Edisyon Freda di li pa ka kenbe ankò

0
1052

Jedi 6 jiyè 2023 ((rezonodwes.com))–

Edisyon Freda fè pati ra estrikti editoryal nan istwa literati an Ayiti ki chwazi pibliye liv kreyòl sèlman. Yon chwa difisil nan yon peyi difisil kote nou pa ka di pwodiksyon nan lang nasyonal la jwenn atansyon li merite ni nan men Leta ni bò kote sektè prive. Jounen Jodi a, Edisyon Freda, atravè PDG li Roniro Jean Baptiste, pouse yon kout rèl pou di yo pap kapab kenbe ankò si bagay yo rete konsa. Rankont sila a nou fè ak Roniro ofri egalman okazyon pou n manyen lòt koze ki lye ak vizyon Edisyon an, lang ak litetrati kreyòl…

Rezo Nòdwès (RN) Poukisa yon edisyon ki pibliye liv sèlman an kreyòl nan yon peyi yo rekonèt ofisyèlman kòm bileng?

Roniro Jean-Baptiste (RJB): Nou ta kapab mande tou poukisa (te) gen Edisyon ki chwazi pa pibliye liv kreyòl tou nan yon peyi yo rekonèt ofisyèlman ki genyen de (2) lang. Pibliye liv kreyòl sèlman se yon chwa difisil. E nou konsyan. Men, gen desizyon difisil, se kreyolofòn menm kid we pran yo pou lang kreyòl. Gen desizyon difisil se Ayisyen menm ki dwe pran yo pou Ayiti. Pèsonn p ap pran yo pou nou.  Ide kreye Edisyon Freda kòmanse nan lane 2014 aprè yon rezidans ekriti centre PEN Haïti te ògainize nan Pòtoprens kote m te yonn nan patisipan yo. Nou rive bay lide a fòm toutbonvre an desanm 2016, nan vil Gonayiv. Literati kreyòl la pran yon lòt vitès jodi a. Entansyon nou se ranfòse travay estrikti ki deja la k ap akonpanye devlòpman literè lang kreyòl la. Se kreye plis espas pou powèt, ekriven ak tout moun k ap ekri nan lang kreyòl la pibliye travay yo.

RN: Depi kèk tan, nou remake plizyè SOS Edisyon Freda kote li avwe san jennman li pa ka kenbe ankò. Pale plis de sitiyasyon an.

RJB: Nan Edisyon Freda, nou rive nan yon faz kote nou konprann toutbonvre nou pa ka nan benyen kache lonbrit. Depi 2021, se fòse n ap fòse kontinye egziste. N ap fè fas ak yon kriz ekonomik san presedan ki afekte tout sèvis nou yo. Nou pa rive jere pèsonèl nou yo. Kriz global k ap sakaje peyi a depi plizyè ane vin mete apse sou klou. Leta ayisyen te deja pa t bay Edisyon Freda regle anyen pou li. Ti sipò finansye kèk edisyon konn jwenn pafwa (sou fòm acha liv anpil fwa) nan men Leta pa rive sou nou, pa rive an pwovens. Tout bagay konsantre nan Repiblik Pòtoprens tankou vil pwovens yo pa t gen yon vi kiltirèl.

Nou pa ka pa manyen pouvwa dacha pipilasyon an ki desann tou. Nan plas yon liv ki koute 500 goud, se nòmal pou moun nan jere kesyon ki pi ijan. Kesyon egzistansyèl yo : manje, bwè, elatriye. Kòm yonn nan ra enstitisyon nan peyi a ki chwazi konsakre aksyon l pou pwomosyon pwodiksyon literè ak syantifik nan lang kreyòl, nou pa ka di nou janm jwenn yon responsab Leta rele n pou mande n sa n pot pou vann, kòman n fè toujou kenbe, kòman n fè pou n egziste. Kòmand pou achte liv nan Edisyon an  vrèman bese parapò ak anvan 2021.

RN: An nou pale sou katalòg Edisyon Freda

RJB: Nan Edisyon Freda, nou genyen dives koleksyon k ap anrichi katalòg nou chak jou pi plis, tankou: Koleksyon Pawòl zòt, nou konsaktre pou pibliye liv otè ki pa Ayisyen e se Matinikè Yves Marie Seraline ki responsab li; Koleksyon Vilokan, ki la pou pibliye liv ki chita sou vodou. Nan katalòg nou, nou konte plizyè dizèn tit ak otè Ayisyen tankou otè etranje. Pami yo, nou jwenn: Hilario Batista Félix, Jean Euphèle Milcé, André Fouad, Jean Baptiste Anivince, Evelyne Trouillot, Pierre Jonas Romain, Régnald Riché, Pierre Michel Chéry, akademisyen Guy Gérald Ménard…

RN: Dènye mo:

RJB: N ap remèsye Rezo Nòdwès pou espas li ban nou. Se yon bon bagay.  Moman pou n envite enstitisyon leta kou prive, pèsonalite… pote kole nan fè kòmand nan Edisyon Freda pou ede n kontinye egziste.

Moun ki prepare kesyonè a : Anivince Anervé Jean Baptiste

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.