Lansman Sant kiltirèl Lakayannou (SAKLA)
Li fè 9h nan maten. Nou samdi 9 desanm 2023, nou nan Anba Rezen Resto, rue Gabart, komin Petyonvil. Pèsonn pa djige solèy la. Petyonvil ap mache mache l kè kal. Epoutan, gen yon istwa ki pral kòmanse. Yon lòt fenèt ki pral louvri : prezantasyon ofisyèl Sant kiltirèl Lakayannou (SAKLA). Se nan yon ansyen abitasyon
