LANSMAN BRANCH SOSYETE KOUKOUY DÈLMA
Yon gwoup jenn fanm ak jenn gason ayisyen, (operatè kiltirèl, ekriven, powèt), bay randevou nan Restoran Bazilik 33 (menm kote ak Palais de l’Art, toupre Lopital Lapè, Dèlma 33) mèkredi 15 fevriye 2023, 10 zè nan maten pou lanse branch Sosyete Koukouy Dèlma,
Pi ansyen òganizasyon literè ak kiltirèl ayisyen aktivite a, Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy ap layite kò li jounen jodi a toupatou nan lemond: Etazini, Kanada, Kiba…
Men se an Ayiti mouvman sila te pran nesans nan dat 18 desanm 1965 avèk Doktè Ernst MIRVILLE (Pyè Banbou), Henry Claude DANIEL (Jan Tanbou), Jean Marie Willer DENIS (Jan Mapou), pou nou site sèlman non sa yo. Sosyete Koukouy ap travay san relach nan kore devlòpman lang, literati ak kilti kreyòl ayisyen an depi plis pase senkant (50) ane.
Se menm rezilta travay sila yo ki vin debouche sou djougans anpil jenn gason ak jenn fanm genyen nan sosyete nou an pou ekri nan lang kreyòl ayisyen an san vye konplèks ak prejije.
Pami yo, nou ka site jèn tankou : Iléus PAPILLON, Anivince JEAN BAPTISTE, Orso Antonio DORELUS, Frantzley VALBRUN, Douglas ZAMOR, Sagesse MESSERNE oubyen ankò James FRANCISQUE…