«Souvni kanmarad klas», yon espektak elèv 13 lise nan Pòtoprens òganize pou klotire ane lekòl la

0
955

Lendi 17 jiyè 2023 ((rezonodwes.com))–

« Nou sòt viv yon espektak ki gen nanm », minis Edikasyon nasyonal pa t jwen pi bon mo pou li te kalifye divès prestatasyon yon karantèn elèv segondè 4 te bay nan kad evènman kiltirèl sa yo te òganize pandan jounen vandredi 14 jiyè 2023 a, nan Otèl Marriott, nan Tijo.

Selon minis Nesmy Manigat – ki te entèveni nan kloti aktivite sa a -, pandan espektak sa a, elèv yo montre talan yo genyen pou yo chante, deklame tèks, danse, fè piwèt sou sèn epi di sa yo panse an kreyòl, lang ki fè yo vibre, lang ki ba yo tout latitid pou di sa yo panse e nan fason atistik ki kapab kenbe yon piblik vivan e soulve anpil apresyasyon.

Mwen kontan wè yon nouvo jenerasyon elèv ki pa wont pale kreyòl, ki fyè de lang yo, e ki metrize alafwa kreyòl ak franse», se sa minis la te rapousuiv pou di pandan li te felisite responsab tout komite elèv sa yo ki te chwazi nan fason sa pou klotire ane lekòl la.

«Souvni kanmarad klas», se tit espektak sa a ki te gen kòm pi gwo moso yon komedi mizikal ki te kole youn ak lòt plizyè zèv kiltirèl soti nan Gouvènè Lawouze pou pran kèk moso nan lavi politik pase peyi a, nan istwa sosyal peyi a pou rive nan rèv ak espwa jenès la ap karese jodi a.

« Jenès la pa p domi », se youn nan refren elèv-atis sa yo te lanse, sou yon rit rabòday e ki te mete tout asistans la sou de pyel. « Jenès la pa p dòmi », paske li pare pou defann e fè pwomosyon pou kilti peyi l ; « Jenès pa p dòmi », se te kri ki charye detèminasyon anviwon 500 elèv, fi tankou gason, ki soti nan 13 lise nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la : Lise Marie-Jeanne, lise Cent-Cinquantenaire, lise Alexandre Pétion, lise nasyonal Petyonvil, lise Toussaint Louverture, lise Anténor Firmin, lise Horatius Laventure, lise Daniel Fignolé, lise Jean-Marie Vincent, lise Henri Christophe, lise Fritz Pierre-Louis, lise nasyonal Lasalin ak lise Jean-Jacques Dessalines.

Atis Erold Josué ki se an menm tan direktè Biwo nasyonal etnoloji te soutni prestasyon liseyen ak liseyèn sa yo lè li te entèprete yon moso mizik ki nan repetwa li ; men tou li te vle soutni jiskobou inisyativ sa a paske li te kontribiye anpil nan preparasyon espektak la.
Minis Nesmy Manigat te salye avèk anpil koutwazi akonpayman ekip Biwo nasyonal etnoloji a, menm jan li te salye ekip Direksyon sante eskolè a, prensipalman pwofesè Jean Joseph, ki te bay tout akonpayman ki nesesè depi nan jenèz pwojè a pou rive nan reyalizasyon l.

Se direktè depatmantal Edikasyon lwès la ki te louvri evènman kiltirèl sa a. Etienne Louisseul France te raple kòman yon aktivite parèy bay jenn yo posibilite pou yo develope talan atistik yo pandan y ap valorize kilti peyi a.

Jean-Louis Dacly, prezidan komite santral lise Anténor Firmin, se prensipal inisyatè aktivite sa a. Se li menm nan tèt kole avèk kèk kanmarad ki te estime li enpòtan pou elèv segonde 4 lise sa yo te mete ansanm talan yo nan kad yon aktivite ki mete ann avan kreyativite e ki chita sou konvivyalite, pou klotire ane lekòl la.

Tèm aktivite sa a se : « Fòme m ak kilti m, se fòme m pou peyi m. Mwen se elèv, mwen angaje m. E ou menm ? »

Pou Jean Louis Dacly, si fòmasyon kiltirèl elèv yo fèt, y ap pi byen konekte ak peyi a ; y ap apresye pi byen tout kalite richès peyi a genyen e y ap pi byen pare pou chèche rezoud pwoblèm sosyete a, paske daprè li yon jenès ki byen fòme pare pou vini gadyen patrimwàn nasyonal la.

Nan kòmansman evènman sa a te gen yon kozri tou kout kote Yolène Jean-Baptiste, manm kabinè minis Nesmy Manigat ; Jean Joseph, kòdonatè atistik, kiltirèl ak espòtif nan Direksyon Sante eskolè – ki sou wout pou tounen Direksyon santa k byennèt eskolè -, ak Miguel Fleurijean, direktè Ansèyman segondè te eksplike jenn yo nesesite pou aprann konnen kilti peyi a nan tout aspè li e obligasyon pou fè pwomosyon pou kilti sa a.

Kòdonatè Pòl ansèyman ak kalite a, Joseph Job Maurice ; direktè resous zimèn nan ministè a, Faubert Michel ; kòdonatris Pwogram nasyonal kantin eskòle yo, Djina-Guillet Delatour ; Irma Astier Maurice, kòdonatris ki atache nan Pòl administrasyon ak resous zimèn, ak plizyè lòt direktè lise te asiste ak dewoulman espektak sa a.

MENFP

Peut être une image de 5 personnes et estrade

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.