Ayiti : Plizyè òganizasyon denonse konpayi Newmont k ap eksplwate min nan peyi a

0
1283

NAP KONTINYE KANPE KONT NEWMONT

Deklarasyon òganizasyon nan sosyete sivil Ayisyen an k ap lite kont pwojè eksplwatasyon min metal pou defann dwa aksè tè, dwa dlo, ki se baz pou kenbe lavi nan kominote yo.

Nou menm òganizasyon angaje nan kominote Ayisyèn nan, pi espesyalman nan rejyon gran Nò a, nou mete vwa nou ansanm pou renouvle angajman nou nan lite kont tout agresivite (pwovokasyon) konpayi min Newmont lan nan peyi a. Nap kontinye reziste kont tout eksplwatasyon min metal nan peyi a paske nou kwè pa gen oken fason pou konstwi yon min metal nan Ayiti san li pa koze gwo dega, ki ka rive jouk nan yon kalite jenosid.

Lè nou konsidere, wotè dansite popilasyon Ayisyèn nan, anviwon 12 million moun ap viv sou 27 750 Km2 , epi nou konnen gen sit min metal nan mond lan ki konn rive plis laj pase Marakanya ki se yonn nan pi gwo pak foot-ball epi chak konsesyon minyè kapab mezire jiska 25 km2 . Pa gen oken posiblite pou limite sit min metal ak kote popilasyon an ap viv.

Lè nou konsidere, Ayiti deja ap fè fas ak kriz dlo, prèske tout zòn ki anba menas min yo se tèt mòn kote nap freyatik (rasin dlo) yo ye epi nou konnen konpayi min yo konn rive itilize jiska 250 000 lit dlo chak 1è tan. Ki donk eksplatasyon min nan kapab mete abse sou klou nou.

Lè nou konsidere, nivo vilnerabilite Ayiti fas ak kriz dezòd klima a, epi nou konnen jan eksplwatasyon min metal detwi ak pwazonnen anviwònman an. Li pa posib pou oken moun imajine aktivite estraktif nan Ayiti pou evite sitiyasyon an rive plis grav.

Pou ansanm rezon sa yo ak lòt ankò nou pa site, nou deside makònen fòs nou pou kontinye goumen kont tout kalite pwojè estraktif ki ta vize mete sitiyasyon lavi plis difisil nan peyi a. Nou deside kanpe kont konpayi min Newmont lan nou konsidere kòm yonn nan pi gwo demon kap detwi lavi nan mond  lan. « Kèk nan nou te gen chans vizite dezas konpayi min Newmont lan fè nan rejyon Ahafo nan peyi Ghana[1] ». Nou konnen se Newmont ki te gen plis pèmi  pwospeksyon ak rechèch sou tèritwa Ayisyen an, epi menmsi tout pèmi sa yo deja eksperi selon lejislasyon minyè a, nou konnen Newmont toujou gen enterè pou devlope aktivite min nan Ayiti. Nou pa kapab tolere  yon dezas konsa vin rive nan Ayiti.

Nap pwofite okazyon sa, pou nou lanse yon apèl pou tout kominote nan mond lan k ap soufri anba konpayi min Newmont lan oubyen ki anba menas, pou nou makònen fòs nou ansanm, pou pran aksyon kolektif, pou defann dwa lavi ki anba menas tout kote Newmont ap opere. Nou mande solidarite tout enstans nan mond lan ki kwè nan defans dwa latè, dwa dlo, dwa anviwònman, dwa lavi an jeneral. Tout sitwayen angaje nan mond lan, pote kole ak nou, pou fòse Newmont respekte dwa kominote yo epi kanpe sou tout pretansyon eksplwatasyon min metal nan Ayiti.

Nou pa dakò ak pwojè eksplwatasyon min metal nan Ayiti!

Nou bezwen pwojè rebwazman!

Nou bezwen pwojè enfrastrikti dlo!

Lyen ou ka ou kapab swiv kèk aksyon nou ak lòt patnè deja  pran kont projè min metal nan Ayiti:

Kreyòl docs :

ENGLISH DOCS :

Òganizasyon siyatè yo:

#òganizasyonReprezantanZòn
1ASOSYASYON KILTIREL SOKIJA (AKS)Samuel NesnerPòdepè
2Tèt kole ti peyizan Ayisyen rejyon nòdwèsPierre JosephNòdwès
3Inisyativ Fanm Ayisyèn (IFA)Roselène EtiènneJanrabèl
4Kòdinasyon òganizasyon Peyizan Ba Basenble (KOPBB)Nernel NavidBasenble
5Rezo òganizasyon NòdwèsKerby JosephNodwès
6Abitan Ayisyen Pou Devlòpman AgrikòlApoleon TROMPELakwa Sen Jozèf
7Asosyasyon Travayè Roger Bananier blen (ATRB)Rosly RosimaJanrabèl
8Inyon Peyizan Tèt Kole Mawotyè (IPTKMA)Dirogène MonmusteMawotyè
9Organisation Paysanne pour le Development de Fond-Ramadou (OPDF)Odelin  GuilbeauJanrabèl
10Misyon òganizasyon Peyizan Mòl Sen Nikola (MOPM)Wilner NortilusMòl Sen Nikola
11Organisation des Paysans devoues pour la Developement de La Montagne (OPDDEM)Beronnony Bien-AimeLa Montay Janrabèl
12Association Paysanne pour le Development Grand Mare-rouge (APDGM)Nerlande DemannoirMare-rouge
13Tèt kole ti Peyizan Ayisyen rejyon NòdèsElifaite JosephNòdès
14Centre de Formation pour l’Entraide et le Development Communautaire (CEFEDEC)Jacner CHARLESLa Victoir
15Action pour la Reforestation et la Defense de l’Environement (AREDE)Castin MilostèneTrou du Nord
16Kòdinasyon Rezistans Kont Eksplwatasyon Min nan Katye Mòren (KREMKAM)Maxène JosephKateye Mòren
    
    
    

Pou otantifikasyon:  Samuel NESNER, samuelnesner537@gmail.com, +509 4354 5577

+509 3756 2172

Castin MILOSTENE, milocastin@yahoo.fr , +509 3275 8867

Ayiti, 24 Avril 2023


[1] Samuel NESNER, ansyen animatè nan kolektif Jistis Min nan Nòdwès.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.