Oganizasyon KONBIT bay pozisyon li sou sitiyasyon malouk k ap brase bil peyi a

0
1296

                                                                Pòtoprens, 07 me 2023

Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo

Pozisyon KONBIT la sou sitiyasyon malouk k ap brase bil peyi a patikilyèman sou mouvman pwotestasyon popilè  BWA KALE, Mobizasyon anseyan yo ak ouvriye nan faktori yo

 Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo, ap suiv ak anpil atansyon jistis popilè a ki pote non mouvman bwa kale a k ap deplòtonnen nan kat kwen peyi a. Mouvman sa a rive nan yon kontèks kote :

  • Sitiyasyon grangou ak mizè ap taye banda toupatou nan peyi a
  • Gang ak sapat k ap travay men nan men ak gang ak kravat nan enterè kriminèl Kògwoup ansanm ak rejim kite kreye yo a kont enterè peyi nou ap simen dèy toupatou nan peyi a anba je konplis pouvwa anplas la ak aktè entènasyonal yo
  • Rate gaz pwograme ap fè popilasyon an monte lesyèl pa do, pri transpò ak pri machandiz monte 17 wotè
  • Konpayi telefòn yo (Digicel ak Natcom) ap koupe kou popilasyon an ak pri sèvis yo ki  kontinye  monte san gade dèyè
  • Boujwazi a atravè  labank yo, kidnape dola kliyan yo depoze nan bank yo
  • Anseyan yo leve kanpe depi 17 avril  pase pou fè tande vwa yo, elèv yo kontinye leve kanpe ansanm ak anseyan yo.  Men jiskaprezan olye minis defakto Nesmy Manigat chita negosye jan sendika anseyan ekzije sa, li prefere ap fè jwèt dilatwa ak divèsyon pou tante kraze mobilzasyon sa a k ap deplòtonnen nan tout peyi a. Kidonk douvan atitid iresponsab sila a anseyan yo oblije nan katryèm semèn mobilizaksyon an lanse  yon mouvman koukouwouj dèyè dirijan yo epi mande  tout aktè nan  tout sektè potekole  nan operasyon KOUKOUWOUJ  la yon mannyè pou rive jwenn bonjan satisfaksyon pou  tout revandikasyon  jis ak lejitim  sila  yo;
  • Ouvriye yo leve kanpe pou denonse move kondisyon travay  ak move kondisyon lavi nan izin yo  kote yap ekzije  yon salè minimòm kòrek ak lòt avantaj sosyal   ki ka pèmèt yo viv nòmalman  ak fanmi  yo

KONBIT la pwofite okazyon sa a pou li voye yon gwo kout Ayibobo pou popilasyon an ki leve kanpe kont  vyolans  gang ak sapat yo nan mouvman bwa kale a. KONBIT la kore ak tout fòs li, mobilizasyon anseyan yo k ap ranfòse nan moman sa  a  atravè operasyon  KOUKOUWOUJ la. KONBIT la kore mobilizasyon ouvriye yo lanse pou 8-9 ak 10 me semèn sa a.  Pou tout rezon sa yo, KONBIT la mande :

  1. Pou popilasyon an kontinye ak mouvman bwa kale kont tout gwoup gang yo pandan n ap mete plis disiplin ladan pou inosan pa peye pou koupab. Bwa kale pou tout mafya ak enstitisyon k ap koupe kou pèp la
  2. Demisyon tout CSPN nan. Ni Ariel Henry, ni Frantz Elbe ki se PDG konpayi « Sécurité Plus S.A» ki montre yo se alye gang yo, yo pa gen ni volonte ni kapasite pou rezoud pwoblèm sekirite a
  3. Pou popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a leve kanpe pou pouse do tout mafya lokal ak entènasyonal k ap konplote pou kenbe pèp la nan sitiyasyon lanfè yo mete l la.

Pou KONBIT :

Guy NUMA                                                                   Patrick JOSEPH

Jean Paul BASTIEN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.