Marie-Lucie BAAS (Idalina) : yonn nan premye fanm militan pou respè dwa lengwistik ak kiltirèl ayisyen
Si nou monte sou entènèt, nou teke Marie-Lucie BAAS (Idalina), nou p ap jwenn anpil detay sou non sila a. Sofke, nou ka wè non Idalina site nan yon deklarasyon Jan Mapou te fè pou li salye lansman branch Sosyete Koukouy Dèlma, branch Iléus PAPILLON ak Anivince JEAN BAPTISTE ap dirije a. Oubyen, nou ka