25 septembre 2025
COODAH : Nouvèl lanmò Liliane sekwe nou anpil nan Dyaspora a
Actualités Kreyòl Société

COODAH : Nouvèl lanmò Liliane sekwe nou anpil nan Dyaspora a

Nòt Senpati  

Miami, 01 Dawou 2023 

Kwalisyon Òganizasyon yo ki nan Dyaspora a (COODAH) Aprann avèk anpil tristès nouvèl lanmò jounalis vedèt  jounal 4trè Radyo Kiskeya a Madanm Liliane Pierre Paul. 

Nouvèl lanmò trajik sa sekwè nou anpil nan kominote Dyaspora a , li lague nou plat atè nan yon moman kote peyi  d’Ayiti deja ap fe fas ak yon kriz politik , sosyal ekonomik ak yon ansekirite san parèy. 

Liliane pat sèlman yon jounalis , .Sete yon ranpa,yon senbòl,yon defansèz pou libète ekspresyon ak demokrasi nan  peyi d’Ayiti. 

Liliane te konsakre vi li ap batay pou chanjman peyi Dayiti ak jistis pou sak pi fèb yo. 

Nan sans saa COODAH ap mande gouvènman an pou bay Liliane Pierre Paul yon fineray nasyonal kòm diy fiy  merite patri ya. 

COODAH Ak tout kominote Dyaspora ap koubel byen ba devan depouy Liliane Pierre Paul .nou pwofite okazyon  sa pou nou voye tout senpati nou ak kondoleyans bay fanmi Pierre Paul ,Radyo Kiskeya bay tout zanmi ak moun  depa trajik sa afekte  

Miami premye Dawou 2023  

Pou otantifikasyon : 

Pierre Jean Raymond André
Kòdonatè jeneral

Jean Alix Prophète 
Kòdonatè Nasyonal  

Gotchen Bernard.
Sekretè jeneral,

Edens Desbas 
Pòt pawòl.

Hudson Rock
Grand Conseiller  

Rony Fils-Aimé
Relations Publique.

www.coodah.or

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.