Limyè sou dènye atik atak malefik pwofesè Robert Berrouët – Oriol la
Pwofesè Robert Berrouët – Oriol, lè m fin li atik << La “Créolophonie scientifique” du PHTK néo – duvaliériste est une mystification, une arnaque à géométrie variable>> ou pibliye nan Rezo Nòdwès 16 me pase a, mwen sezi. Nan atik sila a, ou tire boulèt wouj sou Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ou di ki ta repwodui « avègleman yon sikilè Ministè Edikasyon Nasyonal te pibliye nan dat 21 fevriye 2024 ki konsène Kreyolofoni syantifik ». Ou menm rive pran libète afime « plizyè familye Facebook ak WhatsApp etone, choke poutèt Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ta pataje « avègleman » sikilè sa a ki konsène Kreyolofoni syantifik. Mesye Oriol, mwen vle soulinye pou ou an lagan, sipòte yon desizyon Leta ki enpòtan pou lang kreyòl pa yon zak, men pito yon aksyon sitwayen ki di nou p ap kite lanp konsyans idantitè ak konsyans lenguistik nou ap limen anba tab. Se endiferans nou ak pasivite nou kòm sitwayen ki fè Leta anpil fwa pa respekte « pawòl Leta ak desizyon Leta ». Ki fè pa toujou gen kontinite lè genyen yon pa fondamantal ki fèt nan direksyon limyè ak pwogrè.
Yonn nan bagay ki etone m, depi nan premye fraz atik ou a, se volim motivasyon ki abite w pou w fabrike yon yon atak malefik ki pa gen anyen pou wè ak laverite. Ou rive jwenn kapasite eksepsyonèl pou w konstui tout yon atik sou baz manti. Pwofesè Berrouët – Oriol, nonsèlman Festival Entènasyonal Literati Kreyòl pa t fè okenn piblikasyon nan dat 14 me 2025 ou presize nan atik ou a, men, ni anvan ni aprè 14 me, li pa fè okenn pòs ki konsène Sikilè w ap pale a, menm si nan FEL nou gen mil bon rezon pou n ta gentan fè sa. Mesye Oriol, sa etone nou anpil inivèsitè ou ye a pa atache lyen piblikasyon ou di FEL fè a kòm prèv ki pou apiye sa w avanse yo. Se yon deriv grav.
Mesye Berrouët – Oriol, mwen vle dabò felisite w pou kouraj ou. Yon (ansyen) pwofesè Inivèsite dwe gen anpil kouraj pou li bay tèt li tan, chita pwodui yon long atik sou yon afimasyon ki pa gen anyen pou wè ak verite, epi, voye l nan jounal anplis. Antanke « Conseiller spécial Conseil des professeurs d’Universités d’Haïti » (jan ou mansyone sa nan atik ou a), se sèten yon minimòm pwobite entèlèktyèl ta kapab evite ‘’yon lenguis – tèminològ’’ tonbe nan ma yon avilisman ki, natirèlman, p ap itil ni lasyans, ni kreyolofoni syantifik FEL ap pwone depi 2019 la, ni koz pèp ayisyen an ki plis bezwen jounen jodi a lide inite nan plas pawòl voyemoute.
Pwofesè Berrouët – Oriol, nan atik ou a, ou raple Festival Entènasyonal Literati Kreyòl te envite w kòm entèvenan an 2023. Wi. Envitasyon sa a te rive jwenn ou paske ekip FEL la kwè travay pou devlòpman syantifik lang kreyòl, efò pou reyònman literati kreyòl, dwe dabò konsène tout kreyolofòn alawonnbadè nou panse ki kapab gen yon pawòl nèf valab pou lang lan, sou lang lan, san mechanste maske. Mesye Oriol, pèmèt mwen raple w se sou baz menm kreyolofoni syantifik w ap kritike jodi a, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl te envite w fè entèvansyon w lan an kreyòl sou « Leksikografi kreyòl » nan lane 2023.
Mesye Oriol, pou respè tit pwofesè Inivèsite ou pote a, epi, si se pa mechanste ki te anime pwodiksyon atik ou a, n ap mande ou prezante Festival Entènasyonal Literati Kreyòl eskiz piblik pou kalite manti sa a ou oze fè sou yon evènman k ap fè efò chak ane pou l kenbe nan yon peyi kote kriz idantitè a pa sispann pete plafon epi, kote sitou, anpil moun panse gen plis mwayen finansye pou ankouraje n detui tèt nou kòm pèp pase posibilite ki ta dwe egziste pou ede n remoute pant frajil la.
Anivince Jean Baptiste,
Prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl