Sòti nan zenglendo pase pran brigad pou rive nan gang, se leta ki mete lwil sou dife ensekirite a

0
1132

Pou n byen konprann orijin ensekirite a an Ayiti

Sòti nan zenglendo pase pran brigad pou rive nan gang, ensekirite a, dapre Olivier Djems ki se sosyològ, sibi anpil transfòmasyon nan fòm ak ekspresyon li anndan katye popilè yo.

Pou koulye a kantite gwoup gang yo pa sispans ogmante.

Nan lane 2019 , Strateji nasyonal pou dezameman, demantèlman gwou ame ak reEnsèsyon moun ak zam (SNDDR) resanse 162 gwoup gang sou tout tèritwa peyi a. Omwen 3000 jèn sivil ame. Pifò gwoup sa yo enplante yo nan katye popilè yo. Poukisa ? E kilès ki prensipal responsab fenomèn sosyal sa? Leta oubyen sitwayen yo? An nou dekouvri ansanm koman fenomèn ensekirite a tabli kòl nan tout peyi a.

Poukisa ?/ jewografi ensekirite a; depi nan jan katye popilè yo abite

Fenomèn ensekirite a kapab pran nesans depi nan orijin kèk katye. Anpil fwa se deplasman moun andeyò yo pou al viv nan move kondisyon nan gwo vil yo ki pral bay nesans ak tout kalite delenkens epi vyolans.Fòk nou pa bliye ekzistans katye sa yo pa sèlman rezilta yon anachi men li ka antre nan tout yon plan neyoliberal.Nou ka pran kòm egzanp kreyasyon zòn endistriyèl yo ki pral fè yo blije konstwi kote pou ouvriye yo rete . Site solèy se yon egzanp vivan.

Site a te konstwi pou resevwa ouvriye men ogmantasyon chomay la pral kreye plis mizè an menm tan tou moun pwovens yo pa sispann vin bouske lavi miyò. [Chay sot sou tét tonbe sou zepòl, ] moun sila yo pral konnen plis povrete ki fè pitit yo pap gen aksè ak bon jan lwazi, pen lenstriksyon epi sante. Sa pral kreye anpil fistrasyon ki pral fe plizyè ladan yo vin chimè. Men akote tout konsiderasyon sa yo, anpil politisyen itilize jèn sa yo kòm enstriman pou yo pran oubyen fè dappiyanp sou pouvwa. Sa ki fè kantite zam ak bal sikile plis nan zòn sa yo.

Absans leta nan katye Popilè yo se lwil sou dife ensekirite a

Nan travay li te fè nan komansman lane 2007, sou site letènèl (Cité de l’Éternel ) ki pote non vilaj dedye kounya, sosyològ Ilionor Louis montre katye sa pa jwenn rekonesans leta. Pou rezon sa abitan yo blije kreye pwòp estrateji yo pou yo siviv.

Menm refleksyon sa sèvi nou bousòl pou n konprann kòman moun sa yo pa jwenn aksè ak sèvis (sosyo de baz) yo tankou dlo potab, asenisman, kouran ,sekirite elatriye. Sa lakoz yo kreye pwòp estrikti òganizasyonèl yo. Malerezman anpil fwa gwoup jèn ame konn rive marande revandikasyon popilasyon lokal la ak zak yo konn poze. Diskou nouvo chèf gang nan zòn sa yo vle fè yo pase tèt yo pou veritab lidè kominotè.Pou jwenn konfyans popilasyon yo, yo konn pataje sa yo pran pou lòt moun .Sa konn fè yo rele tèt yo revolisyonè.

Kesyon nap poze tèt nou : Poukisa se yon minorite jèn ki chwazi kenbe zam malgre tou ?

Ann swiv…

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.