Aba Eleksyon Malatyong!
Lavi malere ann Ayiti ap depafini nan kondisyon malouk ensekirite, grangou, chomaj ak lamizè. Rezistans mele ak dezespwa. Rezilyans kontre ak reziyasyon. Gen yon ti ponyen granmanjè gwo boujwa mafya kontrebandye dwòg dilè ak chèf gang k ap fin souse dènye san mas pèp travayè a. Yo met ansanm ak fonksyonè leta kowonpi. Se yon ekip lougawou k ap taye banda sou kadav malere.
Gen 2 kalite pouvwa aganman k ap souse yon menm zo. Youn se enperyalis yo ak tout ekip dirijan sousou kowonpi leta ayisyen an ki anba lòd yo. Dezyèm la se mafya transnasyonal katèl dwòg yo ak gang yo ki ap pèpetye destabilizasyon Ayiti. Y ap jere pouvwa paralèl yo nan zòn gang yo kontwole.
Se nan kad sa a enperyalis yo, Kò gwoup, OEA, Linyon ewopeyèn ak Karikòm deside fòk gen eleksyon ki fèt ann Ayiti. Yo bezwen lejitimize leta ayisyen sa a yo fin demanbre a. Yo bezwen yon nouvo konstitisyon ki senplifye direksyon leta a pou yo sa kontwole l pi fasilman toujou. Yo bezwen lejitimize menmiz yo sou tout richès anba tè Ayiti yo. Yo bezwen estabilize kriz la pou anpeche yon nouvo vag emigrasyon. Anvan tou, yo vle kontinye reprime mas popilè yo pou anpeche nenpòt soulèvman, nenpòt chanjman ki ka bouskile enterè gran nèg yo. Se pou tèt sa kominote entènasyonal la ap finanse eleksyon manje ranje sa yo.
Pandanstan, tout ekip politichen abolotcho yo ap aliyen youn dèyè lòt pou di: “plètil, men mwen mèt la”. Pa gen anyen eleksyon sa yo ka vin regle an favè mas popilè yo ann Ayiti. Se eleksyon seleksyon, fo mamit, bèl figi, pope twèl. Leta ayisyen an fin pèdi souvrènte li. Nenpòt moun yo mete ap dirije leta sa a ap tounen chofè jeran lokipasyon degize sa a.
Met sou sa, pa gen okenn kondisyon pou eleksyon lejitim ka fèt. Pa gen sekirite ni pou kandida ni pou moun ki pral vote yo. Li enposib pou anrejistre tout moun ki gen dwa vote yo. Se yon maskarad seleksyon prese prese 105 pati ak yon kolòn kandida ki fèt. Jwèt lan pa pou nou, teren an pa pou nou, abit lan pa pou nou. Eleksyon sa a pa ka pote okenn solisyon nan enterè mas popilè yo ann Ayiti.
Sou kote sa, nou ka wè kouman ensekirite a ap ogmante. Se pa yon aza. Katèl dwòg transnasyonal yo ap finanse gang yo epi y ap bay gang yo minisyon ak zam. Enterè yo se pèpetye destabilizasyon Ayiti pou yo sa kontinye fè sa yo pito nenpòt lè yo vle san anyen pa antrave yo. Menm si gen eleksyon, sa pa pral chanje ni ensekirite a ni menmiz gang teworis yo. Leta ayisyen an deja fè bèk atè anfas gang yo, san konte yo konplis ak gang yo. MINUH, MINUAH, MINUSTAH, Fòs apui a sekirite, ni Fòs represyon gang yo, yo tout fè bèk atè.
Pa gen solisyon fasil pou mas popilè ayisyen yo. Masak Riyèl Vayan 1988 la, koudeta 1991 lan, Lokipasyon 1994 la, echèk popilis opòtinis Lavalas yo jiska 2010, trikaj eleksyon 2010-2011 yo apre tè tranble a, epidemi kolera a anplis siklòn, 15 lane pouvwa PHTK ki fin dekonstonbre Ayiti: fòk nou tire leson. Solisyson pa nou an pa nan eleksyon.
Mas popilè yo ann Ayiti, klas travayè yo k ap pote peyi a sou do yo, bezwen yon lòt kalite leta. Wout sa ka long, men pa gen dekoupe ladann. Fòk nou konstwi kan pèp la pou defann enterè otonòm mas popilè yo epi restore souvrènte nasyonal la.
Konstwi Kan Pèp la mande pou nou devlope bon jan òganizasyon politik otonòm ki chita sou revandikasyon fondamantal nou: bonjan travay ak yon salè vital kòm minimòm epi bonjan kondisyon travay, bonjan refòm agrè ak sipò pou peyizan yo pou Ayiti rejwenn souvrènte alimantè li, liberasyon tout teritwa a, sekirite ak jistis kont gang kriminèl yo, bonjan lekòl gratis, bonjan sèvis lasante, sanitasyon, bonjan lojman, wout, dlo pou bwè, kouran elatriye… Fòk nou kanpe ansanm pou revandike dwa nou yo! Fòk nou sispann kouri dèyè abolotcho!
Tout sa mande pou nou mete sou pye òganizasyon politik otonòm nou yo epi trese yo ansanm pou gonfle fòs nou pou chavire tab la.
Viv lit otonòm mas popilè yo ak travayè kòm potomitan!
Viv yon Leta demokratik popilè osèvis Kan Pèp la!
Viv yon mouvman demokratik nasyonal pwogresis!

