Pwoblèm | Moun Pestèl pa ka jwenn dlo : kòman pou n evite yon katastwòf ?

0
1571

Sou zafè pwoblèm dlo moun Komin Pestèl pa ka jwenn: kòman evite yon katastwòf ? 

Dimanch 26 fevriye 2023 ((rezonodwes.com))–

Dènye semenm  sa yo, nouvèl meteo   ki sòti nan komin Pestèl ki nan depatman Grandans e ki gen yon popilasyon evalye a 44,659 abitan ak yon sipèfisi 286,8 km² pa bon ditou. Se divès rèl k ap sòti nan tout senk (5) seksyon kote popilasyon an ap rele anmwey  akòz yo pa ka jwenn yon tigout dlo  pou yo jwenn bwè, alewè pou yo pa ta jwenn dlo pou yo fè lòt bagay.  Komin lan ap travèse  pi gwo  sechrès li pa janm konnen. Dapre rapò otorite yo, anpil bèt gentan mouri,rekòt yo pèdi. Sou 5 seksyon yo, se sèlman Dichiti pwoblèm pa gen dlo a pa poze. Sòti santvil la jouk rive yon bon pati nan 4èm seksyon, se menm reyalite a. Kisa ki kòz chak ane gen pwoblèm pa gen dlo sa? Eske se yon pwoblèm ki pa ka rezoud ? 

Pwoblèm pa gen dlo Pestèl la se yon reyalite  ki la  digtdantan  paske nan liv Istoryen franse Moreau de Saint Méry aprann nou nan liv li te ekri sou  tout Zile a kalamite premye franse ki te debake nan zòn lan te pase lè pou yo te jwenn yon tigout dlo pou yo fè manje ak pou bwè [1]. Nou li se dlo lapli yo te konn itilize. Enfo sa mwen rapòte la pase depi nan lane 1756 lè «Frères de la Côte» t ap viv nan Zile kaymit ansyen 6è seksyon Pestèl. Men sa nou li sou sa: 

«Le manque d’eau condamne à faire usage de citerne ou de marres, aux Caïmites. Des entonnoirs, sans nombre, dont ce sol est criblé, empêchant que la pluie même n’y produise le plus petit courant d’eau. S’il y a des sources, elles sont  le long de la mer, et leur eau saumâtre n’adoucit pas les regrets. (P 800) »

 Pasaj nan liv Moreau de Saint Méry fè nou konprann se depi sou tan lakolonizasyon fransèz pratik fè basen pou kapte dlo lapli te kòmanse nan Komin Pestèl. Se Blan franse yo ki kite l kòm yon eritaj pou abitan Pestèl. 

Yon lòt bò, nou aprann nan menm liv sa se nan chache  dlo ki pral fè Blan franse te kite Zile Kaymit pou ale sou gran tè ki pral pote pita non Pestèl. Yo te dekouvri kwen dlo sa ki rele  Source salée ki se anbouchi rivyè Glace. Se la yo te konn al pran dlo pou rezoud pwoblèm dlo pou yo bwè ak pou fè lòt bagay. 

Pwoblèm dlo a poze nan kominote a paske santvil la, premye seksyon pa gen yon tras dlo sinon dlo lanmè. Lapli difisil pou tonbe nan santvil paske li sitiye nan zòn anba van (sous le vent). 

Depi lontan, 60 a 70% dlo moun  yo konsome se dlo lapli yo kapte. Zòn ki gen dlo an kantite nan Komin se Dichiti (5è), Tozia (4è) nan blòk Tozia, vandrebeach, Dèrivo epi Mantò (3è). 

Pestèl fè tout tan ak pwoblèm moun pa ka jwenn dlo si se pa dlo lapli a moun yo kapte malgre tout  sa yo fè pou yo te rezoud li. Anpil etid fè sou fòs sous yo genyen yon manyè pou yo te ka kapte yo. Nou jwenn yon etid ki date depi 1984 ONG Care te fè sou Sous Savon ki chita sou fwontyè Baradè nan 3è seksyon Pestèl. Ansyen depite Yoland Gilles se  moun ki fè demand lan. 

Se pa sa sèlman, te gen lòt tentativ ki te fèt. Yo fouye pi anpil kote yon manyè pou yo te jwenn yon solisyon ak pwoblèm sa. Etonànman, dlo yo toujou sale. 

E se solisyon ak pwoblèm dlo ki t ap pral fè prezidan Sténio Vincent te konstwi an 1935 apre yon demand depite Louis Delorme Gilles gwo basen ki nan vil la. Pè Ernest Le Garrec ki te nan pawas la soti nan 1967 pou rive 1981 te pase tout tan li ap reflechi ak yon solisyon selon sa ki sòti nan bouch kèk moun. 

Sou koze dlo ki difisil pou jwenn Pestèl, ekriven Jean Claude Fignolé, nan yon atik li te pibliye nan RAJ magazine, te ekri fraz sa  «  Pestel détient, emprisonnée dans de vastes poches, la plus importante réserve d’eaux souterraines d’Haïti » Ki fè nou wè pwoblèm dlo Pestèl ka rezoud fasilman men se volonte ki pa genyen jiskaprezan. E nou wè sa tou piske nou konnen gen rivyè Glace nan Dichiti, genyen sous Bouilly dapre yon etid ki te fèt pa ONG Care nan lane 1984 ki gen kapasite pou bay tout Komin lan dlo. Dapre «livre Blanc» Association des maires de la Grand’anse (AMAGA), Komin lan gen 24 sous. Kesyon nou ka poze poukisa pa ka gen yon gwo pwojè pou pèmèt moun yo jwenn dlo. 

Alaverite, Pestèl jwenn chans li pou te gen dlo pou moun pou te fè tout bagay yo ta vle, men se move chwa dirijan nou yo ki kòz. Kite m eksplike nou sa. 

An 2011, nan kad pwogram Banque Mondiale ki te rele ÉPAR pou rezoud pwoblèm dlo kèk kote nan peyi a, Komin Pestèl te benefisye yon pwojè 1 milyon dola meriken selon sa ansyen depite Ronald di nou. Kòb sa  Banque Mondiale te remèt DINEPA pou te kapte sous Savon ki genyen yon gwo  kapasite ki te kapab pèmèt moun 3è, 2è ak yon pati premye seksyon epi santvil jwenn dlo. Men pou kòb la pat depanse fim ki te ranpòte apèl òf la te préfère kapte Sous Lamanten ki se yon ti sous ki twouve li tou pre Santvil la. Se yon sous ki jwenn ak dlo lanmè ki kòz li somat. Ak kòb sa a, fim lan konstwi 5 kyòs distribisyon,  yon basen pou kapte dlo a , yon lòt gwo rezevwa, yon ti kay pou ponp elektrik pou pouse dlo a, sistèm adiksyon an. 

Pou byen di, moun avize te gentan konprann se vrè solisyon an piske sistèm te fèt ak tiyo galvanize ke dlo lanmè a t ap pral pete. Epi tou se sèlman moun santvil ak zòn tou pre ki jwenn dlo a pandansetan tout lòt kote pa genyen aksè ak li. Lòt bagay, sistèm lan pa pran yon lane pou li te andomaje epi moun yo t ap vle sèvi ak dlo a. Yon milyon dola gaspiye San konte lòt kòb yo toujou depanse pou repare rezo a. Rezo  deja  sou 4 reparasyon. 

Anfèt vrè solisyon ak pwoblèm sa rete Kaptaj dlo sous Bouilly ki sitiye nan 4è seksyon an  paske li twouve li nan yon tèt mòn epi si li kapte l ap alimante tout seksyon yo ak dlo epi santvil la paske li gen kapasite pou sa. Se petèt yon pati nan premye seksyon li ka pa alimante. Sinon otorite yo ka chache kapte sous Savon an nan 3è seksyon ki gen yon bon kapasite pou sa. 

Epi lòt bagay, konstwi baraj La Hatte à fourcaud a (4è seksyon) kote preske 10 milyon galon dlo ap gaspiye lè lapli tonbe. Kaptaj li sa t ap pote solisyon ak pwoblem dlo pou wounded tè pou fè manje nan zòn lan. 

N’ap fè nou konnen pwoblèm pa gen dlo a Pestèl agrave depi apre tranbleman tè 14 out 2021 an kote 90% sitèn yo andomaje oubyen kraze. Epi se pwoblèm lapli ki pa tonbe souvan akòz chanjman klimatik fè moun yo pa ka gen aksè pou kapte kantite dlo lapli pou yo sèvi.

Sitiyasyon anonse ka pi grav nan jou yo lè nou konnen nouvèl meteo pa fin favorab ak lapli. Nan sans, otorite nan Leta yo, ONG dwe fè dilijans e ta sipoze entèvni pi vit posib.  Premye, Dezyèm ak twazyèm seksyon dwe gen Kamyon DINEPA ki pote dlo bay moun yo. Pou sela, dwe gen plizyè pwen distribisyon epi bati yon orè distribisyon. Chak seksyon ta sipoze gen de oubyen 3 Kamyon k al pran dlo glas pote bay moun yo. 

James Saint Germain 

1./ Description topographique, physique, civile, politique et historique de la de la partie française de l’isle de Saint-Domingue, Philadelphie, 1796 tome 1 [archive], tome 2 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.