Mesaj Akademi Kreyòl Ayisyen nan okazyon 28 oktòb,Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl pou ane 2023
Lang kreyòl, premye senbòl idantite nou, Ayisyen, kòm pèp, se yon zouti kominikasyon plizyè milyon moun nan peyi Ayiti itilize. Li toujou jwe yon wòl pwennfèpa nan tout dinamik sosyal ki vize yon alemye pou pèp ayisyen an. Lang kreyòl la, se tankou yon rezèvwa fòs ak enèji ki toujou akonpanye pèp la nan tout
