Pèp la bouke ak ensekirite, enpinite ak enkapasite gouvenman anfas pwoblèm Ayiti
REZISTANS No.3 Me 2023 Kesyon batay kont ensekirite nan peyi a pran yon lòt nivo jodiya. Gang ame yo ap vale teren pi plis. Se masak apre masak k ap fèt kont mas popilè yo nan katye yo rete, nan zòn kote y ap travay. Se yon sityasyon envivab ki mele konplisite ak enkapasite leta.
