25 septembre 2025
Lapolis di li an mòd operasyon pou demantle fwaye gang yo sou tout teritwa peyi a
Actualités Kreyòl Société

Lapolis di li an mòd operasyon pou demantle fwaye gang yo sou tout teritwa peyi a

Kominike

Aprè demantèlman gang Timak la ki tap opere nan Laboule ak Tomasen, komin Petyonvil, lapolis sou leadership Komandan an Chèf Frantz Elbé entansifye operasyon yo sou tout teritwa nasyonal la, pou demantle tout fwaye gang kap teworize popilasyon sivil la.

Operasyon sa yo ki sible sitou Vilaj Dedye, Gran Ravin ,Savann Pistach, Dyèg, Meyòt, Pènye, Taba elatriye, nan objektif pou rive demantle gang sa yo.Se menm mo dòd la, pou rantre Nò kapital la, Kanaran, Onavil, Sous Matla, ak nan depatman Latibonit.

Jounen jodia Lapolis yon lòt fwa ankò mande popilasyon an toujou rete vijilan, epi kontinye kolabore ak fòs lòd yo, nan pataje tout enfòmasyon ke l genyen ak lapolis.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.