25 septembre 2025
Dr Arnousse Beaulière : Woy! Lilyàn cheri
Actualités Culture Kreyòl Société

Dr Arnousse Beaulière : Woy! Lilyàn cheri

Woy ! Lilyàn cheri

Yo fin anraje

Ap voye plòt krache 

Sou bon zouti

Yo fin awoyo 

Ap kase ren lakilti

Nan rèl do

Lanati

Pandan y ap plede 

Voye ochan pou pouriti

Santi di

Bagay ki bay

Kè plen

Bagay ki bay

Anvi vomi tout lajounen

.

Woy ! Lilyàn cheri

Apa w ale vre

Ayiti fèk kare

Nan salopri wi

Ki jan pou n fè

Pou rive sòti nan lanfè

Mantal sa

K ap fin depatya

Bèl ti peyi nou an

Kote nou te ka pran

Bon jan van

Kokenn chenn peyi ki fè listwa sa

Jan w konn abitye di l ak tout kè w

Ak tout fòs w

San fòs kote

Ak tout fyète w

San voye monte

Nan jounal katrè w la

Randevou nouvèl bon zouti w la

Nan radio Kiskeya

Radio zile a

Non

Nou p ap ka bliye w

Non

Nou p ap janm ka bliye w

Fanm vanyan

Pou toutan gen tan

© Arnousse Beaulière

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.