Association FEL Caraïbes ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl lanse ofisyèlman mèkredi 30 avril 2025 lan, nan lokal C3 Editions, FELmag ak Karavàn Kreyolofoni. Atravè premye sezon Karavàn Kreyolofoni k ap bout 30 me pwochen, responsab FEL yo vle siyonnen plizyè lekòl ak inivèsite nan peyi a pou anime konferans sou literati kreyòl, distribye FELmag, angaje atelye kreyasyon literè, fè pwomosyon kreyolofoni syantifik ak kreyolofoni literè, debat sou miltilenguis ak lang matènèl, elatriye.
An prezansyèl kou an vityèl, divès pèsonalite ak enstitisyon te reponn prezan pou savalouwe yon moman enpòtan pou lang ak literati kreyòl. Pami yo, Rosilia François Corneille, prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ; Gertrude Séjour, Direktris Fondation Maurice Sixto ; Nesmy Manigat, ansyen minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ; Samuel Mésène, reprezantan C3 Editions ; Jean Grégory Calixte, visprezidan AKA ; Michelle St – Félix, prezidan Tanbou – Literè ; Christophe Ph. Charles, sekretè jeneral AKA, responsab Editions Choucoune.
FELmag, yon pwojè istorik pou yon kreyolofoni solid e solidè
Pou powèt Anivince Jean Baptiste, prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl genyen nesesite pou devlope plis koneksyon ak echanj kiltirèl nan mitan kominote kreyolofòn yo : « Li fondamantal pou kominote kreyolofòn ki nan rejyon Karayib la ak sila ki nan Oseyan endyen an rasanble fòs yo pou fè pwomosyon lang kreyòl. Travay pou devlòpman lang kreyòl se travay pou onore memwa zansèt nou yo ki te konnen lanfè lesklavaj ak imilyasyon kolonizasyon. Lang kreyòl, kòm trèdinyon nan mitan nou dwe yon bèl pretèks pou n angaje plis echanj entèlèktyèl ak boukantay literè. FELmag, menm jan ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl vle rapousuiv tras Bannzil kreyòl nou konsidere jisteman kòm yon modèl solidarite entènasyonal pwodiktif an favè lang kreyòl. Bò kote pa nou, nou plis mete aksan sou literati kreyòl ki gen yon pwa fondamantal nan dinamik konstriksyon prestij lang lan. Lang nou se nou. Lang nou se nanm nou ». FELmag se plis pase 60 paj byen ilistre ; se plis pase 30 kontribitè ki soti nan divès kominote kreyolofòn kote yo chak ekri tèks yo nan kreyòl pa yo. FELmag se espas kote lasyans ak literati ap layite pou yon kreyolofoni fètefouni ! ». Nan entèvansyon li, Anivince te pwofite remèsye kèk pèsonalite ak enstitisyon ki kore pwojè FELmag la ak Karavàn Kreyolofoni an pandan li espere jwenn plis enstitisyon nan Leta a ak nan sosyete sivil la ki anbake : « Ayiti kòm pi gwo moso demografik nan kreyolofoni an dwe pran pwomosyon ak devlòpman lang kreyòl la plis oserye. E se pou sa Leta ak sosyete sivil la dwe anbake san jeretyen nan tout inisyativ ki vize pwomosyon lang lan ak literati lang lan. Nou apresye sipò Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) nan kad piblikasyon FELmag ak Karavàn Kreyolofoni. Nou rekonesan anvè patenè nou yo, tankou : Fondation Maurice Sixto, Organisation Martiniquaise pour le Développement des Arts et de la Culture (OMDAC), Akademi Kreyòl Ayisyen, Ministère de l’économie et des finances, Sosyete Koukouy, Espas Kreyòl, Tanbou – Literè. Rèv la se distribye dimil (10.000) FELmag gratis nan lekòl ak nan inivèsite peyi a. Pou sa, n ap bezwen konkou enstitisyon ak pèsonalite ki konprann sans travay la ki pou achte Magazin nan an kantite pou pèmèt nou distribye l gratis ».
Kòm kontribitè nan FELmag, nou jwenn : Karine Belizar, Yves Marie Seraline, Marc Exavier, Jozet Burlet – Miatékéla, Jean Grégory Calixte, Fred Brutus, Pauris Jean – Baptiste, Indran Amirthanayagam, Gertrude C. Séjour, Jean Euphèle Milcé, Ena Eluther, Jessica Nazaire, Menès Dejoie, Gary S. Daniel, Rosilia François Corneille, Michel Soukar, Grégory Rabess, Iléus Papillon, Jacques Adler Jean – Pierre, Marie Jocelyne Pierre, Pierre Michel Chéry / Martenson Metayer, Michel Rayapah, Robert Berrouët Oriol, Anivince Jean Baptiste, Jude Duranty, André Fouad, Jacques Pierre, Penda Choppy, Hilario Batista Félix, Frantzley Valbrun, Didyer Mannette, M’ Bitako / Johane Joseph, Philippeson Juste, Neno Garbers.
Frantzley Valbrun