25 septembre 2025
Ti batbouch ak Frérot Pierre, Gran pri woman Emile Célestin Mégie nan Akademi Kreyòl Ayisyen 
Actualités Coin littéraire du Rezo Culture Kreyòl Société

Ti batbouch ak Frérot Pierre, Gran pri woman Emile Célestin Mégie nan Akademi Kreyòl Ayisyen 

Fréro Pierre fèt Marigo, komin nan sidès peyi Ayiti. Li se desinatè, atispent, gitaris, powèt, ekriven, senaris ak reyalizatè fim. An 2023, li soti loreya Gran Pri woman Emile Celestin Megie nan Akademi Kreyòl Ayisyen avèk maniskri « Lakou delivrans ». Rezo Nòdwès pote pou ou yon echanj fètefouni ak Fréro k ap viv nan peyi Senegal depi kèwk lane.  

Rezo Nòdwès – RN: Ou dekwoche premye edisyon « Gran pri woman Emile Célestin Mégie » pou maniskri « Lakou Delivrans ». Pale nou de premye reyaksyon w, santiman w lè nouvèl la rive jwenn ou.

Fréro Pierre – FP: Se nan ayewopò Abidjan mwen te ye, lè m resevwa imèl Akademi Kreyòl Ayisyen voye ban mwen pou anonse mwen nouvèl la. Mwen pa t ka lese sòti tout emosyon ki t ap bouyi anndan m. Se te jwa ak fyète. Mwen te achte yon byè pou m fete sa. Fyète a se sitou paske mwen se premye gayan Pri sa a ki pote non Emile Célestin Mégie, ki li menm se moun Marigo menm jan avèk mwen. Mwen panse ak Emile kontan kote li ye a. Mwen te pibliye yon rekèy powèm kreyòl ak fransè : EPITAPHE POUR CEUX QUI N’EN ONT PAS EU, mwen te fè yon dedikas pou Emile ladan l. Yon epitaf ki pati konsa : 

« Pou Emile Célestin Mégie 

ki travèse san fè bri

san fè kont

Lanmou li pou Marigo te kont

Se pa yon sekrè sa fè kont bri

Woukoukou pou Mégie »

Se pou m di kisa potorik gason sa a reprezante pou mwen. Se yon modèl. Pri sa a m genyen an, mwen ofri Togiram li ak tout Marigo. Se yon santiman devwa akonpli.

RN: Daprè Akademisyen Michel – Ange Hyppolite ki se manm Komisyon kilti ak literati nan Akademi Kreyòl Ayisyen, « Lakou Delivrans » se yon woman ki chita sou « eritay vodoun zansèt yo kite pou nou an ». Kisa ou ka di nou plis sou woman sila a ?

FP: Se yon istwa ki trete yon sijè ki rive souvan nan sosyete nou an, sitou nan fanmi ki gen grandèt yo ki te sèvitè vodoun. Se istwa yon jèn fi 17 lane, Nedje, lwa bitasyon l yo chwazi l kòm  manbo pou l jere yon lakou, LAKOU DELIVRANS, gran papa li t ap dirije anvan li te travèse vivan Nan Ginen. Menm Ogoun di chay la twò lou pou tchovi a. Simbi li menm di Nedje dwe obeyi. Si l ka jere renmen li ka jere lakou a. Woman an gen yon kote fantastik. Mwen mete lwa yo an sèn tankou nenpòt pèsonaj nan istwa a. Mwen mennen lektè a Nan Ginen pou asiste lwa yo nan reyinyon y ap fè antre yo pou chwazi jèn fi a, epi reyaksyon yo lè li pa dakò. Mwen fè anpil rechèch pou mwen ekri liv sa a. 

RN: Kòman ou defini tèt ou kòm ekriven?

FP: M ap kite lektè yo ak kritik yo di sa yo panse de ekriven an. Sèl sa m ka di, mwen ekri sou plizyè sijè : politik, sosyal, kilti, lanmou, nan plizyè jan : pwezi, nouvèl, woman, chanson. Mwen ekri senaryo tou paske m se yon sineyas. Pa twò lontan, mwen pral reyalize yon fim ki abòde tèm anviwònman. Tit li se : … Yon fwa, Savann Dezole. Mwen sitou bay kilti a yon plas enpòtan nan zèv mwen yo. Kòm atis, mwen vle eksplwate tout richès kilti sa a etale gratis devan m nan.

RN: Ki lòt pwojè ekriti ou genyen nan kouti nan lang kreyòl ayisyen an?

FP: Pwojè ekriti an kreyòl ki nan kouti, se suit Lakou Delivrans la. Woman sa a ki genyen Pri a rakonte peryòd Inisyasyon Nedje. Se sa k fè tit li se Lakou Delivrans, Inisyasyon. Istwa a pral kontinye nan plizyè tòm. Mwen gen yon rekèy powèm lanmou, kreyòl ak fransè, ki prèt pou pibliye tou, men l ap oblije tann toujou. M ap konsantre m sou pwomosyon Lakou Delivrans. 

RN: Kijan yon moun kapab retire yon egzanplè « Lakou Delivrans »?

FP: Lakou Delivrans deja disponib Etazini ak Kanada. Etazini se Fednel Aristide, Queens NY. Imèl : fednelaristide3@gmail.com. Colbert Nicolas, Brooklyn, NY. Imèl : grepa2010@yahoo.fr.Marlenne Encarnacion Valera, New jersey. Imèl : marlennevalera18@gmail.com. Nan Kanada, se Chantal Isme. Liv la pral disponib tou nan libreri KEPKAA ki, dimanch  22 jwen an, ansanm avèk Chantal, pral fè yon lansman ofisyèl nan Kanada. Adrès li se : 2000, boul. St-Joseph-Est, Porte B Montréal (Québec) H2H 1E4. Telefòn li se : 514 750-8800. Mwen pa vle bay nimewo patikilye yo. Men si yon moun bezwen liv la, ou ka ekri m tou, di m ki kote w ye, m ap fè suivi a. Nimewo WhatsApp mwen se : +221 77 147 5496. Imèl mwen se : freropierre@gmail.com. Pou Ayiti, mwen deja fè kontak avèk Agence Haïti Livres-Hebdo ki gen yon blòg HTLIVRES. Se yo ki pral distribiye li.

Anivince Jean Baptiste

anivincejeanbaptiste@gmail.com 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.