14 juillet 2024
Marie-Lucie BAAS (Idalina) : yonn nan premye fanm militan pou respè dwa lengwistik ak kiltirèl ayisyen
Actualités Culture Kreyòl Société

Marie-Lucie BAAS (Idalina) : yonn nan premye fanm militan pou respè dwa lengwistik ak kiltirèl ayisyen

Si nou monte sou entènèt, nou teke Marie-Lucie BAAS (Idalina), nou p ap jwenn anpil detay sou non sila a. Sofke, nou ka wè non Idalina site nan yon deklarasyon Jan Mapou te fè pou li salye lansman branch Sosyete Koukouy Dèlma, branch Iléus PAPILLON ak Anivince JEAN BAPTISTE ap dirije a. Oubyen, nou ka li non sila a sou sit entènèt Sosyete Koukouy la (www.sosyetekoukouy.org).

Epoutan, bò kote Doktè Ernst MIRVILLE (Pyè Banbou), Jean-Marie Willer DENIS (Jan Mapou), Henri-Claude DANIEL(Jan Tanbou) pou nou site non sa yo sèlman, Marie Lucie BAAS (Idalina) se yonn nan prensipal Manm Fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen (MKA) / Sosyete Koukouy.

Nan istorik gwoup ki te rele Òganizasyon Mouvman Kreyòl la, ki derape nan ane 1965, fanm vanyan sa a te ogadavou pou li pote yon flanbo ki t apral klere nan fè nwa.

Se yon plezi ak tout lonè pou nou kanpe pèsonaj sila a pandan n ap rann li omaj pou travay li anndan Òganizasyon Mouvman Kreyòl.

Prezantasyon

Marie-Lucie BAAS (Idalina) se yon dam trè senpatik – chaje ak gangans. Li gen 5 pitit; 3 fi (ladan yo gen 2 jimèl epi 2 gason). Yonn nan pitit gason li yo, Anthony BAAS, se yon selèb aktè ak dansè-koregraf dans folklorik ayisyen. Poudayè, yonn nan pyès teyat asiksè li te jwe se: «Lanmò Jozafa» (Teyat Jan Mapou), kote li te jwe wòl yon tafyatè nan veye Jozafa. Se Anthony ki te prepare koregrafi dans antèman peyizan Jozafa (Makout te asasinen pou pozisyon politik li) ak 4 lòt dansè. Anthony BAAS, se manm Sosyete Koukouy Nouyòk (1981-1984), aktè Responsab Seksyon Dans Sosyete Koukouy Nouyòk.

Non vanyan Marie-Lucie BAAS te genyen nan Mouvman Kreyòl Ayisyen, se Idalina. Lòt non lafanmi te ba li se Ti Sisi. Li te rete Rue Capois nan Pòtoprens. Men, Marie-Lucie se moun Okap. Se te bon zanmi Henri-Claude DANIEL (Jan Tanbou) – nèg Okap tou ki mouri asasinen nan kacho Fò Dimanch.

Nou ka toujou mande poukisa Marie Lucie BAAS te chwazi non Idalina a? Selon sa Jan Mapou rakonte nou, lè manm Mouvman Kreyòl yo t ap rebatize tèt yo anvan yo plonje nan basen endijenis lan, Marie- Lucie te chwazi non IDALINA, yon pèsonaj, yon dam Oswald DURAND te damou, epi chante yon bèl lomeyans pou li. Nan pwezi Idalina a, Oswald DURAND te chante bèlte Idalina kòm echantiyon bèlte yon nègès. Powèm te enspire epi sedui Marie-Lucie BAAS.

Idalina, yon fanm angaje

18 desanm 1965, apre kreyasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen, se lakay Idalina, nan Ri Kapwa(Pòtoprens), mesyedam Mouvman Kreyòl Ayisyen yo te konn reyini. Jan Mapou rakonte: «Se lakay IDALINA nou te konn reyini chak swa pou nou poze pwoblèm lang kreyòl la nan moman te gen gwo polemik nan jounal “Le Nouveau Monde” apre yon konferans Pwofesè Pradel POMPILUS (Lengwis) te pwononse nan Institut Haitiano-Americain.» Se t apral yon etap enpòtan nan fondasyon MKA.

Yon lòt bò, Idalina se yonn nan majòjon nan kreyasyon «Emisyon Solèy», premye emisyon kiltirèl, an kreyòl, sou radyo Caraïbes chak dimanch, 7è bleng nan maten. Emisyon sila a te parèt pou premye fwa 18 desanm 1965 pou li te fèmen  6 avril 1969. Kidonk, vanyan fanm sa a te pami moun ki patisipe nan mete kanpe premye emisyon an kreyòl nan peyi a. Malgre Ayiti te konnen yon moman bout fè, kote libète lapawòl te anba kle sou peryòd rejim Divalye a, Idalina kòm fanm djougan, te kriye annavan! Pa gen fè bak. Idalina te toujou la nan tout rankont pou mete Mouvman Kreyòl Ayisyen an kanpe. An 1985, òganizasyon MKA t a pral akouche Sosyete Koukouy, pi ansyen òganizasyon kiltirèl, atistik ak literè ayisyen ki an aktivite.

Marie Lucie BAAS alyas Idalina pa aktif ankò nan aktivite sa yo, men li kite yon bèl eritaj pou nou, Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy. Si jodi a, nou ka itilize lang nou(kreyòl) jan nou vle nan sosyete ayisyen an, nou dwe toujou sonje gran pèsonaj sila a.

Enfòmasyon kle sou Marie-Lucie BAAS (Idalina):

• An 1965, Biwo Kiltirèl Mouvman Kreyòl Ayisyen te chwazi Jan Mapou kòm responsab Emisyon Solèy nan radyo Karayib. IDALINA te asistan Mapou, responsab pwogramasyon ak seleksyon tèks pou emisyon an.

• IDALINA te yon bon dizè. Li te konn toujou louvri Emisyon Solèy ak mo sa yo li te kreye:“Ti dyòz – Ti dyòz n ap vin grandyòz”; ki vle di “Ti pa ti pa n a rive”. Li te gen yon bèl vwa, byen atikile ni an Fransè, ni an Kreyòl.

• IDALINA te konn li pwezi an kreyòl tankou an Fransè nan “ICI JEUNESSE”, yon lòt emisyon Koukouy yo nan radyo Karayib chak vandredi swa. Animatè prensipal yo se te: Idalina, Mapou, Degoutan (Doktè Ernst Julméus), Pyè Legba (Emile Jules), Doktè Bernard Beauboeuf. Emisyon sa a te ranplase yon program ki te rele “Moments Sentimentaux”, yon pwogram Colson Augusma te konn anime. Jan Mapou raple nou: «Mwen sonje yon vandredi swa prezidan kriminèl la François DUVALIER rele estasyon an pou li felisite Idalina pou bèl diksyon li nan pwogram «ICI JEUNESSE». Idalina te si tèlman ap tranble apre apèl la, li pa te fouti kontinye emisyon an. Yon sezisman melanje ak laperèz lakòz majorite atis ki te nan estasyon an jete yo, lè yon “flannè” di, li wè yon (gwo Limouzin nwa pake nan lakou radyo a.)»

• Idalina se te yon fanm vanyan. Nan pwen tèks li pa di. Li patisipe nan tout aktivite kiltirèl kou politik. Li te konn òganize yon seri aktivite chak dimanch, kote nou reyini kay yon manm Sosyete Koukouy, pou nou chante, bay lodyans , di pwezi, tire kont. Yo sèvi griyo ak bannann peze. Ti sware sa yo nou te konn rele yo: Kochon Literè. Yon omaj pou ti kochon dyòl long nou yo.

• Lè Makout yo te lage degidon nan degwenn Henri-Claude DANIEL(Jan Tanbou), se Idalina sèl ki te konnen kote li te kache.

• Lè Makout yo debake nan Radyo Karayib vin arete manm Mouvman Kreyòl yo, 6 Avril 1969, Idalina te yonn nan 3 fanm ki te nan estasyon an. Li kanpe, kwaze bra li, l ap tann Makout yo pase menòt pou li. Men, Makout yo pa t arete 3 medam yo. Yo te mare 12 gason  tankou krab.

• Lè yo asasinen Jan Tanbou Fò Dimanch, Se Marie-Lucie BAAS (Idalina) sèl ki te gen kouraj poze “kanabwa” a kesyon pou li konnen pou ki rezon li te denonse militan an, zanmi li, zanmi nou… jouk yo rive touye li Fò Dimanch? Yon kesyon ki pa janm gen yon repons dirèk jouk jounen jodi a (2023).

Boutofen, nou wè sa atravè prezantasyon li, Marie-Lucie BAAS «Idalina» se yon fanm kinalaganach, yon potomitan, yon manman, yon modèl angajman ki dwe enspire anpil jèn nan peyi Ayiti. Idalina te konn ede jèn powèt yo, korije zèv yo, fè repetisyon diksyon avèk yo, ankouraje yo patisipe nan aktivite Sosyete Koukouy yo.

Nou nan mwa mas 2023, pandan n ap ekri tèks sila a, Marie-Lucie BAAS, (Idalina) toujou vivan, men, selon Jan Mapou, sante li pa fin kòrèk.

Marie Lucie BAAS (Idalina), Ochan pou ou!

Nou di atchaba pou Jan Mapou ki pataje anpil enfòmasyon ak nou sou Marie-Lucie BAAS(Idalina). Chapoba pou Michel-Ange HYPPOLITE tou ki founi je nan travay sila. Mèsi tout manm fanmi Sosyete Koukouy sou latè k ap klere nan fè nwa: Manno EJÈN, Janjan DEZIRE, Gary DANIEL, Kiki WIANWRIGHT, Jean Robert PLACIDE, Sherley, LOUIS, Pascale FAUSTIN-MILLIEN, Jean Dédé DORCÉLY, Anivince JEAN BAPTISTE, Yvon LAMOUR, Yves F. MONDÉSIR pou nou site sa yo sèlman…   

Iléus PAPILLON

Manm branch Sosyete Koukouy Dèlma

Manm Fondatè Observatoire Patrimoine

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.