Bwa Kayiman 14 Out 1791 – 14 Out 2025 : 234 Lane Anivèsè!
https ://youtu.be/2L4iAL5A1k8 Si tout moun rekonèt enpòtans Bwa Kayiman nan istwa peyi d Ayiti, se pa tout moun ki selebre l menm jan. Istwa ofisyèl la toujou montre wòl lidè tankou Boukmann nan reyinyon Bwa Kayiman an, kote atravè yon seremoni vodou, Boukmann te deklare lit jiska lanmò kont tout kolon blan yo, epi li te
