25 septembre 2025
Global Justice Clinic | Faculté de Droit de Harvard : retrait du soutien américain à Ariel Henry réclamé dans une lettre aux secrétaires d’État Antony Blinken et Brian Nichols sur la crise en Haïti
Actualités Kreyòl Société

Global Justice Clinic | Faculté de Droit de Harvard : retrait du soutien américain à Ariel Henry réclamé dans une lettre aux secrétaires d’État Antony Blinken et Brian Nichols sur la crise en Haïti

La faculté de droit de Harvard et Global Justice Clinic, aux États-Unis, à l’occasion du deuxième anniversaire de l’assassinat de l’ex président haïtien Jovenel Moise, ont écrit aux secrétaires d’État américains Anthony Blinken et Brian Nichols, pour exprimer leur profonde inquiétude par rapport au soutien des États-Unis au régime répressif, qui assiste passivement à la détérioration de la situation depuis la mort de Moïse.

 »Des progrès en matière de droits de l’homme et de sécurité et un retour à l’ordre constitutionnel ne seront possibles que si le peuple haïtien a la possibilité de changer de gouvernement, et cela n’est possible que si les États-Unis cessent de soutenir le gouvernement illégitime », ont indiqué les institutions précitées.

Lundi 10 juillet 2023 ((rezonodwes.com))–

Kriz an Ayiti | Etazini : Global Justice Clinic ak Havard Law School ekri Antony Blinken ak Brian Nichols

10 jiyè 2023

Onorab Antony J. Blinken Sekretè Deta Etazini 2201 C Street, N.W. Washington, D.C. 20037

Brian A. Nichols Sekretè Deta Adjwen nan Dosye Emisfè Oksidsantal 2201 C Street, N.W. Washington, D.C. 20037

Chè Sekretè Blinken ak Sekretè Adjwen Nichols,

Nou menm, fakilte dwa nan peyi Etazini travay men nan men ak sosyete sivil ayisyen an pou defann dwa moun, ekri nan okazyon de (2) lane anivèsè asasinay Prezidan Moïse pou eksprime enkyetid pwofon nou ki pa janm pase kanta sa ki gen pou wè ak sipò Etazini an favè rejim represyon an, ki te chita ap gade kriz Ayiti a k ap deteryore depi lè Moïse te fin mouri. Pwogrè sou dwa moun ak sekirite ak yon retou nan lòd konstitisyonèl ap posib sèlman si pèp ayisyen an ta gen opòtinite pou chanje gouvènman yo a, e sa sèlman posib si peyi Etazini sispann sipòte gouvènman ilejitim nan.

7 jiyè 2023 make de (2) lane depi yo te asasine prezidan Jovenel Moïse. Li kite yon vid nan pouvwa a, sitou poutèt li menm ak pati li a, Pati Ayisyen Tèt Kole (PHTK), aprè lane pou demantle enstitisyon demokratik ki te sanse sèvi frennen pouvwa Egzekitif la. Nan landemen aprè lanmò Moïse, yo te konteste lidèchip peyi Dayiti. Peyi Etazini ak alye li yo te mete presyon sou Ariel Henry, sila Moïse te chwazi kòm pwochen Premye Minis men ki pa t ko enstale nan pòs li, pou asime pouvwa kòm Premye Minis defakto.

Pandan manda li, Doktè Henry te prezide yon katastwòf imanitè ak sou dwa moun. Gang yo pran kontwòl gwo zòn yo nan peyi a epi ap britalize popilasyon an san okenn pinisyon, anpeche moun jwenn aksè ak sèvis debaz, epi mete sou peye yon klima laperèz ki pran tout peyi a. Vyolans lan ap vale teren pi plis chak jou, li pran yon karaktè mabyal melanje ak masak, zak kidnapin ak vyolans seksyèl vin antre nan lavi kotidyen. Pèp ayisyen an ap viv nan yon lamizè ekstrèm k ap vin pi mal chak jou, enflasyon an melanje ak vyolans gang yo fè l vin pi mal toujou. Moun pa ka achte pwodui debaz yo epi w pa ka jwenn yo, sa vin foure mwatye popilasyon ayisyen an nan yon sitiyasyon grangou kritik. Vyolans jeneralize gang yo ak atak sible sou pò komèsyal yo ak wout yo ogmante lamizè a disèt wotè. Nan yon lòt bò, kòm pa gen opòtinite ekonomik sa vin jwe an favè rekritman gang yo, ki vin lakòz yon bon valè Ayisyen pa gen lòt chwa sinon kouri kite peyi a.1 Lagrap sou Leta ansanm ak koripsyon an minen demokrasi ak Eta Lalwa a nèt, alòske Doktè Henry ap konsolide sa ki rete nan enstitisyon Leta ayisyen an. Depi mwa janvye 2023, p ap gen yon grenn otorite k ap eli nan tout nivo nan gouvènman peyi Dayiti. Nan mwa mas, Doktè Henry te nonmen ilegalman uit (8) jij nan Lakou Siprèm Ayiti, Kou Kasasyon, sa ki febli lejitimite tribinal la pou kontwole pouvwa Egzekitif la. Gen lòt pòs lib nan sistèm jidisyè a, epi jij ki an fonksyon yo te viktim atak vyolans.

De (2) lane aprè asasinay Prezidan Moïse, yo pa ko kondane pèsòn nan peyi Dayiti. Pa gen okenn klate sou kiyès ki responsab lanmò a ni pouki rezon. Mank pwogrè konkrè lakòz twoub deja te gen prèv konkrè ki konekte Doktè Henry menm ak asasinay la, epi Doktè Henry te ranvwaye pwokirè jeneral ki t ap chèche kondane l. Gouvènman Etazini an pa janm abòde sijè sou prezime enplikasyon Doktè Henry.

Malgre echè kolosal gouvènman Doktè Henry, Etazini kontinye ap sipòte rejim ilejitim ak enpopilè li a. Diplomat Etazini yo trete Doktè Henry tankou endispansab nan chimen politik pou suiv la epi deziyen plizyè fwa gouvènman defakto Doktè Henry a kòm siyatè nesesè nan tout akò politik. Peyi Etazini pa abòde an piblik jan Doktè Henry pa t vle negosye de bòn fwa, menmsi yo fè konnen dyalòg nasyonal ak rechèch yon konsansis se yon etap kritik pou rezoud kriz nan peyi Dayiti yo. Trètman sa kontredi echèk gouvènman Etazini an pou angaje l kòmsadwa ak Montana, yon mouvman ki an favè demokrasi ki fèt ak yon kowalisyon divèsifye òganizasyon sosyete sivil, pwofesyonèl, pati politik ak politisyen, pèsonalite relijye ak aktivis.

Tou dènyèman la, sipò enjistifye an favè Doktè Henry te parèt nan akèy favorab otorite Etazini yo te bay Doktè Henry, desanm 2022 (“Dokiman Konsansis Nasyonal pou yon Tranzisyon Enklizif ak Eleksyon Jis) – National Consensus Document for an Inclusive Transition and Fair Elections” (Akò desanm -December Accord).) Akò a ta konsolide pouvwa Henry nan fason twoublan, sitou nan modifye konstitisyon an nan yon fason ki klèman ilegal. Modifikasyon Doktè Henry pwopoze yo te gen ladan yo otorite pou anbale Kou Kasasyon, Lakou Siprèm Ayiti, epi mete an plas yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) enkonstitisyonèl. Alòske sosyete sivil ayisyen an te kanpe an kwa devan akò a, poutèt se pa t yon rezilta dyalòg nasyonal, peyi Etazini te akeyi sa kòm “yon etap kapital.”

Nan kòmansman mwa jen, gwoup prensipal k ap defann dwa moun te lanse yon apèl pou aji pou “yon repons entènasyonal ki chita sou dwa moun” pou konstwi yon chimen k ap pèmèt nou vanse pou pi devan. Premye etap yo fè konnen se pou aktè pou entènasyonal yo “sispann soutni gwoup moun ki te anjandre kriz la, melanje ak sila ki sou pouvwa a nan moman an”. Epitou, anba rezèv premye chanjman politik kritik sa, yo te mande peyi Etazini ak lòt aktè entènasyonal yo pou:

– (1) Sipòte mizanplas yon gouvènman tranzisyon lejitim ki gen kòm responsablite pou òganize eleksyon lib, jis ak kredib;

– (2) Bay asistans teknik pou restore sekirite, lajistis ak responsablite;

– (3) Kanpe sikilasyon zam sòti Etazini antre an Ayiti;

– (4) Ankouraje yon pwosesis reparasyon anba kontwòl Ayisyen, ak yon garanti pou pa repete zak malonèt ki te pase yo, sa pouvwa etranje te lakòz yo; epi

 – (5) Reponn bezwen imanitè ijan, ki gen ladann tou aksè ak manje ak dlo ak swen sante kòmsadwa, epi aksè ak sistèm edikasyon.

Nou soutni apèl pou respekte souverènte pèp ayisyen an. Ariel Henry te mete lapat sou pouvwa a tankou Premye Minis peyi Dayiti gras ak soutyen entènasyonal ki sòti nan enjerans lan. Sosyete sivil ayisyen an ak menm manm nan Kongrè Etazini idantifye sipò etranje kontinyèl an favè rejim Henry an kòm obstak prensipal pou rezoud kriz ayisyen an. Gouvènman Etazini an dwe sispann sipòte status quo (sitiyasyon jan bagay yo ye a). Otorite peyi Etazini yo fè konnen yo pa chwazi ni moun ki pou genyen oswa pèdi nan dosye politik an Ayiti, poutan dwèt pous yo peze sou balans lan an favè Doktè Henry. Sa dwe kanpe. Gouvènman Etazini an ak lòt aktè etranje dwe mete sou pye yon espas k ap pèmèt pèp ayisyen an tounen nan lòd konstitisyonèl epi pou konstwi pwòp demokrasi pa l. Se pou yo evalye jefò tranzisyon yo an rapò ak Konstitisyon ayisyen an ansanm ak prensip tabli nan zafè dwa moun, pa egzanp, enklizyon, san diskriminasyon ak desantralizasyon. Pwopozisyon ki radikalman vyole lespri Konstitisyon an pandan l ap ankouraje kontwòl sou Leta pa kapab parèt kòm yon chimen sou wout demokrasi.

Sensèman,

Global Justice Clinic, New York University School of Law International Human Rights Clinic, Harvard Law School Pou plis enfòmasyon,

ou met kontakte: Ellie Happel, Associate Director, Global Justice Clinic, ellie.happel@nyu.edu

Beatrice Lindstrom, Clinical Instructor, International Human Rights Clinic,

blindstrom@law.harvard.edu

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.