19 août 2026
Ceant a annoncé sa démission au président Moïse, selon Garry Pierre Paul Charles
Actualités Société

Ceant a annoncé sa démission au président Moïse, selon Garry Pierre Paul Charles

Au train où l’on va, la situation peut dégénérer à tout moment, si les dirigeants se contentent de régler leurs petites affaires

Port-au-Prince, dimanche 9 septembre 2018 ((rezonodwes.com))– Le gouvernement Ceant risque finalement de ne plus voir le jour, si l’on en croit le journaliste de Scoop FM, Garry Pierre Paul Charles.




Le présentateur vedette de l’émission très écoutée « Haiti Débat » a rapporté que le premier ministre nommé a annoncé sa démission au président Jovenel Moïse à la suite de négociations houleuses avec des députés de la majorité présidentielle.

« Scandale lors d’une réunion à la résidence du président ce dimanche. Des députés de la majorité ont demandé à M Ceant de reconduire Aviol à la planification sinon ils vont voter contre le gouvernement. Indigné et humilié le PM nommé annonce au président sa démission. Panique !!! », a publié dimanche GPPC.

Cependant, de son coté, le journaliste Jean « Marco » Présimon, co-présentateur de l’émission « Haiti Débat » a nuancé l’information en indiquant que le premier ministre nommé a  #menacé de démissionner.

Nommé depuis un mois, le notaire Céant se trouve enlisé dans des tractations interminables avec les sponsors du président Jovenel Moise et les alliés de celui-ci au parlement qui veulent désigner leurs propres représentants à la quasi-totalité des postes ministériels.



Malgré la publication de l’arrêté nommant 18 ministres et 4 secrétaires d’états, dont neuf personnalités du cabinet Lafontant (démissionnaire), les négociations ne sont pas encore terminées et des pressions sont encore exercées sur Céant avant la fixation d’une date pour la ratification de sa politique générale.

 

 

Résultats de recherche d'images pour « ceant jean henry »

1 Comment

  • Mario Caonabo 9 septembre 2018

    Vòlò yo nan boujwazi biwokratik la ki anvayi tout espas nan leta Ayisyen an pap demòd. Ala yon chapant/fondasyon politik etatik divalyerism la te mete kanpe nan lane 1960 yo! Divalye se Pè Konskri Boujwazi Biwokratik Ayisyen an. Boujwazi Biwokratik la osant, nan esans menm, doktrin divalyeris la. Se pou sa, leta Ayisyen an toujou rete esansyèlman yon leta divalyeris san divalye jouk jounen jodi a. Menm Ceant ki pataje menm ideyoloji ak boujwazi biwokratik la jwenn difikilte nan mitan yo kifè gen pawòl kap pale li bay demisyon li kòm premye minis nome. Sa vle di lakou vòlò a twò jis pou akomode dòt vòlò parèy yo.

    Boujwazi biwokratik la gen yon baz de klas e se prensipalman tiboujwazi Ayisyen an ki gen yon sèten nivo kapasite men ki itilize kapasite sa a pou regle zafè pèsonèl yo lè yo rive nan leta a. Se la yo fè akimilasyon kapital nan politik la. Se sak esplike anpil tiboujwa ap vize rantre nan leta a paske se la yo ka vin akimile kapital.

    Anfèt, tiboujwazi Ayisyen an gade 3 opsyon an jeneral. Se swa yo entegre boujwazi biwokratik la, e pou sa, sitou apati 1986, yo mete kanpe pati politik yo pou ale nan “eleksyon” malatchong yo, oubyen yo pati ale nan lòt peyi kòm travayè, oubyen yo rejwenn batay pèp la. Pandan tout peryòd 60 lane boujwazi biwokratik la sou teren an, se tandans sila yo nou ka relve nan peyi d Ayiti. Depi sou divalye yo, boujwazi biwokratik la te toujou nan tout konbin, gagòt, vòlò nan leta a pou akimile kapital pou anrichisman pèsonèl.

    Soulèvman popilè Fevriye 1986 la te twouble yo pou yon tan, men yo rekonsolide yo rapidman anba KNGP a. Yo te kontinye konsolide tèt yo sou gouvènman Jean Bertrand Aristide la, sou Lavalas. Se yo pèp Ayisyen te rele “GRANMANJÈ” yo jiska 2011 sou Preval.

    Boujwazi biwokratik la kontinye konsolide tèt yo pi rèd sou gouvènman tèt kale I & II jouk jounen jodi a. Kidonk, boujwazi biwokratik la, kòm youn nan fraksyon nan gwo boujwazi a nan peyi a, gen 60 lane kòm fraksyon ejemonik nan alyans BLÒK OPOUVWA A. Ejemoni a vle di li alatèt alyans la, kifèla, lè li fè represyon sou mas popilè yo, li tou defann enterè tout alye l yo nan blòk opouvwa a.

    BLÒK OPOUVWA A konstitye de boujwazi biwokratik la, kòm fraksyon ejemomik, boujwazi konpradò a, boujwazi monopolis la, boujwazi soutretans/faktori asanblaj/zòn franch, boujwazi endistriyèl ak agrikòl la epi grandon/pwopritè fonsye yo. Boujwazi biwokratik la itilize plas yo okipe nan leta a pou fè akimilasyon kapital pou anrichi pwòp tèt yo.

    BOUJWAZI BIWOKRATIK LA SE PI GWO VÒLÒ KÈS LETA NAN PEYI A. Enben, se boujwazi biwokratik la kap fè e defè nan ekzekitif la, nan palman an, nan primati a, nan pouvwa jidisyè a, nan lapolis la, brèf, nan tout enstans leta yo.

    Si nou pa rive konpran 2 konsèp sila yo, boujwazi biwokratik la epi blòk opouvwa a, nou pap rive konprann anyen nan sa kap pase ni nan nivo ekonomik, ni nan nivo politik la nan peyi a. Fòk nou konprann se boujwazi biwokratik la ki gen plas ejemonik anndan blòk opouvwa a, sètadi, li gen wòl direksyon politik nan peyi a, men lap fonksyone ansanm ak tout lòt fraksyon nan boujwazi a ak grandon yo pou kraze peyi a ak pèp Ayisyen an anba dominasyon/okipasyon/titèl menm peyi kolon enperyalis yo.

    GWO PWOBLÈM AYITI AK PÈP AYISYEN AN SE ALYANS BLÒK OPOUVWA A ANBA DOMINASYON PEYI KOLON ENPERYALIS YO POU TOUFE PÈP AYISYEN AN. MEN LENMI KAN PÈP LA!!!

    Se sak fè nap ensiste tout simagri kap fèt nan palè, nan lachanm, nan primati, nan tout enstitisyon leta yo se rans; yo pap mennen okenn lòt kote ke nan kriz pi rèd, nan twou santi charongn la pi rèd.

    SÈL SOLISYON AN SE POU PÈP AYISYEN AN FÈ REVOLISYON AN POU LI VIN MÈT DESTEN LI SOU DIREKSYON YON LIDÈCHIP PWOLETARYEN.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.