Grèv anseyan : UNNOH denonse dilatwa minis Manigat ap fè pou jete konfizyon

0
1382

UNNOH

NÒT POU LAPRÈS sou kesyon:

1) Jounen entènasyonal travayè yo premye Me;

2)Mouvman mobilizasyon/ grèv anseyan yo ki pral rantre nan 3èm semèn li pandan minis Nesmy Manigat kontinye ap fè dilatwa, divèsyon pou tante jete konfizyon ;

 3) Disparisyon brital anseyant Nicole Eliantus tren ensekirite planifye PHTK, Kò Group la pote ale aprè 35 lane karyè.

Biwo Ekzekitif UNNOH ap salye tout travayè alawonnbadè, nan lokazyon Jounen Mondyal Travayè yo. Nap pwofite, nan lokazyon sa a, salye espesyalman tout travayè  ayisyen yo nan tout sektè  sitou travayè nan ledikasyon yo kap monte menm jan ak tout lèzot yo yon maswife san parèy  anba lavichè, grangou, ensekirite, kidnaping elatrye.

Jounen entènasyonal travayè yo ap komemore ane sila a an Ayiti patikilyèman nan yon kontèks politik, sosyal ak ekonomik difisil ak danjere.  Komemorasyon jounen mondyal sila a ap fèt nan lide pou raple gwo goumen travayè toupatou pou rive amelyore kondisyon lavi yo, kondisyon travay yo. San anpil travayè te koule nan kad gwo batay sila a. Men malgre tout  gwo represyon brital, tout move zak kriminèl patwon ak leta kriminèl tap fè kont MOUVMAN LEVEKANPE sila a, travayè  yo te kontinye goumen ak plis detèminasyon, plis kouraj ak plis konviksyon. Se sa ki fè travayè yo te rive ranpòte laviktwa epi se sa ki fè jounen jodi a nou ka pale kesyon komemorasyon mondyal travayè nan dat premye me. Biwo Ekzekitif la ap pwofite mande tout travayè nan ledikasyon yo pou yo potekole nan tout aktivite mobilization kap òganize nan kad komemorasyon jounen sila a .

Pandan toupatou anwo latè tout travayè nan tout sektè ap komemore jounen mondyal sila a, travayè nan ledikasyon an Ayiti ki angaje nan yon gwo batay  amelyore kondisyon lavi yo, kondisyon lekòl ap fèt, ap pare pou antre nan twazyèm semèn mobilizasyon/ grèv yo kap byen mache. Kondisyon travay  pwofesè ak elèv, etidyan  an Ayiti tèrib anpil, li pa akseptab. Se poutètsa pwofesè ak elèv yo leve kanpe depi 2 semèn pou ekzije yon veritab amelyorasyon. Yo pa deside fè bak malgre minis Nesmy Manigat ap eseye fè anpil move mannèv dilatwa, divèsyon pou tante lage  konfizyon. Olye  Nesmy Manigat chita negosye nan  bonjan kondisyon pou rive jwenn solisyon li prefere ap fè dilatwa ak divèsyon nan lide tante kwaze mouvman mobilizasyon/ grèv anseyan yo. Sa fè plis pase yon semèn kote li te pran angajman pou ale chita ak tout antite konsènen nan Leta a pou jwenn solisyon epi retounen ansanm ak tout antite konsènen sila yo vini negosye ak sendika anseyan yo. Jiskaprezan anyen ponko fèt nan sans sa a. Se toujou dilatwa ak divèsyon kap fèt, se presyon kap fèt sou kèk direksyon lekòl piblik pou yo fè jwèt politik ak kesyon ekzamen kote yap kouri òganize ekzamen pandan peryòd grèv la toujou nan lide pou tante anpeche elèv yo manifeste epi tante ede Nesmy Manigat kwaze mobilization anseyan yo. Men se byen konte mal kalkile. Anseyan yo pap fè bak nan goumen an. Yo prè pou ale jiskobou yon fason pou yo rive jwenn rezilta. Pandan anseyan yo ap antre nan twazyèm semèn mobilizasyon an, yo deja ap prepare katryèm  semèn mobilizasyon/ grèv la avek anpil detèminasyon. Kidonk malgre move mannèv dilatwa ak divèsyon, mouvman mobizasyon/ grèv la ap rapouswiv jiskaske nou jwenn bonjan rezilta.

Biwo Ekzekitif UNNOH pwofite denonse  sitiyasyon  ensekirite planifye Phtk, Kògwoup lage peyi nou ki lakòz sektè ledikasyon an pèdi yon lòt fwa ankò yon manb li, anseyant Marie Nicole Eliantus Augustin nan dat 26 avril la. Nou prezante mo senpati nou bay tout fanmi lan ak tout kòlèg anseyan li yo nan kolèj « Le Normalien » ak manb direksyon an. Nou koube nou pou salye ak anpil endiyasyon, anpil kòlè disparisyon brital sila a epi mande tout aktè nan  kominote ledikasyon an, tout sitwayen, sitwayèn leve kanpe pou chanje sityasyon tèrib sila a. Twòp krim, twòp san koule,  leve kanpe.

Viv lit anseyan yo, viv lit tout travayè nan tout sektè, viv lit pèp aysiyen an, viv bonjan ledikasyon pou yon lòt Ayiti.

Pou otantifikasyon:

Péguy NOËL, Kòdinasyon Pòtoprens.

Patrick Hyppolite, Responsab zafè òganizasyon 

Josué MÉRILIEN, Koódonatè Jeneral.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.