25 septembre 2025
Èske Minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, ta konfonn “kou kreyòl” ak “kou literati kreyòl”?
Actualités Culture Education Kreyòl Sciences et futur Société

Èske Minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, ta konfonn “kou kreyòl” ak “kou literati kreyòl”?

Dimanch 9 jiyè 2023 a, minis edikasyon nasyonal peyi Ayiti, Nesmy Manigat, rete atansyon anpil moun ak mesaj sa a li pibliye sou paj Facebook li : “Se an #kreyòl enèji nou sanble! Pa sezi si yon tèks Zafèm sòti nan egzamen ofisyèl literati kreyòl nan nouvo segondè a nan bakaloreya 2023, menm jan sa deja fèt ak #Bic Tizon Dife #Maurice Sixto #Frank – Etienne… Se pa sèlman pawòl minis la, se pawòl mizisyen an tou. Zafèm montre Ayisyen vibre ansanm pi byen an kreyòl, epi rakonte yo pi byen an kreyòl. #Alaso ak yon lekòl miltilang : Kreyòl, Anglè, Espanyòl, Franse ».

Toudabò, nou bat bravo pou konsyans lenguistik ak konsyans idantitè minis lan moutre li devlope lakay li lè li konprann lang kreyòl la dwe okipe yon plas fondamantal nan lekòl peyi Ayiti ki se pi gwo kominote kreyolofòn nan Karayib la. Mete sou sa, mizapa Ayiti pou kont pa l regwoupe plis pase 60 % popilasyon moun ki pale kreyòl nan Karayib la, li se sèl espas kreyolofòn ki genyen 100% popilasyon l ki pale kreyòl.

Bon ! An n kite kantik pran priyè. Nan mesaj Minis Nesmy Manigat nou mansyone pi wo a, gen yon pati ladan l ki plis rete atansyon nou. Se kote li di: “Pa sezi si yon tèks Zafèm sòti nan egzamen ofisyèl literati kreyòl nan nouvo segondè a nan bakaloreya 2023, menm jan sa deja fèt ak #Bic Tizon Dife #Maurice Sixto #Frank – Etienne…”. Yon pawòl konsa mennen n tètdwat sou chemen yon rado kesyon: Èske minis edikasyon nasyonal ayisyen an ta konfonn “kou kreyòl” ak kou “literati kreyòl”? Kisa ki yon kou literati kreyòl pou Ministè edikasyon nasyonal peyi Ayiti ki devlope yonn nan literati kreyòl nou kapab di ki pi divèsifye sou plan estetik ak sou plan tematik (nan pwezi sitou)? Èske se vre gen yon kou literati kreyòl toutbonvre nan pwogram nouvo segondè an Ayiti ? Èske, nan plas egzamen literati kreyòl, se de egzamen kreyòl Minis lan te pale?

 Toupatou nan lemond, yon kou literati rete yon kou literati

N ap raple nan menm mesaj la, Minis lan mande n « Pa sezi si yon tèks Zafèm sòti nan egzamen ofisyèl literati kreyòl nan nouvo segondè a nan bakaloreya 2023, menm jan sa deja fèt ak #Bic Tizon Dife #Maurice Sixto #Frank – Etienne… Wi, Minis, gen rezon pou moun sezi si yon tèks ki nan kategori oraliti (pwodiksyon oral) ta parèt nan yon egzamen ofisyèl literati sitou lè n konsidere literati reprezante pwodiksyon ekri yon sosyete. Wi, yon albòm mizik, an prensip, egziste sou fòm tèks dabò menm jan ak anpil lòt pwodiksyon oral ki gen yon dimansyon estetik. Men, malerezman, sa pa sifi pou kategori kreyasyon sa yo fè pati literati, menm si yo ta gen yon karaktè literè pèsonn pa ka konteste. Powèt Manno Ejèn devlope konsèp « Oraliterasyon » pou esplike “fenomèn transfòmasyon yon èv oral sibi lè li chanje an ekriti pou li tounen yon èv literè”. E se sa ki fè yon tèks atis BIC oubyen lodyansè Maurice Sixto ki figire nan egzamen literati kreyòl ta pa poze (twòp) pwoblèm. Deja, yon kantite nan tèks BIC chante yo disponib sou fòm liv sou tit « Le champ magnéBIC ». Fondation Maurice Sixto transkri plis pase yon dizèn lodyans Maurice Sixto epi pibliye yo sou tit « Léa Kokoye ak lòt lodyans » nan edisyon Kopivit – l’Action sociale. Nan tout peyi nan mond lan, literati rete literati. E yon kou literati rete yon kou literati.

Ministè Edikasyon Nasyonal kapab inisye yon kou literati kreyòl nan lekòl

Nan kad patisipasyon m nan « Little Haiti Book Festival 2023 » a, mwen te deja soulve kesyon nesesite pou Leta ayisyen, atravè Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, ta enstore yon Kou Literati Kreyòl nan nouvo segondè. Yon Kou Literati Kreyòl k ap pran an kont istwa literè lang lan, lavi ekriven yo, angajman yo pou lang lan ak nan lang lan. Travay istoryen literè Michel – Ange Hyppolite ak antolojis Christophe Philippe Charles yo kapab ede anpil nan kesyon sa. Nou panse anpil tèks nan literati lang kreyòl la gen kapasite nonsèlman pou bay ekolye ayisyen mil rezon pou l kwè nan lang li ki se yon eleman fondamantal nan idantite n kòm pèp, men tou ba li ase jèvrin pou ede l konsolide (e menm devlope) santiman nasyonalis ak patriyotis ki lakay li.

Nan kad yon Kou Literati Kreyòl, nou wè yon dividal otè ki byen kanpe pou antre nan wonn nan: Oswald Durand, Félix Morisseau Leroy, Mercédès Foucard Guignard (Déita), Georges Castera, Jan Mapou, Michel-Ange Hyppolite, Frankétienne, Manno Ejèn, Dominique Batraville,  Bonel Auguste, Kiki Wainwight, Gary S. Daniel, pou n site sèlman non sa yo.

Boutofen, Sosyete pa bati nan petekouri. Se bon jan refleksyon. Nou pa twouve li nòmal ditou pou Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl kontante l nan jis mete kèk tèks literè kreyòl nan yon kou kreyòl epi prese fè konnen yo gen yon kou literati kreyòl.

 Anivince Anervé Jean Baptiste

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.