KADOA mande pou pri manje bese nan peyi a

0
900

Pòtoprens, Lendi 22 Me 2023 ((rezonodwes.com))–

                                                              Nòt Pou Laprès

KADOA mande Ministè Komès ak Endistri pou bay nouvo pri tout pwodwi premye nesesite yo sou tout teritwa nasyonal la

Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye l yo (KADOA) salye tout konpatriyòt yo k’ap soufri fas ak bouwo ki pa janm vle leve bòt move lavi a sou kou yo.

Devan kalamite ensekirite, blakawout, ratman gaz, grangou, lavi chè elatyriye, KADOA mande Ministè Komès ak Endistri poukisa li refize fikse nouvo pri tout pwodwi premye nesesite yo sou mache lokal la?

KADOA konstate tout pri pwodwi premye nesesite yo kontinye rete tèt nèg malgre gwo bese ki fèt nan to dechanj ant dola ameriken an ak lajan pa nou an ki se goud la. Kolektif la mande, èske pèp la pa gen dwa jwenn pwoteksyon Leta kòm regilatè?

KADOA pa rive konprann poukisa se sèl pri espageti, bwat lèt epi lwil ki fè yon ti bese toupiti sou mache a swivan kapris machann yo, epi otorite ki la yo rete bouch fèmen.

KADOA ap raple pou tout moun, gwo enpòtatè ak gwo revandè yo toujou di se akoz monte to dechanj dola ameriken an parapò ak goud la ki fè yo konn oblije ogmante pri pwodwi premye nesesite yo nan magazen ak mache yo. Poukisa kounye a, yo poko deside desann pri pwodwi sa yo pandan ke tout moun konstate to dechanj dola ameriken an parapò ak goud la desann depi kèk tan?

KADOA rete kwè ke nan moman sa, pèp la ta dwe rale yon souf. Poutèt sa, li mande prese prese pou Ministè Komès ak Endistri fè travay li kòm sa dwa : Bay nouvo pri pwodwi premye nesesite yo.

KADOA tou pwofite mande gouvènman an, poul tou fikse pozisyonl sou mache nwa kap fèt nan ponp gazolin yo nan zafè gaz la.

Pou otantifikasyon

Vikerson GARNIER, Ansyen Depite Tyòt, Kòdonatè
Abel DESCOLLINES, Ansyen Depite Mibalè, Pòt Pawòl

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.