Dr Arnousse Beaulière : Woy! Lilyàn cheri
Woy ! Lilyàn cheri Yo fin anraje Ap voye plòt krache Sou bon zouti Yo fin awoyo Ap kase ren lakilti Nan rèl do Lanati Pandan y ap plede Voye ochan pou pouriti Santi di Bagay ki bay Kè plen Bagay ki bay Anvi vomi tout lajounen . Woy ! Lilyàn cheri Apa w ale vre Ayiti
