Ase

0
1092

Ase

(Julien Perkens Rolf)

Tande byen lwen Yon vwa nan dezè potoprens

Se Yon malerèz san destinasyon

Kap chache wout Plas piblik ou pwovens

Nèg ak zam san fwa ni lwa sèl chèf operasyon

—-

Yon pati menm se SOS , ase

Pandan pèsonn pa epanye

Nou tout temwen ensekirite a fin vale teren

Rèv jenès la menm anpile nan yon kwen

—–

Tout Moun vle mete van nan vwèl yo pou yo ale

E sak nan obligasyon pou rete

Se swa yo vle rete batay pou yon vi  miyò

Ou byen yo pa gen paspò

—-

Yon pakèt nèg ak zam kap simen latwoublay nan yon Kapital

Lage sou enstitisyon yo gwo malè pandye pou fonksyone

Ki konsekans lan:« Bèl bòs mennenm lopital»

San pran konsyans nan tout deriv yo,  yo kontribye

—-

Pandan tout bagay sou kontwòl

Bandi kontinye ap pran pye sou lapolis

Se ak anpil odas , je chèch poun ta pale de jistis

Lakoloni menm ap tann yon komisyon sivil kap sòti nan metwopòl

—-

Nou di ase ,nou pa kapab ankò, nou bouke

Se vwa yon jenès ki vyole , kidnape, manipile

Nou dwe viv e vle viv tankou Moun

Ansanm ann pran desten nou an men, Ann aji an granmoun.

                                                                                                             JPR

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.