MENFP entèdi fòmèlman kou ratrapaj pou lajan nan lekòl piblik

0
867

Dimanch 28 me 2023 ((rezonodwes.com))–

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) anonse li entèdi kou ratrapaj pou lajan nan lise ak lekòl nasyonal nan peyi dAyiti.

Nan yon kominike pou laprès li rann piblik jou ki te vandredi 26 me 2023 a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse li entèdi fòmèlman kou ratrapaj pou lajan nan lekòl piblik yo.

Ministè a di li denonse pratik sa a kote pwofesè ki gen pou fè kou pa mete pye nan sal klas yo pandan y ap òganize kou ratrapaj pou lajan pou elèv yo. 

Yon lòt bò Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) denonse konpòtman kèk pwofesè ki pa vini bay sèvis nan lekòl Leta yo aloske yo al fè kou nan lekòl prive yo.

MENFP di li rekonèt tout travayè gen dwa pou l pwoteste lè li pa satisfè. « Men li gen devwa tou, lè li touche, pou li bay sèvis, sitou pou timoun lekòl piblik yo ki deja pèdi anpil jou lekòl, akòz sitiyasyon peyi a », nou kab li nan nòt la.

Ministè a di li fè apèl ak konsyans pwofesyonèl ak sans responsabilite anseyan sa yo ki touche epi ki pa al bay sèvis pandan MENFP di l ap kontinye dyalòg la ak sendika anseyan yo sou revandikasyon pwofesè yo nan lekòl piblik yo. « Se ansanm ak nan konpreyansyon difikilte ekonomik yo ak lòt n ap rive jwenn solisyon ak pwoblèm yo », ministè a ajoute nan nòt la.

MENFP tou pwofite raple li lanse kou ratrapaj pou elèv ki pral nan egzamen Leta yo (9yèm ane fondamantal ak segondè 4) ane sa. « Kou sa yo ap bay gratis nan plizyè lekòl piblik ak nan plizyè depatman. Paran yo pa gen pou peye senk kòb pou sa », ministè a fè konnen.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.