Sosyete Koukouy ap lanse yon branch tou nèf nan Delmas jodi mèkredi a
LANSMAN BRANCH SOSYETE KOUKOUY DÈLMA Yon gwoup jenn fanm ak jenn gason ayisyen, (operatè kiltirèl, ekriven, powèt), bay randevou nan Restoran Bazilik 33 (menm kote ak Palais de l’Art, toupre Lopital Lapè, Dèlma 33) mèkredi 15 fevriye 2023, 10 zè nan maten pou lanse branch Sosyete Koukouy Dèlma, Pi ansyen òganizasyon literè ak kiltirèl ayisyen
