Fritz Jean denonse efondreman tout enstitisyon peyi a pandan 4 dènye lane sa yo

0
829
Haitian economist Fritz Jean, who leads a civil society initiative that is calling for the creation of a two-year transition government to improve the country's security situation before holding elections, poses for a photograph after an interview with Reuters, in Port-au-Prince, Haiti February 4, 2022. REUTERS/Ralph Tedy Erol

Prezidan eli Akò Montana a deplore efondreman peyi a pandan 4 dènye ane yo

Diskou Prezidan Eli Akò Montana sou kriz la

Jodi 26 juillet2023

Chapo ba pou Frèn ak Sen toupatou sou latè

Jodi a 26 juillet 2023 sa fè nou 4 lane san pran souf kote nap viv efondreman total kapital tout enstitisyon anndan peyi a ki lage popilasyon an nan yon dezespwa san parèy.

Moun ap kouri toupatou Anba kout bal jenn gason Ak jenn fanm elit politik ak ekonomik peyi a te mete zam nan men yo pou yo te defan teritwa yo pou eleksyon fo mamit e kontwole èspas pou monopòl vann ak achte sou ti mache rabougri 20 milya dola AYITI ye jodia.

Jan nou toujou dil vyolans ekonomik, sosyal e politik sa a ki mare sosis li ak move gouvènans mennen nou tèt dwat nan yon Kawo total.

  • Rigòl san ap koule nan 4 kwen peyi a,
  • Chen prèske rasazye ak vyann kadav konpatriyòt nou yo kap tonbe anba bal.,
  • Pifò ti antrepriz ak mwayenn antrepriz fèmen pòt yo;
  • Anpil moun pèdi kay yo se nan ladesant yap viv.
  • Peyizan yo pa ka rive ni plante ni rekòlte .
  • Mango ak zaboka rete gaspiye nan pwovens  paske nèg ak zam kontwole tout wout ki pou fè pwodwi yo rive pòtoprens.
  • Zafè lekòl lamenm se apenn si nou rive sove 2-3 mwa

Apa Yonne ou 2 kote nan peyi a Endistri touristik la atè plat, Dyaspora pa ka vini lakay, Enflasyon ak chomaj ap taye banda.  Resèt ladwan ak lajan gaz ap vide nan kès leta se atò popilasyon an nan mizè? sak pase ak lajan sa yo? Misyon prensipal leta se bay sèvis.

Latibonit ki se dezyèm pi gwo rejyon nan peyi anba kontwòl total nèg ak zam.

Aktivite nèg ak zam nan komin Tirivyè ak Lestè rive paralize depatman an.   Depatman Nodwès ak Nò pa ka travèse Latibonit.

Yon moun kap sòti Tirivyè pou vini Pòtoprens jodi a bezwen 5,000 goud pou transpò moto ak machin .

Yon moun kap soti Akayè /Senmak pou vini Pòtoprens oblije pase Gonayiv- Senmichèl -St Rafayèl-piyon- Hinche -Mibalè pou ateri pòtoprens pou 4,500 Goud

Moun Akayè ki te bezwen 30-45 minit pou vini pòtoprens bezwen tout yon jounen  sou wout ak tout ris lanmò ou byen kidnapping.

Frèn ak sèn yo malgre tout peripesi ak kalamite sa yo, olye sila yo ki kreye kawo jeneralize sa konprann nesesite pou peyi a ta jwenn bonjan konsansis pou akouche yon bon tranzisyon pou tout moun,  yo prefere ap fè tan pase pandan peyi ap finn depafini pou règ jwèt yo pa janm chanje.

Nap di sila yo ki trennen Tè Ayiti ak pèp Ayisyen nan kalfou lawont sa ki vle fè nou pase pou pèp kanibal la, systèm ekonomi vyolans la rive nan bout li, nou pap ka kenbel anvi ankò. Fòk tout moun konpran sa

Nap di sila yo ki poko vle konprann, Peyi a rive nan laj limyè, tout pawòl pale, tout moun konprann, tout bagay klè.

Pa gen okenn  akò patwon, ti zanmi, ti klan,  ti fanmi  ak ti paskout ki ka retire nou nan katchouboumbe sa a.

Ak lagè kap fèt sou latè, sanksyon ke yo enpoze sou yon seri de operatè ki derefize konpran ke règ jwèt yo dwe chanje, Nou alavèy gwo boulvèsman nan relasyon gwoup sosyal yo andan peyi a. Jenerasyon kap monte la ka ap asiste a yon redefinisyon de koman pou moun fè biznis andan peyi a e sitou yo ka temwen yon rekonpozisyon de moun ki ap kreye richès andan peyi a. 

Nou paka rete chita ap goumen antre nou san nou tout, moun nan sèktè politik, moun nan sèktè ekonomik, moun nan sosyete sivil, san nou pa bay dirèksyon kote nou vle ale ak boulvèsman sa yo. Sinon, yap fè l pou nou. Se pa vre nou ka kontinye ap fè jwèt koken. 

Menm jan, nou dwe chita pou nou di ki sa ki dwe fèt pou tout moun sa yo ki pedi ti biznis yo, kay yo, jaden yo. Se motè peyi a ki bloke la, fòk nou chita pou nou ka di sa ki dwe fèt ak tout moun sa yo ki pedi tout sa yo te genyen.

Men, sa ka fèt sèlman si nou mete peyi a devan, nan fè konsesyon pou bonjan konsansis pou mete kanpe enstitisyon leta yo kap mete baz solid pou adrese pwoblèm gouvènans, sekirite, jistis, eleksyon demokratik enklizif, lib, onèt, transparan pou mennen nou nan chimen estabilite, devlopman ak lapè.

Nap fè lot AYITI a ansanm

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.