati Kreyòl yo, tankou: Fondation Maurice Sixto, Organisation Martiniquaise pour le Développement des Arts et de la Culture, C3 Editions, Akademi Kreyòl Ayisyen, Sosyete Koukouy, Espas Kreyòl, Tanbou – Literè ak KEPKAA. 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.