Deklarasyon Jan Mapou pou salouwe KOUKOUY DÈLMA

0
945

15 fevriye 2023, se yon dat enpòtan pou tout manm Sosyet Koukouy Dèlma. Se nan dat sa branch Sosyete Koukouy Dèlma jwenn kat batèm li. Seremoni lansman branch sila te fèt nan Bazilik 33, Dèlma. Jean Mapou, sèl grenn Fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen (1965) ki rete vivan, te fè yon deklarasyon pou make okazyon an. Se yon plezi pou nou pataje deklarasyon sa ak ou.

Deklarasyon Jan Mapou pou salouwe KOUKOUY DÈLMA

Gason vanyan, Fanm vanyan

Manm Koukouy Ayiti-Dèlma

Mwen salwe nou ak tout fòs kouraj mwen!

Jodi a 15 fevriye 2023 s on gran jou

S on jou istorik pou jenès la an Ayiti.

Apre 57 lane,  Sosyete Koukouy, “Potomitan Kilti Lakay” replante nan  kè vil Pòtoprens kote li te kreye  18 Desanm 1965.

Nan memwa Fondatè yo ki deja fè lareverans, Henri-Claude Daniel (Jan Tanbou), Dr Ernst Mirville (Pye Banbou), Marie Lucie Bayas (Idalina)… Mwen Jan Mapou, mwen bat bravo lakontantman pou nou. Mwen remèsye powèt-ekriven, Jean-Baptiste Anivence ak Iléus Papillon, 2 ewo  venndegede nan literati natif-natal la. Mwen Jan Mapou fondatè  ki toujou vivan ak nou, nan batay lang ak kilti pèp ayisyen an ak tout lòt  gwoup koukouy yo, Boston, Kanada, Konektikèt, Atlanta, Miami, Chikago, United Arabs Emigrates, Ayiti-Santo, Kamaguèy- Kiba… Nou met Chapoba!

Mwen mande nou, pou nou travay ak kouray, ak Pèseverans. Wout la long, chaje ak wòch galèt, chaje ak pikan-kwannan. Se ansanm-ansanm ak anpil pasyans, devouman ak konstans,  n a rive plante banyè laviktwa pou lang ak kilti Kreyòl la pou yon Ayiti pi bèl, pi fre,  pi bòzò sou kat mondyal la.

Nan non Biwo Santral Sosyete Koukouy, nou swete tout nouvo kouzen/kouzin ki jounen jodi a deside pran larelèv nan Sosyete Koukouy Dèlma… Atyaba, bonvini nan fanmiy Mouvman Kreyòl Ayisyen an. Desten peyi a, avni lang ak kilti peyi a chita nan de plan men nou. Ayabonmbe!

Jan Mapou – Prezidan Fondatè

15 Fevriye 2023

Miami

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.