25 septembre 2025
1925-2025: Selebrasyon 100 ane fondasyon pawas Sentizidò nan Lagonav (2/2) 
Actualités Kreyòl Société

1925-2025: Selebrasyon 100 ane fondasyon pawas Sentizidò nan Lagonav (2/2) 

Idson Saint-Fleur *

Diferan dekoupaj ki fèt soti 1958 pou rive 2013 nan teritwa katolik gonavyen an redui sou kantite estasyon ki te depann de pawas Sentizidò a. Se yon reyalite pyès moun pa ka konteste. Pou kounye a pawas la ap desèvi sèlman 5 estasyon ki gen chapèl: estasyon Sentàn nan Zetwa, estasyon Sentfami nan Palma, estasyon Senmatendeporès nan mòn Pikmi, estasyon Senfranswazavye nan Boukanlama ak estasyon Senjanbatis nan Titans.

Li difisil pou konnen apeprè konbyen fidèl katolik ki genyen nan pawas sa a. Move kalite kolèk ak jesyon estatistik yo se yon gwo pwoblèm Legliz yo – Legliz katolik tankou Legliz pwotestan – poko fè yon vrè refleksyon sou li, kidire pou yo ta rezoud li. Kidonk, yon obsevatè ki ta bezwen konnen konbyen fidèl ki genyen nan pawas sa a, pa p jwenn repons la. Petèt yon estimasyon ! Men la ankò !

  1. ZÈV SOSYAL YO

Konfòmeman ak doktrin sosyal Legliz katolik, pè yo ki te pase nan tèt pawas Sentizidò a, selon nivo yo ak kalite rezo sosyal yo chak, te toujou fè efò pou ede kèk moun viv tikras pi byen. Yo te fè entèvansyon nan plizyè domèn sosyal. Genyen ki te fè plis paske li te gen plis kontak ann Ayiti oubyen aletranje. Genyen, an fonksyon de angajman soyal yo anfavè moun ki pi vilnerab yo, ki pa t janm sispann bouske èd nan enterè popilasyon an. Youn pami pè sa yo ki te chanpyon nan kesyon sa a se pè Jules Van Looveren (1969-1976), trèzyèm kire pawas Sentizidò a.

  1. Edikasyon

Lekòl Sentbènadèt ki tounen depi kèk ane Konplèks edikatif Sentbènadèt se pi gwo zèv sosyal pawas la genyen. Lekòl sa a tabli nan vil Ansagalè depi ane 1964. Se gras ak yon kontribisyon finansye Vatikan, pè Arthur Van Den Bossche te kòmanse konstriksyon lokal lekòl la soti 1960 pou rive 1961. Léona Gezels, yon misyonè layik, moun peyi Beljik, se premye direktris enstitisyon sa a. Se poutèt sa, pandan anpil tan, akote non fòmèl lekòl la, majorite popilasyon an te rele l « Kay Léona ». 

Sou kote madmwazèl Léona Gezels te genyen madmwazèl Paula Van Ursul ki te pran gwo responsabilite pedagojik pou fè lekòl sa a fonksyone kòm sa dwa.   

Pandan lontan tou, responsab pawas la te louvri sou menm sit sa a yon Sant pwofesyonèl ki te fòme jèn fi nan kouti, bwodri ak kuizin. Men sa gen plis pase 30 tan depi pòt Sant sa a fèmen.

Pawas la genyen sou responsabilite l lekòl Senjanbatis ki nan Titans. Se yon lekòl k ap fonksyone ak anpil difikilte. Li akiye timoun soti nan premye pou rive sizyèm ane fondamantal.

 Sousi ankadreman jèn yo te ankouraje pè Jules Van Looveren (1969-1976) voye plizyè jèn gason al aprann mason sou kontwòl yon kontremèt nan zòn Fòlibète. Konsa, li pral itilize jèn sa yo nan yon Pwojè konstriksyon kay ki te plis devlope nan vil Ansagalè. Kèk ane aprè, li te ouvri sou lakou presbitè a yon atelye pou ankouraje jèn gason yo aprann mason ak ebenis. 

Nan fen ane 60 yo pou rive nan ane 70 yo, anpil lekòl nan seksyon kominal yo te resewa timoun pou 4 klas (primè) fondamantal. Lekòl sa yo pa t gen posibilite pou fè fonksyone lòt klas pou rive nan klas sètifika oubyen si yo te fè sa se te ak anpil difikilte. Se Poutèt sa, pè Jules te ouvri yon pansyon, nan lakou presbitè a menm, pou akeyi de  twa timoun paran yo te kapab peye pou yo 15 goud oubyen 20 goud chak mwa pou lojman ak nouriti. Lè kesyon sa a kòmanse pran chè, misyonè esket la te deside konstui yon lokal pou resevwa plis timoun ki soti nan zòn riral yo e ki te vin kontinye etid yo nan Lekòl Sentbènadèt. Pansyon an te akeyi tout elèv, katolik ou pa. 

Aprè yon sèten tan, pwojè pansyon eskolè sa a te tonbe nan dlo. Se Konsa, pawas la te vin lwe lòt moun kay sa a pou yo abite. Palasuit, se nan kay sa a mèt Constant Joseph ta pral ouvri yon lekòl prive.

Nan domèn edikasyon an toujou, pè a te fè gwo demach bò kote otorite ministeryèl yo nan Pòtoprens nan lide pou elèv nan klas sètifika te ka konpoze Lagonav, paske anvan sa se Akayè yo te dwe ale. Efektivman, nan mwa jen 1972, egzamen setifika yo fèt Lagonav pou elèv Lagonav.

Pè Jules Van Looveren (1969-1976) te louvri nan lokal azil la (Anba-Azil) yon lekòl pou akeyi timoun fanmi ki te pi vilnerab nan katye Magazen ak ozalantou. Kòm lekòl sa a pa t gen tout klas (primè) fondamantal yo, timoun ki te byen pwogrese yo te kontinye etid yo nan lekòl Sentbènadèt. Pou timoun sa yo ak fanmi yo, pè Jules te konn òganize yon mès chak dimanch maten bò dizè nan lekòl Anba-Azil la menm. Pandan tan sa tou, li te lanse mouvman Kiwo a sou zile a. 

  1. Sante

Pandan administrasyon pè Alfons Van Hooydonck (1964-1968), madmwazèl Madeleine Tremblay, yon layik, moun peyi Kanada, te fonde yon dispansè nan sant pawasyal la. Pandan ane 1966, li te louvri yon sèvis pou bay swen matènite. Konparativman ak lekòl la, dispansè sa pa t fonksyone pandan lontan. Se lokal dispansè sa a responsab lekòl yo itilize pou enstale klas matènèl yo oubyen selon yon langaj ki pi aktyèl klas preskolè yo.

Menm si dispansè a te kanpe travay, kèk ane annaprè pè Jules Van Looveren (1969-1976) te itilize kontak li pou fasilite elèv yo gen aksè ak swen dantè atravè yon misyon sanitè ki te fèt chak ane. 

Sèvis medikal sa ki te kanpe pandan lontan, pè Jean Marceau Dieudonné t a pral reprann li lè li ouvri sou sit lekòl la yon klinik pou elèv yo. 

  1. Espò

Nan domèn espòtif, pè Jules Van Looveren (1969-1976) te ankouraje anpil jèn gason jwe foutbòl. Se sou yon pati nan salin nan (Zòn bò Aroïs) li te konn òganize chanpyona pou fasilite jèn yo devlope talan yo. Yon espò li te konn pratike e ladann li te montre li te gen bon jan kalite pou sa. Ajaks, se non ekip foutbòl pè a te mete sou pye e se nan ekip sa a li te konn jwe. Pandan kèk ane ekip sa a te gen yon ekselan gòlkipè : Rodolphe Lafontant. Men lòt ekip yo tankou Blouzonwouj, Ideyal te konn bay bèl pèfòmans.

  1. Konstriksyon kay

 Se toujou pè Jules – paske li te vle amelyore kondisyon lavi popilasyon an -, ki te repare, nan yon epòk, waf Magazen an epi konstui dig pou anpeche lanmè a anvayi mache a ak kay ki te tou pre rivaj la. Nan sans sa a tou, li te devlope yon pwojè pou konstui kay pou sèten moun. Benefisyè yo pa t oblije fidèl katolik. Gen kay ki te gen 2, 3, 4 oubyen 5 chanm ak galri. Genyen ladan yo ki toujou debou sou granri Ansagalè a (boulva Isaac Louverture) ak nan lòt katye nan vil la. Andeyò vil la, sèten sakristen nan estasyon yo te benefisye pwojè sa a tou. 

Pè a te elabore yon plan ki pa t gen gwo kontrent ladann, yon fason pou ede pwopriyetè yo ranbouse lajan konstriksyon kay sa yo. Men, jan sa rive souvan, anpil nan mèt kay sa yo pa t janm fin peye. 

Pè Raphaël Maenhout (1977-1984), alyas pè Raph te ranplase pè Jules nan tèt pawas sa a. Aprè li te fin analiz kaye kontabilite pwojè a, pè Raph te konstate pifò nan benefisyè yo te gen plizyè ane depi yo pa t janm ranbouse senk kòb peni. Konsa, avèk anpil konpasyon li te deside anile tout dèt sa yo. Se te yon fason pou li te aplike mesaj li te jwenn nan liv Lik chapit 7 vèsè 40 pou rive nan vèsè 43. 

  1. Pansyon pou pòv malere

Nan menm zòn pansyon pou elèv yo, pè a ta pral konstui yon pansyon pou resevwa pòv malere debrabalanse. Moun sa yo te kontinye ale mennen vini nan vil la ap mande charitepòv, men chak samdi yo te pase pran manje kri nan presbitè a. Aktivite imanitè sa a te rapousuiv pandan administrasyon pè Raphaël Maenhout (1977-1984) ki te toujou bay pòv malere sa yo yon « ti rezistans », tankou Silorient ta di sa. Anplis de sa, nouvo kire a te konn bay chak benefisyè sa yo pou piti 25 kòb (Nan epòk sa a, monnen sa a te pèmèt yo manje pen ak dlo sikre).

  1. Dlo

Pè Jules, se li ki te mete ansanm ak misyonè wesleyen yo nan Lagonav pou konstui yon fontèn dlo bò mache Magazen an. Konsa, moun yo pa t oblije monte « Nan-Koup » pou vin pran dlo nan fontèn ki te arebò plas piblik la.  

  1. « Site 23 oktòb »

Nan moman kalamite tankou sechrès, inondasyon dirijan pawas la te konn chèche wè nan ki fason pou yo pote asistans bay moun ki te nan nesesite. Kòm egzanp, apre inondasyon 23 oktòb 1986 la, ki te lakòz dezolasyon nan vil Ansagalè ak nan anpil lokalite riral, pè William (Bill) G. Quigley (1983-1993), te montre anpil aktivite nan reloje sinistre yo, sitou sila yo ki te nan katye Magazen. Se konsa « Site 23 oktòb » te kreye. Pou sa te kapab fèt, pè Bill, gras ak asistans li te jwenn aprè katastwòf sa a, te achte yon gwo moso tè nan men majistra Isaac Coq Louverture epi konstui kay pou sinistre yo. Se nan suit kreyasyon « Site 23 oktòb » la  « Site Boujwa » t ap vin devlope. 

Sou pwen sa a ak sou plizyè lòt ankò, asireman gen bagay pou moun ki konnen ta di anplis tankou kreyasyon Sant animasyon katechèz nan Grannsous. Yon espas pè Jules te ouvri nan lide pou òganize rankont ak sakristen yo. Men tou yo te konn itilize espas sa a pou fè fòmasyon andiplis pou anseyan k ap travay nan lekòl katolik yo.  

  1. Sentizidò nan Lagonav

123 ane depi estasyon Ansagalè a te soti anba pwoteksyon Sentantwàn pou pase sou pwoteksyon Sentizidò ; 100 ane aprè kreyasyon pawas Sentizidò, kominote katolik Lagonav la fè yon bon bout wout malgre tout difikilte yo ak kalite relasyon nouvèl jenerasyon yo devlope ak lafwa nan Bon Dye. Men pyonye lèv sa a, prensipalman pè Jean-Baptiste François Primet, pè Allain Euzen ak tout lezòt ki te vini aprè e ki te envesti san mezire nan travay evanjelizasyon sa a ta kontan wè kòman yo pa t simen bò chemen, ni nan mitan wòch, ni nan tè ki chaje ak pikan. Yo te jete semans yo nan yon tè kote plant la jèmen, grandi epi donnen. 

Eukharistía !

*Idson Saint-Fleur 

Jounalis, sosyològ deja ekri plizyè liv sou istwa zile Lagonav. Li kontinye eksplore domèn sa a. L ap prepare kounye a yon liv sou istwa Legliz katolik, Legliz pwotestan ak Vodou pandan l ap analize kontribisyon sosyal yo nan lavi Gonavyen yo.

saintfleuri14@yahoo.fr

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.