25 septembre 2025
AYITI KOUPE FACHE #16
Actualités Kreyòl Société

AYITI KOUPE FACHE #16

KODEVI se yon pak endistriyèl ki tabli nan yon zòn franch ann Ayiti depi 2002. Li tou kole ak fwontyè Dominikani nan vil Wanament. Se yon ekip faktori dominiken “Gwoupo M” ki ap pwofite mendèv bonmache ouvriye ayisyen yo ak tarif preferansyèl lwa HOPE la.

Ouvriye ayisyen yo touche anviwon mwatye salè ouvriye dominiken yo. Lwa HOPE la se yon lwa Etazini  ki mande pou pwodui fabrike ann Ayiti yo gen dwa rantre Ozetazini san yo pa peye taks ladwàn. Faktori KODEVI yo anplwaye anviwon 20 mil ouvriye ayisyen ki koud rad pou gwo magazen yo Ozetazini. Konpayi dominiken zòn franch sa yo pa peye okenn taks bay leta ayisyen an.

Faktori soutretans yo ann Ayiti pwodui anviwon 1,36% nan rad ki ekspòte chak ane Ozetazini. Faktori soutretans yo se pi gwo sektè endistriyèl Ayiti. Se trèzyèm pi gwo pwodiktè rad pou Etazini.

Jedi maten 15 jen 2023, sekirite KODEVI yo te arete Wiki Tousen, yon jèn ouvriye, nan antre travay KODEVI. Yo te arete li poutèt li te gen yon pantalon alamòd ak yon janm ki te gen yon fann ladann ak yon patch deyè li. Yo te arete l sou pretèks ouvriye yo pa gen dwa met pantalon chire. Sekirite yo malmennen jèn gason sa a, yo bastonnen li, epi yo kenbe l nan yon pòs sekirite. Yo vin blije lage l an fas pakèt lòt ouvriye yo ki t ap pwoteste arestasyon kanmarad yo.

Se pat premye fwa sekirite KODEVI t ap malmennen ouvriye. Poutèt sa, ouvriye yo vin rasanble nan lè manje midi yo pou pwoteste kont abi yo konn jwenn nan men yon ekip ajan sekirite prive kagoule ak gwo zam ki ap maltrete yo tout tan. Men KODEVI te gen tan rele anpil ranfò ajan UDMO, Brigad Entèvansyon, Polifront (polis fwontalye). Yo vin rantre an konfwontasyon ak ouvriye yo. Sekirite yo vin lanse gaz akrimojèn pandan ouvriye ap lanse jouman. Sekirite yo tante arete youn nan ouvriye yo pandan lòt ouvriye yo menm ap reziste. Gen yon kout wòch ki pete vit youn nan machin sekirite yo. Se lè sa a sekirite yo kòmanse tire sou ouvriye yo ak bal gwo kalib. Gen 2 ouvriye ki tonbe mouri la mennm ak bal ki blayi tèt yo:  Datilus Brunèl ak Gèbi Milyen. Gen yo ti gason 14 zan, Keni Belval, nan katye ki kole ak KODEVI, ki mouri ak yon bal li pran dèyè tèt li. Gen you ouvriyez, Sami Desanm, ki pran yon bal nan janm li, doktè yo blije anpite janm li. Vin gen plis pase 30 lòt ouvriye ki viktim bal oubyen gaz. 

An fas tout masak sa yo, ouvriye yo vin manifeste ak plis fòs. Gen 2 pòs sekirite ki boule, ansanm ak yon traktè, epi plizyè motosiklèt.

Kòm repons, KODEVI te vin fèmen pou yon semenn epi yo te deklare yo pat gen okenn responsabilite nan evenman sa yo. Yo te menn menase fèmen KODEVI nèt. Evantyèlman, yo vin peye frè antèman 2 ouvriye yo epi yo peye fanmi yo yon dedomajman.

Gen medya ann Ayiti ki fè silans sou masak sa a. Gen dòt medya ki fè sa pase nan ridikil, kòm si se yon pantalon chire ki lakòz evenman sa yo.
Nou menm nan Ayiti Koupe Fache nou denonse masak kriminèl sa a ak tout fòs nou.

Se pa yon aksidan ni yon aza ki fè evenman yo dewoule konsa. Akoz lavichè a ak pri gaz la ki double, salè minimòm 685 goud pa jou a pèdi mwatye valè li nan espas yon lane. Se apèn yon ka yon salè vital. Ayiti chire pak an pak nan yon kriz ki sanble ap vin pi mal chak jou. Mas popilè oprime esplwate yo an fas vyolans gang yo ak yon leta entatad ki nan tete lang ak kriminèl. Kidnapin, vyòl, ekstòsyon, ak rate dlo, kouran, pwodui premye nesesite yo rann lavi mas popilè yo envivab. Kondisyon lavi sa vin bay yon sitiyasyon esplozif. Nou about!

Se fas a kondisyon sa yo nou vin jwenn repons leta ak boujwa soutretans yo ki met ansanm pou redouble represyon sou ouvriye yo. Depi se manifestasyon, yo voye UDMO, BI ak Polifront ki se inite spesyalize lapolis pou kraze sa. Yo vag sou tout revandikasyon sendika yo prezante. Kondisyon travay yo tounen yon veritab esklavaj! Ni boujwa yo, ni leta PHTK a mete ak gang pou reprime ouvriye yo epi kenbe yo anba yon klima laterè. Sa fèt nan KODEVI Wanament. Sa fèt tou nan SONAPI, pak endistriyèl Pòtoprens.

An sektanmm 2022, te gen yon ensidan ki te eklate akoz diskriminasyon KODEVI kont ouvriye ayisyen yo, kote yo te derefize sèvi ak anbilans KODEVI pou mennen ouvriye ayisyen lopital. Se nan yon ti moto 3 wou yo te wè transpòte ouvriye ayisyen yo, alòske se neglijans sekirite KODEVI yo ki te lakoz plizyè ouvriye te blese. Kòlè ak endiyasyon ouvriye yo vin esploze. Yo pete vit anbilans yo, yo sakaje yon magazen anndan KODEVI. Otorite KODEVI yo te vin rele lame dominikèn vin mete lòd anndan KODEVI.

Se apre ensidan sa a, KODEVI vin wè nesesite ranfòse fòs sekirite yo. Yo vin kreye yon ekip ajan kagoule, ak gwo zam, ki gen pou misyon teworize ouvriye yo pou ti krik ti krak.

Se konsa tansyon anndan KODEVI vin ogmante pandan KODEVI ap opere tankou yon prizon ki gen travo fòse ladann. Ki plas ajan kagoule ak gwo zam anndan yon espas travay? Ni lalwa Ayiti, ni konvansyon kolektif sendika yo siyen ak KODEVI entèdi sa. Malgre tout pwotestasyon sendika yo, malgre dènye evenman sa yo, administrasyon KODEVI a derefize retire ajan kagoule yo.

Nan Ayiti Koupe Fache, nou voye kondoleyans nou bay tout fanmi kanmarad viktim yo, nou voye solidarite nou bay tout ouvriye yo ki kontinye ap goumen pou defann dwa yo.

Nou denonse rejim laterè boujwa soutretans yo vle mete pou chèche kaponnen ouvriye yo.

Nou apiye revandikayson sendika yo ki egzije pou yo retire tout ajan kagoule ame yo nan espas travay yo epi pou tout viktim yo jwenn jistis nan men leta ayisyen an ak reparasyon nan men KODEVI.

Nou apiye revandikasyon sendika yo ki reklame yon salè vital, bonjan kondisyon travay ak respè dwa sendikal la.

Nou denonse leta kwoupyon ayisyen an ki nan tete lang ak gang ak gwo boujwa yo epi ki pa janm entèvni pou fè respekte dwa ouvriye ak travayè ayisyen yo.

Viv lit otonòm Mas Popilè yo!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.