Pèp la bouke ak ensekirite, enpinite ak enkapasite gouvenman anfas pwoblèm Ayiti

0
755

REZISTANS

No.3 Me 2023

Kesyon batay kont ensekirite nan peyi a pran yon lòt nivo jodiya. Gang ame yo ap vale teren pi plis. Se masak apre masak k ap fèt kont mas popilè yo nan katye yo rete, nan zòn kote y ap travay. Se yon sityasyon envivab ki mele konplisite ak enkapasite leta. 

Douvan sitiyasyon sa a, gen yon fòm Rezistans kont gang yo vin pran ki montre pèp la bouke wè jan se enpinite, enpyisans ak enkapasite gouvènman an ak lapolis pou fè fas a pwoblèm ensekirite laterè gang ame yo ap fè nan mitan popilasyon an patikilyèman moun nan katye popilè yo. Yo lanse mouvman Bwa Kale a kote yo sèvi ak tout sa yo jwenn anba men yo pou kwape bandi, nan deniche yo epi efase yo sou fas latè a. 

Konsa, yon bon kantite bandi fè vwèl nan peyi san chapo, blese al lopital oubyen al nan prizon tèt dwat. Pandan yon bann moun ap di bravo pou fòm rezistans popilè a pran, dòt ap kondane l sou pretèks kalite aksyon sa yo pa koresponn a eta de dwa, se anachi, se ekzekisyon somè k ap fèt nan mouvman Bwa Kale a.

Nou menm nan KLPOT (Kòdinasyon Lit Politik Ouvriye ak Travayè) kòm òganizasyon Konba, nou apiye yon mouvman Bwa Kale ki ale nan enterè mas pèp la, ki òganize epi ki konnen kiyès ki lenmi pèp la. 

Sepandan, n ap konstate Bwa Kale oryante yon jan oswa se yon kouvèti pou atake yon gwoup gang pandan y ap pwoteje lòt yo. Se yon sèl gwoup gang yo dèyè detwi ki se G-Pèp. Yo pa manyen gang Phtk ak Core gwoup peyi enperyalis yo te federe pou kore gouvènman PHTK depi premye jis twazyèm vèsyon an. 

Mete sou sa, y ap di mouvman Bwa Kale a, se yon maryaj ant lapolis ak pèp. Depi kilè lapolis te sispann reprime ak maspinen pèp la? Konbyen mach ouvriye ak travayè k ap revandike lapolis kraze? 

Lapolis se yon aparèy represif ki anba kontwòl ak nan enterè klas dominan k ap esplwate nou yo. Kòman pèp la k ap pran frap nan men lapolis pou ti krik ti krak ka rantre nan yon maryaj konsa? 

Ak tout kalite kesyonman sa yo, fòk jenn gason ak jenn fanm avangad mouvman Bwa Kale a pa vin tounen yon zouti ki pap defann enterè mas pèp la tout bon. Fòk nou chita pou òganize mouvman Bwa Kale a ak prensip ak konesans kiyès ki lenmi ak zanmi pèp ayisyen an. 

Rezistans lan pa ka yon bagay ki ret espontane, brid sou kou. Se yon konstriksyon òganize li dwe ye. Sa se menm si li ka kòmanse sou yon baz espontane. Si li rete nan limit aksyon espontane, n ap sezi wè bandi yo ap rete la pi rèd. 

Epitou, bandi yo, se yon sentòm, se pa maleng lan. Se maladi a pou nou atake. Sa vle di vye kalite rapò sosyal mi wo, mi ba kote se esplwatasyon ak dominasyon klas dominan yo sou mas pèp la k ap mennen. 

Mouvman Bwa Kale a pèmèt yon vijilans pou kontwole epi anpeche move grenn ki bezwen enfiltre katye popilè yo pou simen latwoublay. Men li rete limite, se yon lit popilè ki rete espontane. Li dwe ale pi lwen, li dwe estriktire kote gen yon Direksyon k ap oryante l pou li vanse. 

Kwape ensekirite mande atake sistèm politik la ki pwodyi li a. Fòk gen yon liy klè sou kòman operasyon chase bandi a dwe fèt. Li pa ka fèt sou zòd lapolis oswa sa ki alatèt leta a pou evite deriv fèt nan aksyon k ap mennen yo. 

Se yon lòt kalite REZISTANS pou nou devlope jodiya a. Yon REZISTANS ki baze sou otonomi oswa endepandans nou. Kote se nou ki kontwole epi ki konnen objektif final la se bati yon lòt sosyete. Se pa sèvi kòm boukliye pou lapolis oswa gouvènman ki pa gen okenn volonte pou kwape ensekirite yo fin planifye ansanm ak alye enperyalis yo. 

Nou dwe klere je nou nan koze Bwa Kale a. Militan yo ak mas pèp la dwe konprann li se kòmansman yon mouvman rezistans ki dwe mennen a yon soulèvman popilè pou kraze aparèy leta ki la jodiya a.  Sa mande yon angajman, yon vizyon estratejik ak yon liy klè ki nan enterè mas popilè yo tout bon pou yon transfòmasyon total kapital peyi a.

MOBILIZASYON BWA KALE A, SE FÒM REZISTANS POPILÈ K AP KWAPE TOUT KALITE GANG KIT YO ATÈ A NAN KATYE POPILÈ YO LAVIL YO AK NAN ZÒN RIRALYO, KIT YO NAN TÈT LETA A, KIT YO NAN KOMÈS YO, NAN IZIN YO AK NAN JADEN AK PLANTASYON YO AVÈK ALYE YO ENPERYALIS KI GEN MEN YO TRANPE FON NAN KATASTWÒF PEYI A TOUNEN JODIYA!

VERITE SOU TANBOU A, SE BWA KALE REZISTANS POPILÈ KONT TOUT LENMI PÈP LA AYISYEN KOU ETRANJE!

​​​​​​​​KÒDINASYON LIT POLITIK OUVRIYE AK TRVAYÈ

​​​​​​​​​​        (KLPOT)

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.